Kannal la pa klowòks ni dra blan !

KPK : sa dou nan anpil bouch ! Tout atiprenè politik vle pran woulib. E piyay ! Kannal la p ap kanpe, se eslogan pèp la ki bouke tann lidè san vizyon, ki fatige nan tann otorite ki prefere jwi privilèj olye yo fè djòb yo. Jodia se menm yo menm nan k ap defile nan Wwanament. Pa okipe bann madigra mal maske sa yo! Ni kanaval, ni rara fini lontan sa.

Kannal la pa klowòks ni dra blan !

Wanament se kote anpil leyadè (non m pa fè erè. Sa yo pa lidè), yo tout ap defile. Yon sèl kou yo konn Maribawou egziste. Pa mirak yo konn yon kote, yo te kite an deyò peyi, a egziste. Anpil nan yo fenk konnen yo pa di Walament. Yo fenk aprann nan ki depatman zòn sa ye. Yo sanble resi sonje peyizan yo. Poutan, yo te bliye yo lontan sa pou yo itilize militan yo te ka touye van nan vant yo ak mil goud. Yo tout gen foli itilize vag la pou montre yo ap panse pou pèp. Kannal Wanament la tounen pisin Betesda !!!

Wi nou nan konbit ! Wi n ap kole zepòl ! Wi n ap resevwa tout moun ! Men sa pa ka fè n bliye ! Premye Minis Ariel te oblije pale jan l pale a. Si l pa t fè sa li konnen l t ap oblije pran avyon retounen kote ki ta vle akeyi l la. Pa gen manti nan sa, si l pa t kanpe en KPK pèp la t ap montre l sa k rele DDN (Deyò deyò nèt) ! Ou kwè Léon Charles te ka pale yon lòt jan ? NON ! Paske l konnen sa ki t ap rive si l te fè sa. Pou yon fwa pèp ayisyen an, peyizan yo, moun andeyò yo montre ki lidè yo konnen yo ta dwe genyen !

Atis yo (samba yo ki te bliye chante mizè pèp la) alinye. Dyaspora a antre nan dans la. Anpil moun nan sosyete sivil la vin pote sipò. Opòtinis politik yo menm, yo ki te déjà pa t wè pi lwen pase pwent nen yo pote boure. Gen ki kanpe lwen an ekspè ! Yo gentan wè sa ki dwe fèt avan. Mirak o ! Opere o ! Opere mirak! Leyadè yo gen vizyon ! M pa gen dan pou m ri ! Yo mèt pote tout sa yo vle, n ap resevwa yo men yo pa dwe panse Wanament tounen Wòm ! Yo ap tounen ap tout peche yo! Wanament pa la pou resisite kadav politik.

Gen ki wont vini, yo pa ta vle pran malonèt ! Gen tou se lòd patwon yo ap tann. Gen ki nan wout tou. Se pou pèp la resevwa yo. Moman sa pa moman pou bay po kann ak fwomi ni vaz pipi. Se moman pou n fè sa ki gen ti kras wont yo santi ki mal yo te fè. Menm si yo pote milyon sa pa ka fè n bliye santèn milya yo vole yo ni milya pwoblèm yo lakoz n ap viv jodia.  Se lè pou yo rann yo kont de mechanste ak move fwa yo. Se moman pou sa ki gen je fon yo kriye davans paske yo ap wè pèp la egzije yon lòt gwoup moun pou reprezante l, pou pran desten l an men. Gen leyadè tou nouvo ki vle pran woulib tou wi ! Veye yo! Plase tèt nou, paske apre kannal la k ap pote manje nan asyèt nou, apre dinyite n kòm pèp l ap restore, nou pral gen tou pou n fè yon konbit kont fatra. Twòp salte nan figi nou! Kannal la pa ni klowòks pou pwòpte konze yo. Li p ap ka dra blan pou kouvri kadav politik sa yo ki, dayè, ap degaje move lodè. Kannal la dwe pote lespwa paske l fè n sonje kiyès nou ye ak sa n ka fè. San zam nou mete vwazen an ajenou e li rekonèt sa.

Ann montre nou konn sa nou ye! Ann kite diyite n montre n wout la. Konsa n a rive akonpli rèv zansèt yo. N ap rive granmoun tèt nou tout bon!

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Veye Jèvilòm!
Ariel chanpyon!
Liberté ou la mort!
Ariel, kote fig la?

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème