Aktivite ekonomik yo ralanti nan mond la, ki espwa pou Ayiti ki an mal makak depi 3 lane?
Ekonomi mondyal la pran anpil frap akoz kriz sanitè, politik elatriye. Sa lakoz li vin plis anba menas pou ta vin an resesyon ki vle di gen mwens aktivite dapre plizyè moun ki espesyalize nan domèn nan. Ayiti li menm ap viv sitiyasyon sa depi 3 lane. Nan kontèks sa, kisa nou ka espere pou katriyèm pi gwo to enflasyon nan rejyon Karayib ak Amerik la? Ekonomis Enomy GERMAIN pote eklèsisman.

Rive redrese ekonomi mondyal la rete yon gwo defi pou anpil peyi leve. Etazini, Linyon Ewopeyèn, Lachin, Japon elatriye.. tout gwo peyi, tout peyi ki gen gwo pwa nan ekonomi mondyal la ap fè fas a difikilte. Yo tout konfwonte ak yon ralantisman aktivite yo. Kòm konsekans, sa espesyalis yo rele "resesyon ekonomik" la epi yo te lanse sinyal alèt pou li depi kèk tan an sanble inevitab jounen jodia. Ekonomis Enomy GERMAIN pat manke atire atansyon popilasyon an sou sitiyasyon sa mond la ap viv jounen jodi a.
Nan dènye nimewo ECONO PLUS ki te soti ayè jedi 28 jiyè 2022 a, ekonomis Enomy GERMAIN te twouve l nesesè pou li atire atansyon popilasyon an ak dirijan peyi a sou fenomèn sa k’ap pase nan mond lan epi ki gen gwo konsekans sou moun yo patikilyèman sila yo ki pa gen gwo mwayen pou yo viv, malere ak malerèz k ap bat dlo pou fè bè yo.
Pou jan aktivite ekonomik yo bese nan mond la, ekonimis yo oblije pa sispann ap atire atansyon moun yo. Paske gen gwo danje, tout endikatè yo montre sa. Chak jou ki pase, gen plis risk pou vin gen resesyon ekonomik. Moun yo vin gen mwens posiblite pou achte sa yo bezwen, biznis yo vin vann mwens, kantite richès ajan ekonomik chak peyi yo pwodwi sou yon ane vin pi piti sa yo se kèk pami konsekans resesyon ekonomik mondyal la ka lakoz.
Dapre sa FMI te fè konnen 25 jiyè pase a nan yon dokiman ki rele :''Pèspèktiv ekonomi mond la" (Les perspectives de l'économie modiale) li vin klè pou tout moun ekonomi mondyal la ap pèdi vitès. Ekonomi mondyal la rive atenn senpman.3,2 % kòm kwasans pandan se 3,6 ki te prevwa. Sa se prèv menas la egziste tout bon.
Ke se swa Ozetazini, nan Linyon Ewopeyèn, o Japon oubyen nan peyi Lachin yo konstate kwasans ki te prevwa a bese akoz kriz sou kriz peyi sa yo ap fè fas a yo. Ayiti li menm pa epanye. Okontrè, depi 3 lane li nan sitiyasyon sa, Enomy GERMAIN pa t manke raple sa.
Pou kontre reyalite sa, « GENERAL RESERVES » te adopte mezi tou nèf pou konbat enflasyon an. Soti 1980 rive 2021 kwasans la rete tou pre 1%. Pou sa yo di l ap make pa sou plas. Poutan pa gen okenn mezi ki pran pou frennen deriv sa.
AYITI pran devan. Ak yon to enflasyon ki se 27,8 % li pa nan estad resesyon ankò li nan "STAGFLATION" ki vle di li ap make pa sou plas pa gen aktivite vre, li pa pwodwi pandan pri machandiz yo pa sispann ogmante. Pa janm gen mezi ki pran, Enomy GERMAIN regrèt sa. Ki solisyon posib pou Ayiti? Mouvman kont grangou oubyen gwo kriz, sa ka rive a nenpòt moman dapre sa Enomy GERMAIN prevwa.
Annie FRANÇOIS
- Ayiti pran nan konplo! Zòt rayi li pou endepandans 1804
- Ane akademik 2022-2023 : paran nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan gen anpil kè kase
- Ane jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
- Ayiti kriz marinen ak kriz: Yon maleng nou riske pa ka niche!
- Ekonomi: Bilan yon ane Ariel Henry, se apse sou klou
- Ayiti: yon okipasyon makiye nan men nasyon zini pa pi bon opsyon an
- Dapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
A lire aussi
- Ayiti
- Ekonomi
- Enomy Germain
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Haiti entrera dans sa 4ème année de récession économique
Pour une 4ème fois de suite le pays va connaitre une croissance négative selon les prévisions faites du ministère de l'é...
Publié le 9 août 2022, à 12:47 PM • Annie Francois • 2 min de lectureFinans peyi a fè defisi 34 milya goud pou twazyèm trimès ane fiskal sa
Anpil ekonomis te anonse l, sitiyasyon finans peyi a pa chanje. Tandans la rete menm, previzyon gouvènman an te fè yo pa...
Publié le 5 août 2022, à 08:30 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureEkonomi: Bilan yon ane Ariel Henry, se apse sou klou
Apre yon ane Gouvènman Ariel Henry a sou pouvwa a, san Prezidan ni palman pou kontwole sa l ap fè, sitiyasyon an vin pi...
Publié le 22 juillet 2022, à 04:03 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureTaux de change: la BRH a-t-elle jeté l'éponge?
Pour stabiliser le taux de change, la Banque de la République d'Haïti injectait à récurrence des millions de dollars amé...
Publié le 30 juin 2022, à 08:57 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti classée 4e pays de l'Amérique avec un taux d'inflation élevé, révèle Enomy Germain
Haïti fait partie des cinq pays de l'Amérique avec un taux d'inflation très élevé selon l'économiste Enomy Germain. Parm...
Publié le 17 juin 2022, à 07:32 PM • Annie Francois • 2 min de lectureExercice 2022-2023: la DGI collecte plus de 60% du montant prévu
Pour les huit premiers mois de l'exercice, les agents de la Direction générale des Impôts (DGI) ont collecté plus de 60%...
Publié le 9 juin 2022, à 12:06 PM • Paul Martial • 53 sec de lectureLe taux d'inflation a dépassé la barre des 25 %, rapporte l'IHSI
Selon une étude comparative réalisée par l'Institut haïtien de statistique et d'informatique (IHSI), les prix des produi...
Publié le 6 juin 2022, à 02:13 PM • Annie Francois • 2 min de lectureDeuxième édition ; « À la rencontre des entrepreneurs », un évènement à ne pas rater.
“La meilleure raison pour lancer une entreprise est de créer du sens, de créer un produit ou un service qui contribue à...
Publié le 20 septembre 2021, à 01:22 PM • La rédaction • 2 min de lectureLe dollar américain de plus en plus rare malgré l'injection de plus de 49 millions par la BRH
La Banque de la République d'Haïti (BRH) continue d'injecter des millions de dollars dans le marché des changes. Contrai...
Publié le 24 novembre 2020, à 07:33 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureLa monnaie électronique: une opportunité technologique à exploiter en Haïti
Dans le cadre de la gestion de l’urgence due à la COVID-19, l’Administration Moïse-Jouthe a mis sur pied un programme d’...
Publié le 23 mai 2020, à 01:34 PM • Economiste Jovin • 6 min de lectureLa fabrication des masques : une petite manne pour les marchands tailleurs
Le port des masques est désormais obligatoire dans les espaces publics depuis 11 mai dernier. Faute de moyens, la majori...
Publié le 15 mai 2020, à 11:50 AM • Jodel Pilate • 2 min de lectureHaïti-COVID-19 : Quel avenir pour les « sòl » ?
Cette mutualité appelée « sòl », « sabotay » ou « sang » (pour les nordistes) joue un rôle prépondérant dans la gestion...
Publié le 12 avril 2020, à 08:54 PM • Stevens Jean François • 5 min de lectureLa logique capitaliste néolibérale face au COVID-19
Le nombre de personnes infectées et de morts n’ont pas cessé d’augmenter après le passage de l’épicentre du Corona virus...
Publié le 7 avril 2020, à 11:21 AM • Economiste Jovin • 4 min de lectureHaïti arrivera-t-elle à se défaire de sa dépendance de la République Domicaine?
"Haiti est un pays essentiellement agricole". Cette expression nous est assez familière puisque nous l'avons appris à l'...
Publié le 5 septembre 2019, à 02:58 PM • La rédaction • 6 min de lectureFINANCEMENT PARTICIPATIF :MEnvesti.com entre dans la danse!
La plateforme de financement participatif « M’Envesti.com » a fait son lancement aux Gonaïves le 24 Août 2019 au centre...
Publié le 29 août 2019, à 10:36 AM • Widelie Carlvanie Olibrice • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.