Gouvènman an pa ekate posiblite pou ogmante pri gaz la
Minis Ekonomi ak Finans lan, mouche Patrick Boisvert, deklare ayè jedi 30 jen 2022 a, li posib pou pri gaz la ogmante. Desizyon sa ap pèmèt gouvènman an sispann monte maswife akoz yon defisi plizyè milya goud li fè chak mwa nan sibvansyone gaz.

Popilasyon an ap monte yon mòn pa do. Anplis ensekirite, lavi chè, chomaj elatriye ki ap vale teren nan peyi a, depi plizyè mwa gaz ra nan ponp. Malgre otorite yo toujou anonse gen kagezon gaz ki vini nan peyi a, malgre chak jou yon bann kamyon gaz chaje kite tèminal yo, popilasyon nan kapital la tankou nan vil pwovens yo toujou oblije al goumen anba ponp pou jwenn yon galon oubyen pran liy me longè. Sa ki chwazi achte l nan lari oblije peye galon an souvan pou 4 fwa pri li vann nan ponp yo. Anpil sitwayen t ap mande otorite nan Leta yo pou aji sou pwoblèm sa, apre Direktè BMPAD la ki toujou ap di gen gaz, tout lòt gran toryan nan Leta yo te rete bèkèkè. Ayè, Minis Finans la, montre l pa bèbè.
Moun ki te espere sitiyasyon an pral retounen kòm sa dwa yo pran yon move pataswèl ak deklarasyon Mouche Patrick Boisvert a. Minis Ekonomi ak Finans la, te pale klè tankou dlo kokoye. Li anonse, yon lòt fwa ankò, Leta ka oblije monte pri gaz la depi kondisyon yo reyini.
Dapre Minis la, se ak anpil kè sere Leta ap pran desizyon sa. Se akoz kontrent otorite yo ap aji konsa. "Pafwa Leta oblije bay jiska 9 milya goud kòm sibvansyon sou gaz la. Sa ki vin tounen yon chay ki twò lou pou trezò piblik la" dapre sa Minis la fè konnen.
''Chak mwa gouvènman an oblije debloke ant 7 a 9 milya goud kòm sibvansyon gaz. Nou pa ka aksèpte sitiyasyon'' te pousib minis ekonomi ak finans lan pandan l te pwofite presize se ti kras pa ti kras yo pral ogmante pri gaz la.
Rèsponsab ministè te pwofite fè konnen gen dispozisyon ki ap pran pou ede moun ki pi vilnerab yo san l pa bay detay sou kijan ni kòman sa pral fèt.
Marckendy DORSAINVIL
- Pri
- Gaz
- Ogmantasyon
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Lutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
Aktyèlman, plis pase yon milyon kretyen vivan ki rete nan zòn metwopòl Pòtoprens lan nan ensekirite alimantè. Sitiyasyon...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:03 PM • Annie Francois • 2 min de lectureManb konsèy sekirite nasyon zini yo poko ka atann yo sou manda BINUH an
Manda BINUH ap bout jodi a. Jiskaprezan manm konsèy sekirite yo poko ka antann yo. Lachin li menm te pran inisyativ mand...
Publié le 15 juillet 2022, à 05:57 PM • Paul Martial • 2 min de lecture''Joseph Félix BADIO reçoit la protection des dirigeants de l'État'' dénonce Pierre ESPÉRANCE
"Alors qu'il est activement recherché par la Police nationale d'Haïti (PNH) pour son implication présumée dans le dossie...
Publié le 12 juillet 2022, à 09:04 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lecturePort-de-Paix : l'ancien CG Michelet VIRGILE arrêté!
Des agents de la Direction centrale de la police judiciaire (DCPJ) ont procédé, ce mardi 12 juillet 2022, à l'arrestatio...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:55 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureSur terre comme sur mer, les gangs sèment la terreur
Des hommes armés ont attaqué, le lundi 11 juillet 2022, un bateau transportant des véhicules contenant des produits au t...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:33 PM • Annie Francois • 2 min de lectureAffrontements des gangs à Cité Soleil : le Terminal de Varreux totalement paralysé
Les gangs rivaux s'affrontent depuis plusieurs jours dans le plus gros bidonville du pays. Cette guerre meurtrière a occ...
Publié le 11 juillet 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.