BMPAD selebre Jounen mondyal liv ak dwa otè
Nan kad Jounen mondyal liv ak dwa otè yo 23 avril 2021 an, Bureau de Monétisation des Programmes d'Aides au Développement (BMPAD) òganize nan lokal li, Bèlvil, yon kozri espesyal pou anplwaye li yo sou tèm "Enpòtans liv ak lekti".
Se powèt Anivince JEAN BAPTISTE ki te prensipal entèvenan nan kad inisyativ sila a. Mèt liv Zo kanzo a fè konnen, li enpòtan pou yon moun li, men li pi enpòtan toujou pou moun nan konnen sa l ap li paske sa moun nan li se sa li ye. Nan lekti, nou ka dirije lespri yon pèp, selon prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la. Lekti fè nou reve, li fè nou wè lavi yon lòt jan, sou lòt ang. Lekti fè nou gade tèt nou pi byen. Lekti fè nou vwayaje ni nan tan ni nan espas. Nou ka chita Pòmago oubyen Monben Kwochi epi n ap vwayaje nan liv yon otè senegalè. Se pou sa, li enpòtan pou otè yo teni kont de lang pèp y ap ekri pou li a. Pou nou rive demokratize lekti tout bon, li nesesè pou nou dekri reyalite moun yo, men tou pèmèt moun yo konprann sa ki ekri pou yo epi sou yo. Anivince te pwofite pale tou enpòtans liv odyo yo genyen pou rive touche menm moun ki pa konn li.
Marie Danielle PIERRE CHARLES, yonn nan manm kominikasyon BMPAD pa te kache satisfaksyon li pou bèl aktivite sila a. Madam PIERRE CHARLES fè konnen, lekti ka fè nou vwayaje. E se paske lekti se yon sewòm pou lespri menm ki fè BMPAD wè chwazi make dat sila ak yon kozri sou enpòtans liv ak lekti.
Anplwaye yo te poze anpil kesyon. Majòjon ki t ap mennen kozri, Anivince, te reponn yo nan yon anbyans konvivyal. Tout moun te soti satisfè.
Edisyon Freda te pwofite okazyon an pou prezante dènye zèv otè a ki pote tit Géométrie de l'absence ki soti nan Edisyon Freda nan mwa fevriye 2021 an.
Si divès lòt enstitisyon nan Leta pa bay dat 23 avril la regle anyen pou yo, BMPAD ki gen nan tèt li Mesye Fils-Aimé Ignace SAINT FLEUR, nan kad echanj sila a, montre liv, lekti, koze lespri… gen gwo enpòtans nan sa ki gen pou wè ak devlòpman yon sosyete.
Observatoire Patrimoine ankouraje inisyativ sila.
Iléus PAPILLON
Pou Observatoire Patrimoine (OBPA)
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Le Compas toujours vainqueur !
Né au cœur de Port-au-Prince dans les années 1950, le Compas est devenu bien plus qu'un simple genre musical : un symbol...
Publié le 11 décembre 2025, à 01:40 PM • Christel Francois • 2 min de lectureAndré « Dadou » Pasquet, l’exigence musicale incarnée
Guitariste virtuose et figure majeure du konpa, Dadou Pasquet s’est éteint le 22 novembre, laissant une empreinte durabl...
Publié le 24 novembre 2025, à 01:48 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lecturePatrick Eugène réinvente le Lady Dior et fait rayonner Haïti dans le luxe mondial
Une nouvelle page s’écrit dans le rayonnement de la créativité haïtienne à travers l’artiste haïtiano-américain Patrick...
Publié le 24 novembre 2025, à 12:55 PM • Christel Francois • 2 min de lectureMélissa Queenie Sapini a besoin de nos votes
Haïti retrouve enfin la scène mondiale de Miss Univers grâce à Mélissa Queenie Sapini, une jeune femme inspirante, engag...
Publié le 17 novembre 2025, à 02:40 PM • Christel Francois • 2 min de lectureEntre passion et mélancolie, Pierre Jean Milien dévoile son « chef-d'œuvre »
Le 12 novembre dernier, l'artiste pierre Jean Milien a levé le voile sur son tout nouvel album intitulé « chef-d'œuvre »...
Publié le 17 novembre 2025, à 12:37 PM • Christel Francois • 2 min de lectureAnie Alerte enflamme une fois de plus les réseaux
Le 13 novembre 2025, la célèbre chanteuse haïtienne du groupe Zile a marqué les esprits en se produisant devant sa majes...
Publié le 17 novembre 2025, à 12:10 PM • Christel Francois • 57 sec de lectureThe Dangerous Seduction fait monter la température du cinéma haïtien
Le cinéma haïtien s’apprête à dévoiler The Dangerous Seduction, un thriller romantique porté par une distribution de pre...
Publié le 13 novembre 2025, à 02:42 PM • Christel Francois • 2 min de lectureRutshelle Guillaume : 12 ans d’émotion, une ère nouvelle pour une voix d’exception
La chanteuse haïtienne Rutshelle Guillaume célèbre ses 12 ans de carrière avec un nouvel album ambitieux intitulé « 12 E...
Publié le 13 novembre 2025, à 02:29 PM • Christel Francois • 2 min de lectureFesti Victory : le rendez-vous à ne pas manquer !
De la traversée de l’Atlantique à la Bataille de Vertières, les chants ont rythmé la vie de nos aïeux. Quand pleuvaient...
Publié le 11 novembre 2025, à 03:34 PM • Annie Francois • 53 sec de lectureVers la création d’un musée de l’Esclavage à Bois-Caïman : Une initiative du Comité National Route de l'Esclave
Le Comité National Route de l'Esclave (CNRE) a récemment entrepris une série d'activités socioculturelles à Cap-Haïtien,...
Publié le 9 septembre 2024, à 04:35 PM • Marckendy Dorsainvil • 3 min de lectureOKAP FLAVOUR is back!
L'événement autour de la diversité culturelle qu'offre la communauté du Cap-Haïtien est de retour. Du 15 au 19 août 2024...
Publié le 15 août 2024, à 07:05 PM • Annie Francois • 2 min de lectureÉtienne de Saint-Exil n'a pas chômé!
Étienne De Saint-Exil est un homme de parole! C'est ce qu'il est en train de confirmer. Chose promise, chose due : il es...
Publié le 9 août 2024, à 11:19 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureEtienne de Saint-Exil de retour au bercail
Après sa participation au Salon du Livre Confolens, en France, Étienne De Saint-Exil est revenu en Haïti souffler un peu...
Publié le 22 février 2024, à 02:17 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lecturePoètes en quête de sacre ? ACTIF attend vos créations
Timoun se moun ! Tel est le thème du concours de création poétique qu’ACTIF (Action Communautaire de Transformation, d’I...
Publié le 13 février 2024, à 02:57 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lectureSalon du livre et des arts du grand Nord: les dates sont connues
L'Observatoire du Patrimoine, organisateur de l'événement, a annoncé la nouvelle. La première édition du "Salon du livre...
Publié le 5 janvier 2024, à 03:06 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.