Ensekirite: 326 moun viktim kidnapin pandan 3 dènye mwa ki sot pase yo

CARDH (Centre d’analyse et de recherche en droit de l’homme/ Sant analiz ak rechèch sou dwa moun) anonse li konte 326 ka kidnapin soti mwa avril rive fen mwa jen ane sa. Soti janvye rive fen mas, se 225 ka kidnapin li te resanse.

Crédit Photo: vantbefinfo.com
Ensekirite: 326 moun viktim kidnapin pandan 3 dènye mwa ki sot pase yo

Ensekirite a kontinye ap vale teren nan peyi a. Bandi san fwa ni lwa ak gwo zam fann fwa nan men yo kontinye ap simen latwoublay epi retire lajwa nan figi sitwayen pezib. Lè yo pa fè moun kouri akoz kout zam k ap chante nan batay pou elaji teritwa yo. Bandi gran chimen sa yo pran plezi vòlè, touye, vyole moun. Depi kèk tan, yo vin antre nan kenbe moun epi egzije fanmiy yo bay anpil lajan pou yo lage yo, sa yo rele kidnapin nan. Chak jou kantite moun ki viktim move zak sa ap ogmante. Pandan otorite yo rete 2 bra balanse. Kèk viktwa lapolis rive ranpòte vin pa vle di anyen devan kantite zak bandi yo fè chak jou nan peyi a, an patikilye nan zòn ki tou pre Pòtoprens, premye vil peyi a.

Se konsa, dapre rapò l ki soti ayè 30 jen an, pa rapò a premye trimès ane a (soti mwa janvye rive mwa mas), kantite kidnapin yo ogmante jiska 44,48%. Cellule d’observation de la criminalité (COC) (Gwoup kap founi je gade aktivite kriminèl) ki nan sant la rive resanse 326 ka kidnapin nan peyi a. 290 nan viktim yo se ayisyen epi 36 lòt se etranje ki soti nan 9 peyi diferan. Pou 3 premye mwa nan ane a, se 225 ka kidnapin yo te konte.

Si se senpman 53 ka kidnapin yo te resanse pou mwa avril la, bagay yo pral chavire pandan mwa me ak jen. CARDH revele yo konte 118 pou mwa me a epi 155 pou mwa jen an. Fanmiy moun yo kidnape yo oblije bay gwo lajan pou yo lage pwòch yo a. Pafwa se sa yo rive posede apre plizyè dizèn ane sakrifis yo oblije vann. Gen fanmiy tou ki prete lajan yo pap ka fin remèt jouk yo mouri.

Gen kèk ka, malgre lajan bay yo pa libere moun nan e kidnapè yo mande plis. Se sa ki rive Rony Dumont bandi kidnape depi 13 jen pase a. Malgre fanmiy li bay yo lajan a 3 repriz yo pa janm libere l pou li al jwenn fanmiy li.

Sous:

https://laquestionnews.com/326-cas-de-kidnapping-enregistres-au-cours-du-deux-trimestres-de-lannee-en-cours-selon-le-cardh/

 

Annie FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème