Vanessa Désiré retounen an Fòs

Apre kèk kolaborasyon ki te make piblik ayisyen an, Vanessa Désiré retounen an solo ak yon albòm tou nèf. Fòs, albòm nan, disponib sou divès platfòm mizik.

Vanessa Désiré retounen an Fòs

Vanessa Désiré, atis ki te chanpyon nan konkou chante Digicel Stars nan lane 2010 la, deside kontinye sedwi fanatik li yo. Apre kèk kolaborasyon ki te make lespri moun, pami yo nou ka site Kay Blan ke li te pataje ak Wendy epi BIC, Vanessa parèt ak yon albòm tou nèf pou fè zòrèy tout moun ki renmen bon mizik plezi.

Vanessa ka mize vre, men li pote bon komisyon. Li fenk mete deyò yon albòm ki gen 13 mizik kote li kolabore ak kèk atis tankou Wendy ak BIC. TWÒP TAN, M REYALIZE, CRUSH LA (Atis envite Wendy), FÈ KOMSI (Atis envite Mac D), TOO LATE (Atis envite Nelo Ville), M PAP TOUNEN ak LANMOU DOUS MAKÒS (Atis envite BIC Tizon Dife) se kèk pami mizik ki sou albòm sa.

Albòm nan disponib sou divès platfòm tankou : Apple Music, Soundcloud ak Youtube. Ale koute li epi wa di mwen si se pa tout bon Vanessa retounen an fòs!

Abigaelle PIERRE


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Vive Tropicana!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème