Map fè yon ti refleksyon tou piti sou asasinay Jovenel Moïse la

Depi kèk tan, Ayiti se lakou dèyè kay peyi Etazini. Kidonk nan sa ki gen pou wè ak jewopolitik li pa posib pou yon lòt peyi pral pote boure isit konsa. Si nou sonje doktrin James Monroe a ki t di « l’Amérique aux américains » nap pi byen konprann. Enben nan nayivte Jovenel li pral peye sa byen chè. Ann gade kèk bagay ansanm.

Map fè yon ti refleksyon tou piti sou asasinay Jovenel Moïse la

Pou Jovenel rive sou pouvwa a se kilès ki vini akey? Nap ka reponn byen fasil se Martelly. Kilès ki t mete Martelly sou pouvwa a? Si nou pa byen konprann jwèt politik la kesyon sa pap parèt klè pou nou.

Ann fè ti bak.

Etazini, Canada, Lafrans nan tèt kole ak oligak isit vin kidnape Aristide pou voye li nan egzil paske li t yon menas pou sistèm nan. Pou pase chifon pou bwouye pis la epi kenbe sistèm eksklizyon an rèd, yo vini ak Preval ki te PM sou prezidans Aristide. Nan tèt tout moun, ak Preval, Aristide pral retounen paske Misye se lavalas e li pral kontinye menm politik la. Sa ki t pase ? Preval pase tout tan li sou pouvwa zafè Aristide la pase anba pye.
Li pral fè eleksyon pou pase pouvwa a bay Jude. Enben Etazini parèt li di Preval se ou ki t mete tèt ou kotew ye a pou pran tout dwa sa nan mete prezidan. Enben yo bay Misye lòd pou Martelly vin prezidan.

Martelly rive nan tèt peyi a sou direksyon Etazini ak oligak isit paske depi apre Aristide oligak yo pa nan negosye ak leta ankò pou avantaj, yo jis pran kontwòl leta a nan tout domèn. Martelly li menm pat ezite likide leta a bay yo. Kontra konbyen milyon pou kouran, wout elatriye. Se yonn nan gouvènman pi kowonpi peyi a pral konnen pandan 5 lane yo pral pase a.


Pou nou ale pi vit, Martelly pral chwazi Jovenel pou prezidan. Nan sousi pou toujou kenbe sistèm nan yap bay nou Jovenel kòm yon ti peyizan po nwè ki sanble ak pèp la men li pa gen anyen li pral vin dirije vre.
Kanpay lanse Jovenel ap fwape, oligak ap envesti , 22 mwa lajan ap pase nan kanpay. Siklòn Matye pase, Jovenel Moïse genyen plis mwayen pase gouvènman Jocelerme Privert nan epòk la pou ale pote sekou bay pèp la.

Tout sa m di la yo se ti rapèl poum rive kotem vle rive a.
Jovenel vin prezidan, men ta sanble li pa janm kesyone reyalite ki metey prezidan an.
Poukisa se mwen Martelly chwazi paske nan tèt mwen m pat janm reve yon jou map prezidan.
Poukisa li pat chwazi Lamothe oubyen yon lòt nan klas politik tradisyonèl la?
Poukisa oligak sa yo envesti konsa nan kanpay mwen?
Ta sanble Jovenel t renmen Soulouque, li koumanse vle montre ke se li ki prezidan an li pa poupe twèl. Premye bgy la li koumanse koupe fache ak bòs li ki t mennen li prezidan apresa li koumanse pase pran oligak yo nan koupe kontra yo epi pousib yo.

Yonn nan erè Misye fè, se panse li k chanje mesye sa yo an bon moun. Meyè fason ou k konbat oligak se netralize yo epi fout yo nan prizon.
Sa ki pral gate bagay nan la men Jovenel pou rive nan asasinay li se koze resevwa lèt kreyans yon anbasadè peyi Larisi isit pou mete ofisyèlman yon anbasad anndan lakou lakay Etazini.
Jovenel ankò ale nan peyi Tiki pou zafè kouran kote li pral rankontre Laurent Lamothe ki se gwo lennmi Martelly ki pral fè yon dil ak Jovenel pou envesti nan zafè kouran an epi pou echanj se bay Lamothe dechaj pou li vin kandida nan eleksyon septanm lan. Martelly konnen si Lamothe antre nan jwèt la lap pedi vle pa vle. Bagay sa pral chavire vaz la ant Jovenel ak Martelly nèt.
Se sak fè Lamothe nan tout medya entènasyonal ap mande yon ankèt endepandan pou yo jwenn otè entelektyèl krim nan Paske lajan li an nan dlo.

