« Aksyon Komisè Gouvènman Okap la raple m peryòd Tonton Makout yo », Mèt Samuel Madistin
Nouvo Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, lakoz yon pakèt pale anpil sou rezo sosyal yo 3 semèn apre enstalasyon l. Nan kèk bout videyo ak foto, nou dekouvri Komisè a akonpanye ak lapolis ki ap koupe cheve jenn gason yo kwaze sou wout yo. Yon zak abitrè Fondasyon Je Klere kondane.

Lendi 10 jiyè 2023 a, apre 2 lane nan Pakè Gran Rivyè, Mèt Durand Charles Edouard enstale kòm Komisè Gouvènman Okap. Nouvo Komisè a ki te frape lèstomak li pou reyalizasyon l nan ansyen pòs li a te fè konnen li pral goumen kont 2 pwoblèm nan Okap : detansyon prevantiv pwolonje ak pratik vòlè tè sa nou rele dechoukaj la. 3 semèn apre, Komisè a ap fè pale de li. Se pa paske l travay pou redwi kantite moun ki nan sitiyasyon detansyon prevantiv pwolonje, ni mete moun ki nan rezo dechoukè tè dèyè bawo. Komisè a pa t non plis konbat biznis k ap anpeche moun dòmi lannuit akow mizik byen fò. Okenn nan sa yo.
Komisè a akonpapanye ak kèk ajan Lapolis epi BSAP te pran lari a. Nan videyo ak foto k ap sikile yo, nou remake l ak sizo nan men l epi k ap koupe cheve jenn gason ki trese. Aksyon sa te lakoz anpil tole kote gen moun ki t ap di se malere Komisè a ap fè sa sèlman. Li p ap fè moun ki nan machin zak sa, dapre yo. Devan kòlè ak endinyasyon zak sa te lakoz, Redaksyon jounal la, te kouri kontakte Prezidan Fondasyon Je Klere, Mèt Samuel Madistin, pou ta konnen de ki prevyen de ki mannigans Komisè a ap aji konsa.
Mèt Madistin, te mete pwen sou "I" epi pote eklèsisman sou zak Komisè a ki, dapre li, pa gen anyen pou wè ak lalwa ! « Sa Komisè Gouvènman an fè a se yon zak abitrè nan sans kote sa pa antre nan atribisyon l kòm Komisè Gouvènman. Atribisyon l yo se lalwa ki detèmine yo. Lalwa pa pèmèt li aji konsa. Lalwa pa entèdi pou jenn gason gen cheve long, pou yo fè djwed tankou rasta. Lalwa pa entèdi sa, Komisè Gouvènman an p ap ekzekite lalwa, li p ap ekzekite yon desizyon jistis, kidonk li fè yon zak abitrè » te deklare Mèt Madistin.
Ajisman Komisè a fè Mèt la sonje yon move moman nan listwa peyi nou, yon moman kote anpil dlo ak san te koule. « Etranjman sa Komisè a fè a raple m peryòd Divalye yo, peryòd Tonton Makout yo kote efektivman Tonton Makout yo konn fè ekzakteman sa Komisè Gouvènman Okap la fè a. Se yon zak nou pa ka aksèpte » te pousib defansè Dwa Moun nan ki te tou pwofite atire atansyon sou gravite zak la. Dapre Prezidan FJKL la « se yon tantasyon pou retounen ak yon seri ansyen pratik, yon seri pratik ki makonnen ak diktati. Nou remake tandans sa ap vin pi plis nan Pakè yo. Ebyen, nou dwe retounen nan peryòd kote se lalwa k ap kòmande pou Majistra yo, pou otorite yo aji ekzakteman nan respè lalwa ». Boutofen, Mèt Madistin te fè konnen « Fondasyon Je Klere kondane entèvansyon sa Komisè Gouvènman Okap la fè a ».
Dapre lwa peyi a, djòb yon Komisè Gouvènman se : veye pou lalwa aplike epi rèspèkte ; asire l enterè sosyete a rèspèkte ; egzèse pouvwa jidisyè a ak sibtiti yo ; jwe wòl majò jon aksyon piblik, elatriye. Tankou tout ofisye lapolis jidisyè, Komisè a jwe yon gwo wòl nan chèche zak moun fè ki pa danse kole ak lalwa.
Konbyen Komisè Gouvènman ki rete nan limit lalwa bay yo ? Si moun ki la pou fè rèspèkte lalwa pran plezi vyole l nan kisa n pran la ? Tout moun se moun devan lalwa !
Stevens JEAN FRANCOIS
- « M pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon », Mèt Durand Charles Edouard
- Pourquoi les organisations de défense des droits humains n'ont que des fonctionnaires de l'État dans leur viseur?
- « Port-au-Prince est redevenu le Port au Crime! » Dixit la FJKL
- Désaccord sur la possibilité pour l’Exécutif de pourvoir au remplacement des Juges renvoyés à la retraite à la Cour de Cassation: Me Samuel Madistin fait valoir ses arguments
- Dossier Arnel Joseph : Me Samuel Madistin réagit sur les révélations de Valéry Numa
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
Dosye kannal la tounen yon patat cho nan men pouvwa dominiken an. Nan echanj ak laprès LA Semanal, Prezidan Luis Abinade...
Publié il y a 8 heures • Stevens Jean François • 3 min de lectureForce onusienne : le MOPOD rappelle ce dont Haïti a besoin
Le Mouvement populaire patriotique dessalinien comme d’autre structures et personnalités a fixé ses positions sur le dép...
Publié le 24 août 2023, à 10:31 AM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureDéploiement d’une force internationale en Haïti : la population a tranché !
Plus de 60 % de la population est d’accord que la PNH a besoin de l’appui d’une force internationale. C’est ce qu’a révé...
Publié le 10 août 2023, à 03:21 PM • Paul Martial • 3 min de lecture« M pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon », Mèt Durand Charles Edouard
Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, pa t pran tan pou fè limyè sou videyo ki t ap sikile yo. Li rekonè...
Publié le 7 août 2023, à 02:14 PM • Stevens Jean François • 5 min de lectureInsécurité à Pilate et Limbé : la structure "Les Christophiens en Marche" attend toujours des actions concrètes de la PNH-Nord
Le climat sécuritaire s'est détérioré à Pilate et Limbé, deux communes du département du Nord. Assassinats, vols, viols...
Publié le 31 juillet 2023, à 02:55 PM • Annie Francois • 3 min de lectureLutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
Aktyèlman, plis pase yon milyon kretyen vivan ki rete nan zòn metwopòl Pòtoprens lan nan ensekirite alimantè. Sitiyasyon...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:03 PM • Annie Francois • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.