Finans peyi a fè defisi 34 milya goud pou twazyèm trimès ane fiskal sa

Anpil ekonomis te anonse l, sitiyasyon finans peyi a pa chanje. Tandans la rete menm, previzyon gouvènman an te fè yo pa rive reyalize. Okontrè, se defisi ki fèt.

Crédit Photo: Haiti Libre
Finans peyi a fè defisi 34 milya goud pou twazyèm trimès ane fiskal sa

Pou twazyèm trimès ane fiskal 2021-2022 a, sitiyasyon an pa chanje. BRH (Banque de la République d'Haïti/Bank Repiblik Ayiti) oblije finanse yon defisi 34 milya goudes. Sa ki montre kòman sitiyasyon finans peyi a vin pi malouk.

Dapre nòt BRH soti 2 dawout ki sot pase a, nou ka wè aklè pa gen ase lajan ki antre nan kès Leta pandan gen pil depans k ap fèt chak jou. Sitiyasyon sa lakoz gen anviwon 34 milya goud ki manke nan finans peyi a, sèlman pou twazyèm trimès ane fiskal sa. 

Bank santral nan nòt sa fè konnen, resèt yo, lajan ki antre nan kès Leta, bese. Sa nou ka konprann paske akoz ensekirite a, an patikilye, vin gen mwens aktivite ekonomik nan peyi a. Gen enstitisyon ki la pou ranmase lajan pou Leta ki pa ka fè sa kòmsadwa tou. 

Dapre Bank Santral sa se yonn nan rezon ki ta lakoz gen mwens lajan ki antre. Kòm prèv, taks ak enpo Leta kolekte pandan twazyèm trimès la bese jiska 12,43% pandan ane pase te genyen pito 15,72 % kòm ogmantasyon. Nan 34 045,3 milyon goud ki manke a, BRH bay 30 616, 7 milyon dapre sa nòt la fè konnen.

Bandi anpeche moun viv. Lavi chè ap taye banda. Plis moun pa ka manje. Leta antre mwens lajan. Pandan tan sa, otorite yo kontinye ap gaspiye ti resous ki genyen an, san yo pa menm eseye konbat pou de bon koripsyon.

 

Louvencky FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème