Vwayaj ak Iléus PAPILLON nan Lanmou p ap di w

Vwayaj ak Iléus PAPILLON nan Lanmou p ap di w

Annatandan piblik la rive apresye zèv tounèf sa Iléus PAPILLON ap gen pou prezante sou albòm li k ap rele "Twazyèm etènite" e k ap soti nan fen ane 2021 an, li deside bay nou yon goute. "Lanmou p ap di w", se yon ti wòch ravèt lotè SÈT PRIYÈ LARI a bay nou kòm zetrenn pou nou met sou kè nou.

Men yon lòsye nan "LANMOU P AP DI W!" natif Pòmago a kite pou nou:

M pèdi kat marenn mwen
M al renmen w nan cheve
Se vre lanmou se tèk bò wonn
Men 7 jou sou 7
2021 fwa
M ap anonse limanite
Kè m se bato avwal van desinen nan plamen tout fanm ki demi vyèj
Ki mele m lari foure dan nan yon powèm
M pote non w nan je chak etwal
M pote vwa w nan pye tout vil
M pote lonbraj ou nan tout mizik
Poudayè
Premye fwa nou bo peyi a te separe vètij li san mezire
Men
Sonje m di w cheri
Sa vil Okap sere pou nou
Lannuit pa ka vòlè l
M peche fraz tankou dlo bouch ou
Lè w pa la
M envante kò w selon tout volonte m
Kiyès ki te di mwen ak ou pa t ap ka lwe yon pati nan syèl la?
Antouka, chak maten nou reveye Bondje nan dòmi lè souf nou ap kwazeleyuit
Ofinal
Sanble
Tank n ap fè ekwasyon ak foli nou
Rale teyori desann nan fè pòtrè lalin
Trase modèl moun ki damou nan gout lapli
Se tank kè nou ap koud…

Iléus PAPILLON siyen powèm sa 3 janvye 2021. Pandan w ap kontinye apresye kalite zèv la, si w kwaze ak li, di Iléus, anpil moun nan Redaksyon an ta renmen konnen ki kote yo ap jwenn "fanm ki demi vyèj" yo.

Annie FRANÇOIS

Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Vive Tropicana!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème