Pòdepè: ti bwa k ap pete je n nan?
Yon bann moun te konn ap ri ladwann Pòdepè, sitou lè yo tonbe sou videyo kote se sou kannòt yo ap dedwane machin. Pa gen anpil nan yo yo pa t janm panse gen kantite zam ak minisyon ki pase la tou. Jiskaske ajan dwanye yo ak lapolis kòmanse sezi kèk kagezon.

Anpil moun te sezi lè yo te tande ajan dwanye yo ak lapolis nan yon tèt kole rive fè yon operasyon kote otorite lajistis yo sezi 120 000 bal. Se pa sèlman sa yo te sezi jou ki te premye jiyè pase a, yo te sezi 2 zam 9 milimèt, yon 38, 30 chaje epi 20 pòch pou mete AK-47. Yo te jwenn plizyè mil dola ameriken ak goud tou. Pou sa ki gen pou wè ak 120 mil katouch la yo te separe konsa: 114 000 kalib 5.6, 4 000 kalib 7.62 kidonk 118 mil bal pou gwo zam lagè epi rès 4 mil la te pou 9 milimèt). Dosye sa poko sispann paske menm si Komisè gouvènman Michelet Virgile jwenn arestasyon epi lajistis mete manda dèyè Fritz Aubourg, ansyen Direktè Adjwen afè jidisyè nan Ministè jistis ak sekirite piblik, ki pa ka kite peyi a. Konsa tou otorite yo te kontinye travay apre gwo sezi sa.
Kèk jou apre Komisè Virgile te fin deside lage moun yo te arete nan dosye kagezon sa, lapolis ak ladwann ta pral fè yon gwo kou. Lapolis bò kote pa l sezi 25 mil katouch nan yon machin ki ta prale Pòtoprens. Ajan ladwann yo bò kote pa yo, yon ti tan apre te tonbe sou yon lót kagezon zam nan yon bato dapre sa Rezolatibonit te fè konnen.
Ayè jedi 21 jiyè a, ajan ladwann yo jwenn lòt kagezon ankò. Yo jwenn 7 pistolè (2 9 millimèt, 4 40 epi yon 38), 434 katouch (197 katouch 9 milimèt, 182 katouch 40 epi 55 katouch 38). Yo te jwenn tou 2 chajè 9 milimèt epi 4 chajè 40.
Ak bout zong yo, san ekipman modèn ki apwopriye ajan dwanye yo rive jwenn tout sa yo. Si yo te gen ekipman an plis volonte yo menm? Men tou, pa rapò a kantite minisyon ki jwenn yo, nou oblije mande tèt nou si se pa nan ladwann Pòdepè anpil zam ak minisyon ki mete dlo nan je popilasyon an te pase?
Paul MARTIAL
- Ensekirite
- Trafik zam ak Bal
- Pòdepè
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
13 ans après le passage du séisme du 12 janvier 2010, où en est-on?
En janvier 2010, le pays dans sa quasi-totalité avait été secoué par un violent tremblement de terre de magnitude 7.3, o...
Publié le 12 janvier 2023, à 11:38 AM • Jodel Pilate • 3 min de lectureLa déclaration de l'OEA, aveu d'impuissance ou mea-culpa ?
C'est l'Organisation des états américains (OEA) qui l'a dit cette fois : la communauté internationale n'est pas exempte...
Publié le 9 août 2022, à 12:54 PM • Paul Martial • 2 min de lectureGuerre au centre-ville de Port-au-Prince : un nouvel allié accidentel aux gangs s'y mêle!
Au fil des ans, la Police Nationale d'Haïti devient une institution de plus en plus fragilisée... On connaît les mauvais...
Publié le 31 juillet 2022, à 07:34 AM • Etienne De Saint-Exil • 4 min de lectureDosye kagezon zam ak bal nan ladwann Pòtoprens: dokiman yo pale
Papye ajan ladwann Pòtoprens yo, pa marande ditou ak sa chak pati ki konsène yo ap di. Kòmkwa sa tout moun ap li a se ma...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:41 PM • Jodel Pilate • 3 min de lecturePolitique : Moïse Jean-Charles fait commerce de ses charmes
L'ancien adversaire farouche au régime du PHTK a enfin retrouvé sa voix! Il a annoncé son intention de mobiliser la popu...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:50 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureMouche Ariel ou p ap dirije anyen, se pa move nouvèl ?
Dirijan yon peyi gen pouvwa enfliyanse avni chak grenn moun k ap viv ladan l. Desizyon yo pran ka fè peyi a vin pi bon o...
Publié le 11 juillet 2022, à 07:41 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureAssassinat de Jovenel Moïse: un an après, que faut-il croire?
Le président Jovenel Moïse a été assassiné en sa résidence privée dans les hauteurs de Pétion-Ville dans la soirée du 6...
Publié le 7 juillet 2022, à 01:30 PM • Etienne De Saint-Exil • 2 min de lecturePlus de mystère : c'est Jovenel qui a assassiné le Président Moïse
Un an depuis que la République a appris que son 58ème Chef d'État a trouvé la mort, des zones d'ombres persistent. Le "t...
Publié le 7 juillet 2022, à 01:19 PM • Jojo Psycho • 3 min de lectureLe Palais de justice contrôlé par des gangs: Ariel en rit!
Depuis près de quinze jours, des membres de gangs armés occupent les locaux du Palais de justice de Port-au-Prince. Malg...
Publié le 30 juin 2022, à 09:01 AM • Jodel Pilate • 3 min de lectureLe 7 juillet est déclaré férié paradoxalement l'enquête est au point mort
Le 7 juillet prochain ramène le premier anniversaire de l'assassinat du Président Jovenel Moïse. Le Gouvernement s'accor...
Publié le 25 juin 2022, à 07:07 AM • Abigaelle Pierre • 1 min de lectureFin du mandat du BINUH, retour à la case départ?
Le mandat du BINUH arrive bientôt à expiration. Le Conseil de sécurité de l'ONU devra-t-il faire machine arrière et opte...
Publié le 16 juin 2022, à 09:15 PM • Marckendy Dorsainvil • 4 min de lectureAttaque contre le Palais de Justice : qui va laver cet affront?
Cinq jours après la prise de contrôle du Palais de Justice de la Capitale haïtienne par des bandits armés, la réponse ad...
Publié le 16 juin 2022, à 02:17 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureInsécurité : Port-de-Prince, ville conquise!
Pendant toute une année, le regard de la population s'est tournée vers la troisième circonscription de Port-au-Prince où...
Publié le 15 juin 2022, à 05:18 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureAttaque du Palais de justice: un symbole de plus de la déchéance de l'État
Des hommes lourdement armés identifiés comme des soldats d'IZO 5 ont tenté, vendredi dernier, de prendre le contrôle du...
Publié le 12 juin 2022, à 01:44 PM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel Henry est-il tombé en disgrâce?
Arrivé à la tête de la primature quelques semaines après l'assassinat de Jovenel Moise, Ariel Henry, que l'on croyait bé...
Publié le 10 juin 2022, à 07:15 PM • Paul Martial • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.