UPNCH-Soutnans memwa an kreyòl: "Konstitisyon ayisyen an te deja bay dwa sa" selon Iléus PAPILLON
Rektora UPNCH la, nan sikilè nimewo C/03 : 39 la bay etidyan yo posiblite ekri epi soutni memwa yo nan lang kreyòl. Pou Iléus PAPILLON, se pa yon kado rèsponsab inivèsite a fè etidyan yo.

Dorenavan, etidyan nan UPNCH (Université Publique du Nord au Cap-Haïtien/Inivèsite piblik Nò nan vil Okap) ka ekri epi soutni memwa yo nan lang manman yo. Rektora etablisman piblik kote yo ap bay anseyman siperyè, nan yon sikilè ki te soti 29 jiyè 2022 a te anonse nouvèl la. "Aprè plizyè reyinyon ak yon seri atelye syantifik UPNCH te reyalize nan mwa me 2022 sou metodoloji rechèch ak chwa lang pou redaksyon ak soutnans memwa etidyan yo, aprè konsiltasyon Konsèy Inivèsite a, Rektora ap enfòme tout kominote Inivèsite a, pwofesè, etidyan ak lòt anplwaye yo desizyon sa a. Tout etidyan ki fin suiv tout kou teyorik ak pratik yo nan inivèsite a, avèk akò direktè memwa, kapab chwazi prepare, ekri epi soutni memwa li devan yon jiri soutnans nan yonn nan de (2) lang ofisyèl an Ayiti yo : kreyòl ayisyen oubyen fransè." Se sa nou li nan sikilè sa, Doktè Joram VIXAMAR, Rektè UPNCH la siyen.
Etidyan ki chwazi fè memwa yo nan lang kreyòl "ap jwenn yon akonpanyman lengwistik espesyal yon komisyon revizyon ki fòme pou sa, yon fason pou inivèsite a kapab asire li ke kritè ak egzijans akademik sou nivo lang nan travay memwa yo rèspèkte tankou sa fèt pou tout memwa ki ekri nan lang fransè" te pousib Rektè UPNCH la nan sikilè. Si anpil moun bat bravo lakontantman pou desizyon sa, Iléus PAPILLON li menm pa wè itilite sikilè a. Daprè sosyològ la ki gen yon Mastè nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn tou, Atik 5 Konstitisyon ayisyen an te deja bay etidyan yo posiblite sa lè li deklare: "Gen yon grenn lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se kreyòl. Kreyòl ak Fransè se de (2) lang ofisyèl peyi a."
"Konstitisyon peyi a di klèman peyi a gen de (2) lang. Sa vle di yon moun gen dwa pou li ekri, pou li pwodwi tout sa li vle nan de (2) lang peyi a. Soti yon nòt pou di etidyan gen dwa fè memwa an fransè oubyen an kreyòl, enplisitman, se di yo pa te gen dwa fè sa" daprè deklarasyon manb Sosyete Koukouy Ayiti ak Observatoire Patrimoine nan. Li te pousuib pou li di kòman li "twouve sa grav paske Konstitisyon an te gentan rezoud pwoblèm sa deja. Pou mwen, se pa yon nouvèl, sa pa te bezwen yon nòt. Te gentan gen yon bann baryè akademik ki te fè etidyan pa te ka fè memwa nan lang peyi yo. Sa ki nouvo se akonpayman nan nivo lengwistik lan paske ka gen mank nan kesyon sa. Men tout inivèsite an Ayiti gen obligasyon akonpanye epi aksepte travay yon etidyan fè nan lang kreyòl."
Se pa sèlman nan memwa pou etidyan yo gen dwa pou pwodwi nan yonn nan de (2) lang peyi a. Otè Sèt priyè lari a dakò ak sa. E menm aplike sa. "Nan Inivèsite kote mwen fè kou, etidyan mwen yo gen dwa pou yo fè egzamen nan lang yo vle [ant fransè oubyen kreyòl]. Mwen ba yo posiblite sa, mwen ba yo egzamen an nan de (2) lang paske okenn pwofesè pa dwe kwense ni etidyan ni timoun nan kesyon lang. Sa se yon premye eleman. Gen yon dezyèm eleman, pou mwen, menm dokiman pa ka anpeche w fè yon travay an kreyòl, ou gen dwa toujou tradwi de ou menm sa w konprann e mwen panse sa vrèman enpòtan. Sa pral pèmèt ou plis asimile nosyon yo".
Iléus PAPILLON, te rapousuiv pou li fè konnen chaje dokiman kreyòl e depi yon moun chèche l ap jwenn. "Liv yo disponib, sa pral depann de kote moun nan ale. Chaje dokiman nan Sant dokimantasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an. Kounye a se, èske yo disponib sou tout etandi teritwa a? Se yon kesyon enpòtan" se konsa piti gason Pòmago a te mete bout nan apwòch li a.
Èske Rektora UPNCH la pa ta dwe elaji posiblite pou chwazi ant kreyòl ak fransè a depi nan konkou pou antre nan inivèsite a?
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Ti chen gen fòs devan kay mèt li
- Kay koule twonpe solèy, men li pa twonpe lapli!
- UPNCH : des étudiants en mode touriste
- Pwofanayon oubyen inyorans?(Premye pati)
- Gran Sid p ap grandi pou sa
- Yon grenn anplis nan chaplè lavi Iléus Papillon!
A lire aussi
- UPNCH
- Memwa
- Kreyòl
- Iléus Papillon
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Rentrée des classes 2023 : Fatal Marckenson fustige le comportement des autorités
Certains élèves ont repris le chemin de l’école le 11 septembre 2023. D’autres, dont des enfants qui fréquentent des éta...
Publié le 18 septembre 2023, à 12:06 PM • Marckendy Dorsainvil • 4 min de lecturePremière édition du Haitian Kid Tech Convention : un franc succès !
B.A BA-Technologies a encore coché la bonne case ! La première édition du HKTC a été bien accueillie par le public tant...
Publié le 12 septembre 2023, à 11:07 AM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureSeulement 178 Institutions d’enseignement supérieur sont reconnues par le MENFP
Le Ministère de l’Education Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) a rendu public, début aout, la liste de...
Publié le 27 août 2023, à 02:27 PM • Louvencky Francois • 8 min de lectureUPNCH : des étudiants en mode touriste
Des étudiants en Communication et gestion des médias à l'Université Publique du Nord au Cap-Haïtien (UPNCH) ont visité l...
Publié le 2 août 2022, à 10:41 AM • Stevens Jean François • 2 min de lectureAne akademik 2022-2023 : paran nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan gen anpil kè kase
Dapre kalandriye Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ane akademik 2022-2023 a ap kòmanse 5 sèptan...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:23 PM • Marckendy Dorsainvil • 3 min de lectureEgzamen bakaloreya yo kòmanse jodia
Nan 10 depatman peyi, 115 337 elèv kòmanse konpoze nan bakaloreya jodia. Egzamen yo ap rapousib lendi 4, madi 5 ak mèkre...
Publié le 1er juillet 2022, à 08:11 PM • Louvencky Francois • 57 sec de lectureAnnée académique 2022-2023: le calendrier scolaire est connu
Le Ministère de l'éducation nationale et de la formation professionnelle a partagé avec public le calendrier de l'année...
Publié le 21 juin 2022, à 08:16 PM • Paul Martial • 59 sec de lectureTension à Torcelle : la 1ère journée des examens de 9ème année perturbée
Une vive tension a régné, ce lundi matin, à Torcelle et dans plusieurs zones de la région. Des rafales d'armes automatiq...
Publié le 20 juin 2022, à 08:27 PM • Paul Martial • 56 sec de lectureQuid de l'évaluation nationale 2022
Comme annoncé, plus de 50 000 élèves en classe de sixième année fondamentale ont pris part à l'évaluation nationale 2022...
Publié le 14 juin 2022, à 08:50 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureL'État n'a toujours pas versé de frais de fonctionnement à certaines écoles nationales
Cette année académique tire sa révérence. Certaines écoles nationales, conformément au calendrier du Ministère de l'éduc...
Publié le 10 juin 2022, à 07:41 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureENI : les infirmières doivent désormais rédiger et présenter un mémoire
C'est une nouvelle étape à franchir. Désormais, les étudiants de l'École Nationale des Infirmières (ENI) ayant bouclé le...
Publié le 1er juin 2022, à 09:26 PM • Louvencky Francois • 2 min de lectureOlympiades Nationales Haïti-Science: des élèves développent leur goût des sciences
Les Olympiades Nationales Haïti-Science sont à leur troisième édition. Cette année plus de 120 élèves de 7 départements...
Publié le 31 mai 2022, à 03:28 PM • Annie Francois • 2 min de lectureEducation: Le Gouvernement d'Ariel Henry fait des heureux
L'euphorie de la nouvelle de l'ajustement de salaire des cadres permanents n'est pas encore passée. Les contractuels, no...
Publié le 27 mai 2022, à 07:00 PM • Annie Francois • 2 min de lectureRentrée des classes 2021: des fonctionnaires publics attendent leurs arriérés de salaire
Une nouvelle année scolaire vient de commencer. Des milliers d’écoliers ont repris le chemin de l’école hier mardi. Pour...
Publié le 22 septembre 2021, à 01:51 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureRéouverture des classes incertaine dans le Grand Sud
L’équipe de facto au pouvoir, conduit par Ariel Henry a décidé de fixer la réouverture des classes pour le 21 septembre...
Publié le 17 septembre 2021, à 12:30 PM • Frandyjasmin1 • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.