Ayiti kriz marinen ak kriz: Yon maleng nou riske pa ka niche!
Nou pa papiyon nwè zèl pwès ki pote move nouvèl, nou pa mechan dekwa. Nou pa madigra malmaske k ap eseye fè timoun pè, fè kè pisannit sote pou yo manyè sispann leve chak maten ak fouk yo santi wen, kote bav ak pise fè kòlta pou fiksyonnen. Si kè pisannit sa ta bloke, nou antrave. Ak ki kouraj pou n ta mechan nan degre sa? Men nou la, de nawè nou la, yo pa pete, se chak jou y ap valkanse monte desann, letande nou menm pa kreve, l ap pwonmennen. Nou wè, nou tande, e nou konprann!

E bagay yo grav! Tankou aksan grav lang franse! Nou pèdi fòs, mwèl kouraj nou febli, nou pa ka goumen ak san fòs.
Viv an Ayiti pa gen anyen pou wè ak viv tankou moun. Se pouse souf degout pa degout, tankou moun chich k ap fè bezwen yo nan boutèy. Souf kòmanse ra, ou pa ka fè gran dizè pou w ouvri gran bòbèch tou nen w pou w ap respire byen fò jan w vle: se yon derespektan. Se manke mèt lavi yo dega. E timoun fwonte pa viv lontan, si lakansyèl pa koupe dwèt jida w, malfini ap pase pran w kanmenm. Se chak jou li fè jou w ap goumen ak plis pase san fòs ki vle neye w, ki fè kò sou ou pou toufonnen w: mizè, fatra, lavi chè, enjistis, kadejak, chomaj, ensekirite.
Gen de kadejak w ap sibi, se pa gwosè pwent lan ki pwoblèm nan non, se move gouyad san kontwòl k ap defilfare w la, melanje ak plezi w pa pran nan malè ki rive w la. Men jan nou ye a la, nou sanble pran plezi nan malè nou, n ap bat bravo ak pla men reziyasyon nou, se nou k ap di bouwo yo: rantre manchèt la pi fon nan vyann nou, dechalbore nou, pandye nou pou l fè san!
Nan plede kite yo pandye nou san n pa revandike, san n pa rele anmwe sekou, enben kòd la kòmanse siye dèyè kou nou. Java a kòmanse pran dlo, l ap laji kò l, l ap vale teren. Pasivite nou rive nan tobout li, silans nou siyen lèt kondanasyon nou. Anyen pa janm regade nou, nenpòt ki moso papye ki gen chif ak vizaj sou li achte konsyans nou kont pwòp enterè nou. Nou vann tèt nou pou n achte lamizè nan fo gòdèt kòriptè k ap pyafe sou rèv nou, sou byennèt nou, sou kò nou, sou san nou.
Men malgre tout tribilasyon masuife sa yo, nou poko bouke. Franchman nou poko bouke. Nou tout chita sou wozèt nou n ap tann lamann delivrans, n ap kekele gade, fè ti wounounou, yonn ap akize lòt, yonn ap defann ti dechèpiyè pa l pou ti miyèt bav ki pa ka menm bouche yon kwen trip. Nou la n ap fè matyè, n ap veye kilè y ap rele n pou yon randevou djòb osinon anvlòp plen papye ak figi sou yo, epi n bliye kalvè k ap gagannen nou chak jou ki jou.
Mwen santi m ta flank nou yon bourad pou n leve kanpe pou dwa nou... Sinon, kiyès etranje k ap vin niche maleng lan dèyè kou nou, si yonn pa niche pou lòt?
Étienne De Saint-Exil
- Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
- Sa nou bay pòv se Bondye nou prete l
- Ariel chanpyon!
- Pral gen kouri?
- Ayiti pran nan konplo! Zòt rayi li pou endepandans 1804
- Ane akademik 2022-2023 : paran nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan gen anpil kè kase
- Ane jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Qui pourra nous secourir ?
Rien ne va plus en Haïti ! Que ce soit à cause de leur laxisme ou par incapacité, les autorités en place peinent à conva...
Publié le 24 août 2023, à 10:28 AM • Stevens Jean François • 5 min de lectureLili : ange ou démon ?
Liliane Pierre-Paul, une figure éminente de la presse haïtienne, n'est plus. Emportée par une crise cardiaque le 31 juil...
Publié le 3 août 2023, à 01:50 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti veut-elle effectivement lutter contre la corruption ?
Haïti a considérablement renforcé son cadre institutionnel et légal de lutte contre la corruption, notamment ces vingt d...
Publié le 24 juillet 2023, à 01:02 PM • Stevens Jean François • 9 min de lectureDans l'expectative du nouveau ZEN
Comme les Mariwoz et les Atagaz, des figures qui ne font d'ailleurs pas honneur aux femmes haïtiennes, la République vit...
Publié le 19 juillet 2023, à 11:19 AM • Stevens Jean François • 4 min de lecture85 % des cadres haïtiens sont aux Etats-Unis et au Canada, a révélé Jacques Nési
L’insécurité, le chômage, les catastrophes naturelles, l’espoir d’un demain meilleur et tant d’autres raisons ont poussé...
Publié le 1er février 2023, à 01:47 PM • Stevens Jean François • 6 min de lectureLutte contre contre le trafic illicite : les douaniers doublement victimes
Les agents de la douane haïtienne jouent un rôle fondamental dans la lutte contre le trafic illicite, la serrure à la po...
Publié le 9 août 2022, à 12:33 PM • Jodel Pilate • 5 min de lectureFort Saint Joseph : pour être plus fort...
Le fort Saint-Joseph situé au prolongement du Boulevard du Cap-Haïtien est rénové. Et c'est un acte louable. Le Ministèr...
Publié le 4 août 2022, à 10:35 AM • Etienne De Saint-Exil • 3 min de lecturePrévention et lutte contre la traite des personnes: CJGBG à pied d'œuvre
Grâce au support financier de la Fondation Lumos/USAID, le Collectif des jeunes de gros balancé pour un autre Ganthier (...
Publié le 2 août 2022, à 10:44 AM • Annie Francois • 2 min de lectureHaïti: entre agonie et coma
La population haïtienne est comme un patient qui souvent est assujetti à des pressions individuelles et sociales importa...
Publié le 2 août 2022, à 10:13 AM • La rédaction • 3 min de lectureSoutenance de mémoire en Haïti: le harcèlement sexuel, un handicap majeur pour les étudiantes
Les étudiants haïtiens ont consenti à beaucoup de sacrifices pour arriver à boucler leur cycle d'études. Ce, malgré cert...
Publié le 25 juillet 2022, à 07:51 AM • La rédaction • 3 min de lectureCap-Haïtien : près de quatre mois sans électricité, les autorités se taisent
La cité christophienne n'est plus alimentée en électricité depuis plus de 3 mois. Cette trop longue coupure dérange les...
Publié le 11 juillet 2022, à 07:22 PM • Marckendy Dorsainvil • 2 min de lectureLAREZISTANS egzije RESTITISYON
Ansanm òganizasyon sosyo-politik ki manm LAREZISTANS yo, lonje dwèt sou Lafrans ak Etazini ki, dapre yo, bati ak san pèp...
Publié le 8 juillet 2022, à 05:00 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lecturePremière conférence 509 du district Rotaract 7020, un succès
Après une année de service envers la communauté, les Rotaractiens du district Rotaract 7020 se sont rencontrés à l’hôtel...
Publié le 7 juillet 2022, à 03:36 PM • Christel Francois • 2 min de lectureInvasion de cafards: des migrants étatsuniens indésirables en Haïti?
On n'est pas sans savoir qu'Haïti, par l'insouciance de ses dirigeants, est une vaste savane, sans bornes, ni portes d'e...
Publié le 7 juillet 2022, à 03:11 PM • Etienne De Saint-Exil • 3 min de lecturePoukisa yon paran dwe founi je nan telefòn yon timoun?
Entènèt se yon zouti ki enpòtan anpil. Timoun soti 5 rive 17 ane itilize l. Pa bò isit, chak jou ki pase anpil paran ap...
Publié le 1er juillet 2022, à 08:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.