Yonn nan bagay nou dwe konnen, ekip ki tap bay Jovenel sekirite a se tèt kale. Se Martelly ki mete yo, kidonk Jovenel pa gen kenn kontwòl sou yo vre.
Toutan Jovenel tap fè tan sou pouvwa a se toutan sistèm eksklizyon an tap eklate paske pèp la tap vin rive yon moman li revòlte. Kidonk antre pran Jovenel egzile li menm Jan ak Aristide tap twò klè enben senaryo asasinay li koumanse ekri.

Asasen yo antre tiye misye, yon peta pa soti kote sekirite rapwoche yo.
Madanm prezidan blese li pa mouri se pa yon chans, se yon estrateji pou sistèm nan kontinye kenbe. Kouman ?


Yo kouri ak li lopital, ki kote li ale anvan jounen an fini se etazini. 2 jou apre sa li pale nan yon mesaj kòde. Ann fè yon analiz sou sa li di.

  • Mèsènè antre lakay mwen tiye marim (diskou sa se li ke leta a menm ap bay kidonk Martine deja sou dikte etazini pou li di egzakteman sa yo vle a)
  • marim tap batay pou zafè wout ak kouran (kilès ki t kanpe anfas li pou sa yo?)
  • Yo tiye marim pou référendum ak eleksyon (kilès ki t kont référendum ak eleksyon?)
  • Lit la ap kontinye Paske prezidan Jovenel pap mouri pou gremesi. (kilès ki pral kontinye lit sa? Moun ki pi byen plase pou ta mennen swadizan lit la se Martine paske se li etazini pral fè pase pou yon viktim pou jwenn sansibilite pèp la).

Menm senn pou koudeta Aristide la ak Préval. Martine pral valide asasinay la pou nou pou li di sa blan an vle paske nap kwè li pliske li se temwen.
Kidonk pa etone nou jwenn li nan lis kandida pou prezidan yo.
Pa bliye non li site nan anpil ti koze isit e sa ap etonem ke li pat yon kowonpi. Mwayen sa yo ap k mete presyon sou li kont volonte li epi pitit li)
Kidonk etazini deja ap rezoud pwoblèm nan paske lap bwouye tout pis enpòtan yo.

Zafè kolonbyen kap pale a se tapaj paske yo tap travay pou leta. Kòm se yon senaryo byen monte kolonbyen yo se t plan B pou bwouye pis la. Anvan aswè rive PNH deja arete 15, sèvis ransèyman yo a tèlman efikas yo gentan diw konbyen yo t ye epi kote yo t kache.
Sa pou nou konprann, Jovenel revoke Claude li nonmen Ariel. Nan mèkredi pou Ariel enstale Jovenel mouri. Nan menm maten an DG PNH ak Claude deklare tout bagay sou kontwòl. Nan demen l’ONU deja favorab pou Claude mennen peyi a nan eleksyon paske li bay yo garanti lap k fè eleksyon nan 2 mwa.
Asasinay sila pwofitab pou kilès ?

Jovenel pat yon sen se t yon kowonpi tou, men kanmenm li t gen volonte pou li fè yon bagay anvan menm li kite pouvwa ki se kouran an. Se nan sousi pou kouran sa ki koz Misye pral siyen kontra lanmò li ak yon bann peyi lennmi Etazini.

Poum fè yon rezime sou refleksyon mwen an. Asasinay Jovenel la gen 4 pwen esansyèl ladan.

  1. Koze mete anbasad peyi Larisi isit la
  2. Lachas kont oligak ( sa vle di katèl siryen, Libanè, jwif, arab ki kenbe monopòl richès peyi a)
  3. Ekip tèt kale a
  4. Klas politik tradisyonèl la

Sa ki pase a revoye nou dirèk dirèk nan listwa peyi nou. Si nou byen konprann lidem nan nap tou wè ladan istwa Dayiti kap repete.
Map toujou di sa, Ayiti pap peri. Nou se limyè mond lan si nou poko wè sa poze tèt ou kesyon sa.
Poukisa tout gwo peyi nan mond lan gen je fikse sou Ayiti?

Delege Etzer Jean, etidyan nan Syans Politik.


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème