Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
Dosye kannal la tounen yon patat cho nan men pouvwa dominiken an. Nan echanj ak laprès LA Semanal, Prezidan Luis Abinader te oblije jistifye desizyon li pran pou fèmen fwontyè a. Sa ki lakoz dominiken ap pèdi anpil lajan. Li te tou fè konnen pouvwa a ap etidye plizyè opsyon pou ta fè ayisyen yo pa jwenn dlo nan kannal la.

Wikenn ki sot pase a, Prezidans Repliblik Dominikèn anonse enstalasyon 3 ponp pou rale dlo nan rivyè Masak la. Yo mete ponp sa yo yon ti kras pi wo kannal ayisyen yo ap konstwi a. Dapre sa yo deklare ponp sa yo, ki ka rale 3 mil a 6 mil 5 san gallon dlo nan rivyè a, ap ede yo garanti moun k ap plante lakay yo jwenn dlo pou jaden yo. Apre reyaktivasyon kannal La Vigia, pouvwa dominiken an kontinye ap pran dispozisyon pou redwi kantite dlo kannal konpatriyòt ayisyen yo ap konstwi pou jwenn dlo pou wouze 3 mil ekta tè nan plèn Maribawou. Apre sa Luis Abinader te deklare nan LA Semanal 25 septanm ki sot pase a, sa nou wè la ka poko anyen.
Pou kenbe angajman l pou gen yon dyalòg ak sitwayen yo, pouvwa dominiken an mete sou pye yon platfòm komikikasyon tou nèf « LA Semanal ak laprès » ki se yon espas kote Luis Abinader fè yon bat bouch ak laprès. Nan Salòn de Las Cariàtides, chak lendi a 4 trè 30 nan apremidi, Prezidan dominiken an bay jounalis yo randevou. Jou ki te 25 septanm nan, dosye kannal la domine randevou sa. Patisipan yo pa t nan tete lang ak Prezidan an.
Patisipan pa t rive konprann desizyon gouvènmn an pou kreye konfli nan nivo sa pou yon rivyè ki pa bay anpil dlo pandan 9 mwa nan ane. Colombia Alcantara ki ap travay nan «Una nueva mañana», yon emisyon ki pase soti lendi pou rive vandredi nan Teleradio América, te ale pi lwen li menm. Li pat manke atire atansyon sou kokenn chenn solidarite ayisyen yo rive devlope sou koze kannal la : « Nan anpil bagay, ayisyen yo pa janm mete tèt yo ansanm. Men, fwa sa atis yo, moun nan diaspora a, anpil gwoup nan sosyete a epi otorite yo, pami yo Premye Minis la, mete ansanm pou fè kannal la». Li te pousib pou fè konnen nan emisyon l la, gen yon jounalis ki fè revele komite ki responsab pou fè kannal la anonse yo ap inogire l 18 novanm. Pa rapò a enfòmasyon sa yo, li te mande prezidan an kisa Repiblik Dominikèn pral fè ? Li te retounen sou plan ki te anonse pou soutni biznisman yo pandan l te raple Prezidan an fwontè pa ka ret fèmen pou tout tan paske Ayiti se yonn nan pi gwo patnè komèsyal ladominikani.
Prezidan Luis Abinader te reponn konsa «Tande m Colombia, m ap repete menm bagay m sot di a. Nou pran kèk mezi ijans […] si nou kakab devye dlo a yo pral jwenn yon ti kras dlo. Lè sa li pral difisil pou yo reyalize plan yo gen pou yo jwenn dlo nan kannal yo a». Kèk jou apre Luis Abinader fin fè deklarasyon sa 3 ponp entale nan rivyè a sou tèt kannal ayisyen yo ap bati a. Eske li ap rive nan pran desizyon pou devye rivyè a ? Si sa fèt ki repons Ayiti ap ka bay ?
Tankou Pè Toma nou pa ka di n ap sib, kannal la p ap kanpe, nou klè sou sa. Men, pandanstan fòk nou defini estrateji epi chèche mwayen pou dlo kannal la rive Maribawou.
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Fondasyon Zanmi Timoun p ap bese bra l
- Veye Jèvilòm!
- Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
- Sa nou bay pòv se Bondye nou prete l
- Ariel chanpyon!
- Pral gen kouri?
- Ayiti pran nan konplo! Zòt rayi li pou endepandans 1804
A lire aussi
- Kannal
- Rivyè Masak
- Ayiti
- Repiblik dominikèn
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Fondasyon Zanmi Timoun p ap bese bra l
Ensekirite k ap vale teren nan plizyè zòn nan peyi a vin met apse sou klou. Sitiyasyon malouk sa gen gwo konsekans sou l...
Publié le 13 octobre 2023, à 02:33 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureForce onusienne : le MOPOD rappelle ce dont Haïti a besoin
Le Mouvement populaire patriotique dessalinien comme d’autre structures et personnalités a fixé ses positions sur le dép...
Publié le 24 août 2023, à 10:31 AM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureDéploiement d’une force internationale en Haïti : la population a tranché !
Plus de 60 % de la population est d’accord que la PNH a besoin de l’appui d’une force internationale. C’est ce qu’a révé...
Publié le 10 août 2023, à 03:21 PM • Paul Martial • 3 min de lecture« M pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon », Mèt Durand Charles Edouard
Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, pa t pran tan pou fè limyè sou videyo ki t ap sikile yo. Li rekonè...
Publié le 7 août 2023, à 02:14 PM • Stevens Jean François • 5 min de lecture« Aksyon Komisè Gouvènman Okap la raple m peryòd Tonton Makout yo », Mèt Samuel Madistin
Nouvo Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, lakoz yon pakèt pale anpil sou rezo sosyal yo 3 semèn apre e...
Publié le 4 août 2023, à 05:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureInsécurité à Pilate et Limbé : la structure "Les Christophiens en Marche" attend toujours des actions concrètes de la PNH-Nord
Le climat sécuritaire s'est détérioré à Pilate et Limbé, deux communes du département du Nord. Assassinats, vols, viols...
Publié le 31 juillet 2023, à 02:55 PM • Annie Francois • 3 min de lectureLutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.