Dosye kagezon bal Pòdepè : lapolis arete, lajistis libere
Moun Pòdepè an patikilye vale yon bout siga tou limen lè yo aprann Komisè Gouvènman nan Pòdepè a, Mèt Michelet Virgile deside libere 2 moun lapolis te arete apre ajan ladwàn yo te fin twouve yon kagezon bal nan yon batiman. Se pa premye fwa Komisè a lage moun lapolis arete nan dosye louch dapre enfòmasyon k’ap sikile.

Vandredi premye jiyè pase a, lapolis ak ajan ladwàn nan waf Pòdepè te mennen yon operasyon. Apre polisye yo t’al fouye kay Edy Lafrance, otorite yo te rive sezi 120,000 katouch. Pami yo te genyen 157 kès (114,000 bal) kalib 5.56 pou zam lagè tankou AR15 ak M16, 2,000 katouch kalib 9 milimèt epi 4,000 kalib 7.62 yo mete nan AK-47 ak AKM-59.
Pandan menm operasyon sa, lapolis te rive sezi 2 9milimèt, yon 38, 30 chajè ak 20 etwi Ak-47. Otorite yo te jwenn 3,890 dola ameriken epi 814,343 Goud tou.
Komisè gouvènman an nan Pòdepè, Mét Michelet Virgile te deside mete nan prizon Mouche Edy Lafrance epi Fritz Jean Relus, ki te vin pran yon pati nan kagezon an pou konplisite nan trafik ilegal zam. Mèkredi 6 jiyè pase, tout moun te sezi aprann menm komisè sa deside lage mesye sa yo.
Jiskaprezan poko gen anyen ki di ofisyèlman sou dosye sa men Metronome raple nou menm Komisè sa te deside lage, nan mwa avril, yon prezime kidnapè ki te touye yon polisye. Apre liberasyon li, dapre sa menm medya a di, bandi sa retounen nan baz li al fè menm vye aksyon yo.
Dosye kagezon bal sa nan Pòdpe pa depaman ak anpil lòt ki pase nan peyi a. Se toujou menm bagay la, lapolis arete, otorite nan Leta, avoka, jij oubyen komisè lage. Pèp la li menm pa manje pwa men li oblije bay lapire.
Sous:
Annie FRANÇOIS
- Kagezon bal
- Pòdepè
- Edy Lafrance
- Fritz Jean Relus
- Michelet Virgile
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Lutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
Aktyèlman, plis pase yon milyon kretyen vivan ki rete nan zòn metwopòl Pòtoprens lan nan ensekirite alimantè. Sitiyasyon...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:03 PM • Annie Francois • 2 min de lectureManb konsèy sekirite nasyon zini yo poko ka atann yo sou manda BINUH an
Manda BINUH ap bout jodi a. Jiskaprezan manm konsèy sekirite yo poko ka antann yo. Lachin li menm te pran inisyativ mand...
Publié le 15 juillet 2022, à 05:57 PM • Paul Martial • 2 min de lecture''Joseph Félix BADIO reçoit la protection des dirigeants de l'État'' dénonce Pierre ESPÉRANCE
"Alors qu'il est activement recherché par la Police nationale d'Haïti (PNH) pour son implication présumée dans le dossie...
Publié le 12 juillet 2022, à 09:04 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lecturePort-de-Paix : l'ancien CG Michelet VIRGILE arrêté!
Des agents de la Direction centrale de la police judiciaire (DCPJ) ont procédé, ce mardi 12 juillet 2022, à l'arrestatio...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:55 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureSur terre comme sur mer, les gangs sèment la terreur
Des hommes armés ont attaqué, le lundi 11 juillet 2022, un bateau transportant des véhicules contenant des produits au t...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:33 PM • Annie Francois • 2 min de lectureAffrontements des gangs à Cité Soleil : le Terminal de Varreux totalement paralysé
Les gangs rivaux s'affrontent depuis plusieurs jours dans le plus gros bidonville du pays. Cette guerre meurtrière a occ...
Publié le 11 juillet 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.