Medikaman plis alkòl: yon move maryaj

Anpil moun isit gen reflèks pran medikaman ak alkòl, sitou lè yo gen lafyèv. Tandans la se bwè yon konprime ak kleren, souvan asowosi. Kontrèman a temwanyaj moun ki eseye fè sa, pran mediakaman ak alkòl pa yon bon konpòtman ditou. Sa ka gen gwo konsekans sou sante moun.

Crédit Photo: passionsante.be
Medikaman plis alkòl: yon move maryaj

Dènye jou sa yo gen yon fyèv k ap vale teren deyò a. Depi w pa tande yon zanmi, pa sezi tande l te gen ‘ti fyèv’ la. Menm lè Ministè Sante Piblik pa di anyen sou sa, anpil moun di se fyèv sezon. Gen lòt ki di se epidemi. Fyèv la vini ak tèt fè mal epi fè granmoun kriye tankou ti bebe. Pandan fyèv la ap vale teren chak jou, se konsa tou sou rezo sosyal menm jan ak nan kèk espas prive, anpil remèd ap sikile. Apre te ak fèy tankou aosowosi, sitwonèl epi beny ak fèy zoranj si, anpil moun konseye pran yon konprime pou fyèv ak yon bwason ki gen alkòl tankou, kleren ki gen asowosi tranpe ladanl. Se vre anpil moun di lè yo fè sa fyèv la tonbe men aji konsa gen gwo konsekans sou sante moun.

Dapre enfòmasyon ki disponib sou sit Proxim, yon gwo regwoupman famasyen endepandan, lè w melanje alkòl ak medikaman sa ka gen kèk konsekans sou sante moun. Pami retonbe ki posib lè yon moun konsome alkòl ansanm ak medikaman, famasyen yo site posiblite pou alkòl la redwi kapasite entelektyèl, diminye reflèks ak kowòdinasyon epi lakoz moun nan ap plede dòmi. Se pou rezon sa, moun pa dwe pran alkòl lè yo sou medikaman ki gen efè tankou sa yo sou sèvo a. Lè tou 2 kò sa yo vin kontre sa ka lakoz aksidan oubyen moun nan tonbe. Granmoun ki nan laj avanse dwe fè atansyon a risk sa yo.

Fwa, yon ògàn ki enpòtan anpil nan dijesyon, transfòme alkòl ak medikaman yo yon fason pou kò a ka elimine yo. Bwè alkòl ka aji sou pwosesis transfòmasyon medikaman yo nan fwa a, sa ki gen enpak sou efikasite yo oubyen ogmante efè moun pa ta swete. Lè w melanje yo ak alkòl, kèk medikaman, menm lè se dòz regilye w ap pran, ka lakoz fwa a blese. Asetaminifèn pa egzanp ka lakoz sa. Li enpòtan pou yon moun evite konsome bwason ki gen alkòl jous doktè di l ka fè sa.

Menm si se tretman natirèl ou ap swiv, pwodwi w ap pran yo ka pa mache ak alkòl. Gen nan yo ki ka menm aji tankou pwazon sou fwa a.

Konsome bagay ki gen alkòl, sitou regilyèman oubyen an gwo kantite, ka lakoz yon seri maladi tankou sik vin deteryore. Lè w bwè, sa fè w pipi plis donk ou riske dezitrate e sa ka rann yon seri maladi tankou ensifizans kadyak vin pi grav. Bwè alkc gen gwo konsekans sou moun ki fè tansyon epi li ka fè pwoblèm sante mantal vin pi grav.

Tout moun pa reyaji memn jan lè yo konsome alkòl. Sitou si moun nan gen pwoblèm sante. Nou pa ka di me ki kantite alkòl yon moun ka bwè san l pa gen okenn konsekans sou sante l. Sonje granmoun lontan yo di se ‘mèt kò ki veye kò’, pa bliye pran swen tèt ou.

Sous : https://www.groupeproxim.ca/fr/article/effets-de-lalcool-et-les-medicaments-sur-la-sante#:~:text=La%20consommation%20d'alcool%20peut,causer%20des%20l%C3%A9sions%20au%20foie.

 

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème