Veye Jèvilòm!
Kannal la p ap kanpe ! Anpil moun dakò sou sa. Pou dlo rive nan 3 mil ekta ki nan plèn Maribawou a nou mete an aplikasyon prensip zansèt yo te kite pou nou an : nou fè konbit ! Chak moun pote sa yo kapab. Gen ki bay fòs kouraj yo, gen tou ki sipòte moun k ap travay yo. Ala bèl tablo sa bèl! Li sanble anpil ak listwa Jacques Roumain te rakonte nan «Gouverneurs de la rosée »a.

Wi, moun nan plèn Maribawou deside sispann tann lapli pou yo ka wouze jaden yo, se pou sa yo te mande kannal sa k ap soti nan rivyè Masak la pou pote dlo a bay yo. Se pou sa tou, malgre Leta pa kenbe angajman l, yo deside kontinye kannal la ak sipò ayisyen ki nan peyi a tankou sa ki nan dyaspora a. Sa w tande a kannal la enpoze l kòm mo k ap domine aktyalite a. Sans pwòp ou figire, tout moun ap pale de kannal k ap fouye. Kannal la p ap kanpe (KPK) se nouvo modòd la. Ayisyen kole zepòl pou yon bèl koz. Ou ta di se pèsonaj Jacques Roumain yo apre Mannwèl te fin mouri a. Konbit la ap fèt dlo a ap rive !
Annayiz pa rete kanpe gade ! Non, reyalite sa diferan. Menm jan ak lè batay t ap fèt pou n te jwenn lendepandans anba men kolon fransè, medam yo antre nan fouye kannal tou. Fanm yo, poto mitan sosyete a, deside antre nan batay la. Sa fè m kwè plis toujou kannal la pa ka kanpe. Anpil moun fyè dèske yo ayisyen yo kontan dèske plis pase 200 lane apre endepandans nou, nou vle montre nou konprann tout bon : fòs nous se nan linyon li ye ! Nou ap ekri yon paj tou nèf nan listwa n, yon paj k ap fè jenerasyon k ap vini yo frape lèstomak yo epi di yo fyè yo se ayisyen.
Kannal la okipe panse n. Pafwa li fè n bliye reyalite n. Ensekirite a ap vale teren vre men kannal la p ap kanpe ! Okontrè, anpil moun kwè modèl tèt ansanm ki gen nan fè kannal la ka sèvi egzanp pou n kopye nan goumen kont bandi k ap mete dlo nan je n yo. Chantye ensekirite, chomaj, grangou, mizè ak malsite pou n site sa yo sèlman ap pran plis tan pou n ta fini ak yo. Men kisa ki enposib pou pèp ayisyen fè depi yonn ak lòt kole zepòl ? Anyen, depi n veye pou n pa kite move lawon antre nan mitan n.
Jèvilòm, te touye pwòp kouzen l, men li pa t rive anpeche rèv Mannwèl la te reyalize. Li pa t ka anpeche popilasyon an rale yon souf ! Nan plizyè gwo moman nan listwa peyi n toujou gen souf nan tchou, konze, antreprenè politik tout plim tout plimay ki toujou vin fè djòb mèsenè k ap anpeche pèp la wè klè nèt epi atenn objektif yo. Fwa sa nou pa dwe kite kou sa pase, n ap fouye kannal n ap veye. E nou pa dwe veye sèlman lòtbò rivyè a ! Nou dwe veye Jèvilòm !
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Kannal la pa klowòks ni dra blan !
- Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Kannal la pa klowòks ni dra blan !
KPK : sa dou nan anpil bouch ! Tout atiprenè politik vle pran woulib. E piyay ! Kannal la p ap kanpe, se eslogan pèp la...
Publié le 15 octobre 2023, à 03:20 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureAriel chanpyon!
Kisa n pa t tande sou mouche Ariel lè l fenk pran pouvwa? San chèche konnnen kisa ki te fè Claude Joseph pete kouri remè...
Publié le 27 août 2023, à 02:37 PM • Stevens Jean François • 8 min de lectureÀ la recherche du leader !
La situation de la jeunesse haïtienne est en bon nombre de points similaire à celle des personnages du roman de Jacques...
Publié le 10 août 2023, à 03:10 PM • Stevens Jean François • 3 min de lecturePral gen kouri?
Publié le 29 juillet 2023, à 01:00 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureLiberté ou la mort!
Ce 2 janvier est consacré à la mémoire de l'héroïsme de nos ancêtres qui n'ont pas hésité à consentir au sacrifice ultim...
Publié le 2 janvier 2023, à 03:20 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureNouvel an : quel vœu formuler dans le contexte actuel ?
2022 n'est plus. Cette année combien difficile pour le peuple haïtien a tiré sa révérence. Tous les regards sont mainten...
Publié le 1er janvier 2023, à 02:54 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLa poudre de perlimpinpin
Des chefs de gangs notoires mortellement blessés ; des otages libérés, des maisons qui servaient de cachette pour les ba...
Publié le 9 août 2022, à 12:59 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureAriel Henry, audace? En-veux-tu, en voilà...
Publié le 28 juillet 2022, à 10:47 AM • Etienne De Saint-Exil • 3 min de lectureTintamarre!
Publié le 10 juillet 2022, à 07:58 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureAriel, kote fig la?
Ariel Henry pran nou pou makak. Si jaden Jovenel Moïse la te toujou la, olye yo te voye bannann nan peyi Almay, yo ta ba...
Publié le 8 juillet 2022, à 10:20 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti : la plus grande prison du monde!
Ces derniers jours, la réalité des personnes en détention nous a pris de court. Malgré nous, nous avons fait une immersi...
Publié le 3 juillet 2022, à 09:34 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureBòn fèt papa, ou merite l!
Chak dènye dimanch nan mwa jen, isit an Ayiti, nou selebre papa yo. Se jou sa nou ta dwe fete tout papa, poutan kontrèma...
Publié le 26 juin 2022, à 02:24 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureInsécurité : le secours ne viendra pas d'ailleurs
L'insécurité fait rage. Le BINUH dont le mandat prendra fin le 15 juillet prochain n'a pas vraiment aidé à la combattre....
Publié le 19 juin 2022, à 02:21 PM • Jodel Pilate • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.