Otorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance/Tribinal premye enstans) Kwadèboukè a, CSPJ deside retire li nan komin sa bandi ta sanble achte lajan kontan.

CSPJ (Conseil du pouvoir judiciaire/Konsèy siperyè pouvwa jidisyè) a bay otorizasyon l pou yo voye TPI Kwadèboukè a nan yon lòt lokal. Sekretarya enstitisyon sa ki administre, kontwole, mete disiplin epi delibere nan pouvwa jidisyè a enfòme tout moun aktivite ki te konn fèt nan TPI Kwadèboukè a ap fèt konnya nan lokal bibliyotèk minisipal Taba a.
''Dezomè epi jiska yon lòt lòd, avoka, jij, pèsonèl jidisyè, jistisyab yo ansanm ak piblik la an jeneral dwe konnen tout aktivite jidisyè TPI Kwadèboukè a ap fèt nan yon espas ki marande ak sa nan bibliyotèk minisipal Taba" se sa, Mèt Jean Robert CONSTANT, sekretè teknik CSPJ presize.
Desizyon sa se repons a lèt yo te ekri CSPJ a nan dat 5 jiyè 2022. Dispozisyon pou yon ti tan sa pran nan lide pou pwoteje lavi ak byen tout moun ki te konn frekante espas sa nan Kwadèboukè. Bandi 400 Marozo te atake epi boule Pakè Kwadèboukè a apre lapolis te fin al mennen operasyon nan baz yo. Depi avan zak sa, akoz ensekirite pa te konn vrèman gen aktivite nan espas la. Konnya, chèf jiridiskyon sa, Mèt Grecia NORCEUS ka reyalize tout aktivite jidisyè yo.
TPI yo jwe yon gwo wòl nan sistèm jidisyè ayisyen. Se la yo tranche litij ki gen pou wè ak zafè sivil, komèsyal, maritim ak kriminèl. Pafwa TPI a chita tou sou santans yon jij de pè te pwononse. Chak TPI travay nan tèt kole ak yon Pakè ki tabli tou pre l. Nou genyen 18 TPI nan peyi a, yonn pou chak jiridiskyon jidisyè.
Annie FRANÇOIS
- Ane jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
- Vivons dans la peur, dansons dans la merde et pour le reste on s’en fout
A lire aussi
- Kwadèboukè
- TPI
- Delokalozasyon
- CSPJ
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Lutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
Aktyèlman, plis pase yon milyon kretyen vivan ki rete nan zòn metwopòl Pòtoprens lan nan ensekirite alimantè. Sitiyasyon...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:03 PM • Annie Francois • 2 min de lectureManb konsèy sekirite nasyon zini yo poko ka atann yo sou manda BINUH an
Manda BINUH ap bout jodi a. Jiskaprezan manm konsèy sekirite yo poko ka antann yo. Lachin li menm te pran inisyativ mand...
Publié le 15 juillet 2022, à 05:57 PM • Paul Martial • 2 min de lecture''Joseph Félix BADIO reçoit la protection des dirigeants de l'État'' dénonce Pierre ESPÉRANCE
"Alors qu'il est activement recherché par la Police nationale d'Haïti (PNH) pour son implication présumée dans le dossie...
Publié le 12 juillet 2022, à 09:04 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lecturePort-de-Paix : l'ancien CG Michelet VIRGILE arrêté!
Des agents de la Direction centrale de la police judiciaire (DCPJ) ont procédé, ce mardi 12 juillet 2022, à l'arrestatio...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:55 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureSur terre comme sur mer, les gangs sèment la terreur
Des hommes armés ont attaqué, le lundi 11 juillet 2022, un bateau transportant des véhicules contenant des produits au t...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:33 PM • Annie Francois • 2 min de lectureAffrontements des gangs à Cité Soleil : le Terminal de Varreux totalement paralysé
Les gangs rivaux s'affrontent depuis plusieurs jours dans le plus gros bidonville du pays. Cette guerre meurtrière a occ...
Publié le 11 juillet 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureTrafic d'armes et de munitions à Port de Paix : Me Michelet Virgile avait justifié la libération des deux personnes arrêtées
La décision du Commissaire du gouvernement de procéder à la libération des deux individus arrêtés pour trafic illicite d...
Publié le 11 juillet 2022, à 07:15 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.