Lapli vini m a ba w bonbon!

Konbyen nan nou ki pa t konn chante ti pawòl sa lè n te piti? Nou te swete lapli tonbe pou n ka benyen, jwe anba lapli. Jodia nou swete lapli tonbe paske chak gout dlo ki tonbe se garanti yon bal an mwens ap tire. Lapli a se sèl garanti nou genyen bandi p ap vin tire n.

Lapli vini m a ba w bonbon!

Nou te aprann sik dlo lekòl. Nou konnen kòman lapli a rive fòme nan nyaj yo jous li bay dlo ki tonbe sou tè a. Nan dlo sa nou pran yon kantite, yon pati antre nan tè a, majorite a kouri al tonbe nan lanmè. Se kantite sa ki pral tounen vapè epi monte nan kouch atmosferik yo. Vapè sa pral kondanse epi tonbe sou tout fòm sou tè a. Wi, nan Syans Eksperimantal nou tout te aprann sa. Poutan, moun nan zòn metwopolitèn kapital peyi a, ap priye chak jou pou lapli tonbe. Lapli pa deranje n ankò.

 

Tout kalite move lodè, labou, dlo sal elatriye lapli konn pote yo pa deranje n ankò. Yo te konn di ayisyen pa kouri pou bal men l kouri pou lapli. Jodia tout kote n ap kouri pou bal. N ap kouri pou bandi pa touye n, pran sa n posede pandan nou reziye n kite dèyè kay nou, byen ke nou fè tout vi n ap goumen pou posede yo. Yo menm nan yon segond yo disparèt, yo anba flanm dife. Nou kouri pou bandi pa vyole n san konsidere si n te timoun, fanm, granmoun oubyen gason. Pandan bandi ap kouri pou lapli.

 

Pandan otorite pachiman yo ap kouri tou olye yo fè bandi kouri. Pandan moun ki pran Leta daso yo ap valkanse ak lajan taks nou yo, nou menm n ap priye pou pi gwo alye n kont bandi yo, 2 gout lapli, tonbe soti nan syèl la. Lapolis pa kapab tou. Pafwa ajan yo kouri pi vit pase nou e nou konprann yo. Ak zong yo polisye yo te konn kale bannann men kan ensekirite a  tounen yon gwo bout yanm sigin yo pa vle bay yo yon ti kouto, anpil moun pa vle n konn sa k nan kè pwoblèm nan.

 

Nou la. Nou p ap viv. Nou pa mouri non plis. N ap di lapli vini n a bay li bonbon. Pandan n konnen pa gen bonbon vre. Pa gen lajan, pa gen wout pou bonbon pase. N ap bay lapli a pawòl. Nou oblije kanpe an foulay paske se pa sa n te vle men se sa lavi a enpoze n. Nou pa konn ki mal n ap fè n ap peye. Men n ap priye pou lapli kontinye tonbe menm lè n pa ka bay li bonbon. Paske se sèl fason ki pou ta fè n wè demen. Nou pa bezwen kòk chante pou demen rive, ni solèy la leve wòb li pou limyè blayi non! Nou vle lapli kontinye tonbe konsa moun p ap ka wè si n ap kriye pou malè n yo. Lapli tonbe, m ap jwenn dlo pou m bwè, m ap benyen pandan m ap pwofite kriye pou tout sa ki ale yo. Lapli tonbe, tonbe souple.

 

Stevens JEAN FRANÇOIS 


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Jan bwè, jamè sou!
Avis de décès
Charivari!
Me diri a!
Yo koken, yo mètdam
Veye Jèvilòm!
Ariel chanpyon!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème