Ariel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofite raple tout moun li p ap lage lamayòt la toutotan pèp la, atravè eleksyon, pa chwazi kiyès ki pral dirije l.

2 jou avan yo asasinen l, Prezidan Jovenel Moïse te nonmen Ariel Henry Premye Minis. Doktè sa yo te prezante kòm moun ki gen bon relasyon ak Babekyou, chèf federasyon gwoup gang ki rele G-9 an Fanmiy e alye, a te gen pou misyon pou l ka mete sou pye yon gouvènman kote plizyè gwoup nan sosyete a t ap reprezante, rezoud pwoblèm ensekirite a epi akonpanye konsèy elektoral ki te an plas la pou fè eleksyon. Yon ane apre se rèl kay Makorèl.
20 jiyè pase a, PM nan, nan yon ti bat bouch ak nasyon an, te pwofite raple tout moun misyon gouvènman li ap dirije a. "M ap fè tout moun sonje, misyon gouvènman m gen onè ap dirije a se kreye kondisyon pou eleksyon onèt, transparant epi demokratik rive fèt, pou pase pouvwa a nan tan ki pi kout posib la, bay moun majorite ayisyen ak ayisyèn ap chwazi" se sa PM nan te deklare san fè wout kwochi.
Li te tou kontinye envite tout sektè vin chita diskite ansanm pou jwenn solisyon a pwoblèm k ap brase bil peyi a. "Mwen kwè dyalòg se pi bon zouti pou rezoud pwoblèm politik yo. Se wout ke m chwazi a jiskaprezan, e m pa gen lide kite l. Yon dyalòg fran epi sensè ant tout sektè lavi nasyonal la. Sèlman bandi pa ladan l. M espere chak moun ap konprann sa epi ap kontribye ak bòn fwa epi volonte pou li abouti. Nou oblije mete sou yon menm tab pati politik yo, men tou aktè ekonomik ak sosyal yo pou n bati ansanm yon pwojè nasyonal pou Ayiti nou vle kite pou pitit ak pitit pitit nou" te raple PM nan pandan l te pwofite fè konnen dyalòg sa pa dwe yon okazyon pou pèdi tan nan diskisyon ki pal pitit anyen epi k ap fè soufrans pèp la dire plis menm jan ak enstabilite sa ki la depi kèk tan an.
"Mwen konnen premye bagay konpatriyòt mwen yo vle se pou sekirite retounen tabli nan peyi a. Gouvènman nan ap travay san pran souf. Ak èd lapolis la, nou kòmanse jwenn kèk rezilta" te pouswiv PM nan ki te tou pwofite salye entelijans ak matirite popilasyon an ki konprann gouvènman an oblije monte pri gaz la. PM nan pa t pran tan prezante bilan sa li fè pandan ane li sot pase sou pouvwa a.
N ap raple PM Ariel Henry te nome 5 jiyè men se finalman 20 jiyè li te rive enstale nan tèt gouvènman an. Jounen jodia, san poko gen konsèy elektoral ni dekrè elektoral, PM nan di se moun k ap soti nan eleksyon l ap remèt pouvwa a. Dapre kèk aktè ki abitye patisipe nan reyalize eleksyon isit, si PM nan rete sou pozisyon l, se 7 fevriye 2024 pou pi bonè l ap kite pouvwa a.
Annie FRANÇOIS
- Ariel Henry, audace? En-veux-tu, en voilà...
- Ekonomi: Bilan yon ane Ariel Henry, se apse sou klou
- Politique : Moïse Jean-Charles fait commerce de ses charmes
- Mouche Ariel ou p ap dirije anyen, se pa move nouvèl ?
- Les États-unis croient qu'Ariel Henry peut organiser les élections
- Ariel, kote fig la?
- Ariel Henry: l'héritier d'une dictature absolue
A lire aussi
- Ariel Henry
- 1 an
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Lutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureDapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
Aktyèlman, plis pase yon milyon kretyen vivan ki rete nan zòn metwopòl Pòtoprens lan nan ensekirite alimantè. Sitiyasyon...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:03 PM • Annie Francois • 2 min de lectureManb konsèy sekirite nasyon zini yo poko ka atann yo sou manda BINUH an
Manda BINUH ap bout jodi a. Jiskaprezan manm konsèy sekirite yo poko ka antann yo. Lachin li menm te pran inisyativ mand...
Publié le 15 juillet 2022, à 05:57 PM • Paul Martial • 2 min de lecture''Joseph Félix BADIO reçoit la protection des dirigeants de l'État'' dénonce Pierre ESPÉRANCE
"Alors qu'il est activement recherché par la Police nationale d'Haïti (PNH) pour son implication présumée dans le dossie...
Publié le 12 juillet 2022, à 09:04 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lecturePort-de-Paix : l'ancien CG Michelet VIRGILE arrêté!
Des agents de la Direction centrale de la police judiciaire (DCPJ) ont procédé, ce mardi 12 juillet 2022, à l'arrestatio...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:55 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureSur terre comme sur mer, les gangs sèment la terreur
Des hommes armés ont attaqué, le lundi 11 juillet 2022, un bateau transportant des véhicules contenant des produits au t...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:33 PM • Annie Francois • 2 min de lectureAffrontements des gangs à Cité Soleil : le Terminal de Varreux totalement paralysé
Les gangs rivaux s'affrontent depuis plusieurs jours dans le plus gros bidonville du pays. Cette guerre meurtrière a occ...
Publié le 11 juillet 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureTrafic d'armes et de munitions à Port de Paix : Me Michelet Virgile avait justifié la libération des deux personnes arrêtées
La décision du Commissaire du gouvernement de procéder à la libération des deux individus arrêtés pour trafic illicite d...
Publié le 11 juillet 2022, à 07:15 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.