Ayiti: yon okipasyon makiye nan men nasyon zini pa pi bon opsyon an

Sitiyasyon grav n ap viv jounen jodi a epi anachi ki nan peyi a ap favorize pi plis pwojè kominote entènasyonal la pou yon fòs nasyon zini deplwaye an Ayiti. Vrè objèktif peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo se kenbe li nan sitiyasyon kote li p ap janm ka granmoun tèt li.

Crédit Photo: VOA Afrique
Ayiti: yon okipasyon makiye nan men nasyon zini pa pi bon opsyon an

Estrateji kominote entènasyonal la se simen pwav divizyon, rann peyi a enstab ak anpil dezòd pou montre tout lòt nanchon prezans fòs nasyon zini yo nesesè epi endispansab pou kenbe lapè ak sekirite, pou sa ki prevwa nan Konstitisyon an aplike.

Malerezman, aktè politik ak ekonomik yo ansanm ak pil òganizasyon ki nan sosyete sivil la pa fè anyen pou anpeche sitiyasyon malouk sa kote se laperèz ak gwo dezòd k’ap taye banda. Peyi a divize e sa fè avantaj moun ki pa vle wè peyi a. Nou vin nan yon peyi kote se politisyen san wont, san santiman, san lanmou pou peyi li k’ap dirije.

Kominote entènasyonal la, olye pou li ta ankadre lapolis la nan bay li ekipman ak materyèl k’ap pèmèt li konbat bandi tout plim tout plimay tankou sa ki gen gwo zam fann fwa nan men yo a, prefere rete ap obsève pil dezòd k’ap pase nan peyi a chak jou. Sa ki pèmèt yo ranfòse dominasyon ak pil pouvwa yo.

Nou dwe rekonèt pandan ti tan fòs nasyon zini yo an Ayiti sa kite anpil move souvni pou popilasyon an. Tout moun wè misyon nasyon zini an echwe malgre li pase 15 lane nan peyi a soti premye jen 2004 pou bout 15 oktòb 2019:

* gang yo toujou gen pil zam fann fwa nan men yo ap dikte lalwa, dezameman an pat janm fèt vre.

* plis pase 1 milyon moun viktim kolera MINUSTAH te pote nan peyi a. Plis pase 10,000 nan yo pèdi lavi yo.

* ranfòsman lajistis, batay kont enpinite epi koripsyon, Eta de dwa elatriye, misyon nasyon zini yo pa bay bon rezilta ditou.

* Plizyè moun viktim kadejak anba men sòlda nasyon zini. Jous jodi a, viktim yo pa janm jwenn dedomajman ni yo pa jije ni kondane koupab yo.

Lè nou konstate jan dènye misyon nasyon zini an echwe an Ayiti, kisa nou ka espere yon lòt misyon ap fè k’ap miyò?

« Asire sekirite popilasyon an epi soutni peyi a nan jefò l’ap fè pou retabli lapè epi kenbe li. Ede nan dezameman, apiye Eta de dwa, soutni òganizasyon eleksyon lib epi fè pwomosyon respè dwa moun. » Ayiti tèlman bezwen yon misyon k’ap gen objèktif sa yo, yon fòs okipasyon nasyon zini pa ka sèl grenn opsyon pou nou ka rezoud pil pwoblèm peyi. Plizyè milyon dola ki pral depanse yo pa t’ap bay plis rezilta si yo te envesti yo pito nan ekipman ak materyèl pou ranfòse lapolis, fè pwogram asistans sosyal, ... ? Cha blennde, zam ak minisyon pou konbat gang ak gwo zam epi retabli lòd ak sekirite nan peyi a, fòmasyon inite espesyalize nan lapolis elatriye pa t’ap pi enpòtan pou peyi a pase deplwaman yon fòs ame nasyon zini?

Frè ak sè ayisyen mwen yo, se nou ki pou rezoud tout pwoblèm nou genyen yo.

Li poko twò ta pou nou ka chanje sitiyasyon an. Pa gen okenn etranje k’ap vin chanje peyi a. Se sèlman lè pitit fi ak pitit gason peyi a ap viv an amoni Ayiti ap devlope. Eske nou ka remèt yon lòt misyon nasyon zini peyi a?

 

Ruben Isma


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème