Gran Sid p ap grandi pou sa

Nou fè vi nou ap fè laviwonndede ak lonbraj nou nan pòch
Pou anyen
Pete gwo kout ri nan revèy
Tankou Pòtoprens fin di dènye mo pa li deja
Ebaw!
Atè m ta woule pou nou
Nou fè vi nou ap fè tchyas lanmè tribòbabò
Fouye gwo twou nan sa demen sere pou timoun
Epi de men nou s on kiyè bwa ki sere tout plent nan fon kè l
Mezanmi
Nan operasyon don sou don an
Toujou sonje
12 janvye 2010 pa te janm wè Clinton ak tout Madanm li nan rèv la ak letènite nan plamen yo
Se pou sa
Nou rekonstwi peyi a fètefouni
Ti kle monte
Ti kle desann
Diven se dlo
Milya se larim
Lannuit bay bravo pou tout zetwal ki pran peyi a pou vaz pise
Nou di ochan pou tout lalin ki pran n daso tou
Nou bat bravo pou tout gwo wòch ki pote siyati manman yo nan fè zewo tounen nèf
Mezanmi
9 milya s on kaka aran wi ki pèdi fren sou lang nou wi
Sonje pa gen sèman nan sezon malèpandye
Si Clinton alèz bò falèz nou konsa
Konnen Bondje prete kle silans nou
M p ap prete okenn fraz tranblemanntè tranzite
Poudayè chen konnen ki ri jòn solèy bay lè latè ap gouye anba pye nou
Nou fè tankou nou bliye depi lè lari fin antre nan foli nou Tout pwomès se lafimen
Antouka
Larivyè k ap pote CIRH la s on rigòl pise ki pran nesans nan sèvo prezidan
Ki sa pou Gran Sid ta ka tann ankò
Si n fè kopi kole bèl mèvèy ONG dekapotab yo
Si n founi je gade mirak CIRH fè nan yon vil pye atè janm louvri
Si fè temwanyaj tout sakrifis Minis ak ChèfLeta
Tanpri souple apre
Pa masakre powèm ki fè n wè Boulva Kat Chimen p ap souse yon mant nan lavantozanchè vil Okay
Nan absidite planifikatè malè nou Gran Sid p ap fè eyap menm
Epitou
Depi kilè solèy ak loksidan te konn gen konpasyon mezanmi
Boutofen
Zafè tout powèt ki pa gen tan wè si vil Okay ak tokay li yo pran nan zizirit.
Iléus PAPILLON
- UPNCH-Soutnans memwa an kreyòl: "Konstitisyon ayisyen an te deja bay dwa sa" selon Iléus PAPILLON
- Pwofanayon oubyen inyorans?(Premye pati)
- Yon grenn anplis nan chaplè lavi Iléus Papillon!
A lire aussi
- Iléus Papillon
- Poésie
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Abandonnée à son sort, Bedjine chante tout va bien!
Bedjine se met dans la peau de ces femmes abandonnées par leur compagnon une fois engrossée. Elle montre qu'il y a toujo...
Publié le 30 juin 2022, à 09:17 AM • Christel Francois • 2 min de lectureVanessa Désiré retounen an Fòs
Apre kèk kolaborasyon ki te make piblik ayisyen an, Vanessa Désiré retounen an solo ak yon albòm tou nèf. Fòs, albòm nan...
Publié le 18 juin 2022, à 05:36 PM • Abigaelle Pierre • 50 sec de lectureL'amour n'envoie pas au marché, une piqûre de rappel signée Baky et Medjy
La liste des courses à faire et des besoins du ménage tourne en boucle dans la tête de ces femmes qui travaillent sans c...
Publié le 10 mai 2022, à 03:06 PM • Christel Francois • 2 min de lectureShassy donne la voix sur « secret »
Alors que le mois d’août pliait ses bagages ; Shassy nous a fait voyager dans le monde des secrets. Un titre qui met sur...
Publié le 8 septembre 2021, à 11:38 AM • Christel Francois • 2 min de lecture« Fo fim kap fèt »: Un titre qui rappelle l’existence du karma
Roody Roodboy a pris le temps pour illustrer ses propos, pour lancer apporter sa contribution à la sensibilisation de la...
Publié le 8 septembre 2021, à 11:31 AM • Christel Francois • 45 sec de lectureLa rebelle Ruthselle Guillaume enflamme la toile!
Contrainte par la morte brutale et inattendue de son frère, la diva a encore mis le feu sur la toile avec la sortie de c...
Publié le 3 août 2021, à 12:11 PM • Christel Francois • 45 sec de lectureLittérature | International | L’écrivain Bachir Kamari nous a fait ses adieux.
La nouvelle fait frémir le monde de la littérature marocaine. Des suites d’une longue période de maladie, Bachir Kamari...
Publié le 26 juin 2021, à 12:23 PM • Etienne De Saint-Exil • 42 sec de lectureStepherly Murielle Paillant: invitée d’honneur à la première Edition d’ »Autour d’un livre »
Les organisateurs d’Autour d’un livre ont dévoilé le nom de leur invitée d’honneur pour leur première édition. Il s’agit...
Publié le 14 juin 2021, à 05:29 PM • Abigaelle Pierre • 3 min de lecture« Le développement social de l’intelligence » sera disponible à Livres en Folie!
Watchner Lazarre, psychologue et éducateur vient de publier à la maison d’édition Correct Pro « Le développement social...
Publié le 8 juin 2021, à 04:28 PM • Annie Francois • 2 min de lectureFestival de la musique au Tchad : Haïti sera de la partie grâce à Manno Beats
Emmanuel Pierre dit Manno Beats, représentera le pays au Tchad à l’occasion de la fête de la musique. Les 18 et 19 juin...
Publié le 7 juin 2021, à 01:38 PM • Christel Francois • 45 sec de lectureGrace à Stepherly Murielle Paillant, la plaidoirie n'a plus de secret!
La plaidoirie ne se limite pas uniquement à l'exercice du métier de la basoche. Elle fait partie de notre train de vie....
Publié le 28 mai 2021, à 12:02 AM • Annie Francois • 4 min de lectureBMPAD selebre Jounen mondyal liv ak dwa otè
Nan kad Jounen mondyal liv ak dwa otè yo 23 avril 2021 an, Bureau de Monétisation des Programmes d'Aides au Développemen...
Publié le 27 avril 2021, à 01:38 PM • La rédaction • 2 min de lectureHaïti | Culture | «Pran Devan»: Valancie Étienne nous propose une hymne à la protection.
Ici en Haïti, on est en mode double-fête, puisqu'en plus qu'aujourd'hui 3 Avril est samedi de l'eau bénite (la veille pa...
Publié le 3 avril 2021, à 02:42 PM • Etienne De Saint-Exil • 3 min de lecturePeace and love: Des artistes se transforment en ambassadeurs de paix
Le pays est touché par une crise politique et sécuritaire. Tous les secteurs sont devenus vulnérables face à cette insta...
Publié le 11 février 2021, à 12:45 PM • Christel Francois • 2 min de lectureMauvais temps
Ces derniers jours, toutes les conversations qu'ont les gens se déroulent autour de ces deux mots: "mauvais-temps". On p...
Publié le 9 février 2021, à 09:48 AM • La rédaction • 7 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.