3 rezon pou w pa bay timoun medikaman ki pou granmoun
Anpil moun gen abitid bay timoun medikaman ki pou granmoun lè yo malad. Pandan lide a se pran swen timoun nan, pratik sa ka gen gwo konsekans sou lavi timoun nan menm lè se moso nan medikaman ou bay li.

Premye diferans ki genyen ant timoun ak granmoun se fason kò yo ye. Jan yo konn di pafwa, yon timoun se yon granmoun tou piti. Ògàn ki nan kò yo pa fonksyone menm jan akoz pa timoun nan poko fin devlope. Ògàn timoun nan pa gen matirite pa granmoun nan genyen. Sa se premye konsiderasyon yon moun dwe fè lè li ap bay yon timoun medikaman.
Se vre ! Kèlkeswa fason nou pran l, tout medikaman aji sou kò nou. Kò nou aji sou medikaman yo tou pou l ka rive elimine yo. Se sa yo rele metabolis medikaman yo. Pwosesis sa fèt sitou nan fwa a epi eliminasyon an fèt nan ren yo. Pou rezon nou pral site yo, yon moun dwe pran anpil prekosyon lè l ap bay timoun yon seri medikaman.
Dapre yon pedyat jounal la te kontakte men 3 rezon yo pa dwe bay timoun yo medikaman granmoun:
- Se pa tout medikaman granmoun ki itilize kay timoun menm si se pou menm maladi
- Medikaman kay timoun bay selon pwa. Sa vle di gen ris pou gen doz la twop ak entoksikasyon
- Gen ris tou pou gen rezistans si paran yo ap bay yon medikaman doktè ta dwe itilize lè timoun nan vrèman gen bezwen medikaman sa
Enfòmasyon ki disponib sou sit Doctissimo pa depaman ak sa pedyat la di a. Dapre sit sa Doktè Claude Malhuret ak Laurent Alexandre « kò timoun nan non sèlman pa ka byen transfòme pwodwi yo ni elimine yo. Tranfòmasyon medikaman yo ansanm ak eliminasyon yo nan kò a pa gen menm pwisans kay granmoun ansanm ak timoun epi adolesan. Lè yo bay medikaman an nan yon dòz ki pa adapte, li ka vin rasanble epi lakoz entoksikasyon ak yon eksè dozaj. Se pou sa yon moun pa dwe janm deside ‘adapte’ medikaman ki prevwa pou granmoun a yon timoun san yon doktè ni yon pwofesyonèl sante pa bay dizon l sou sa ».
Lè yon timoun pran yon medikaman nan yon kantite ki twòp sa ka lakoz : vwomissman, pèdi konesans, pwoblèm pou respire, twoub kadyak ansanm ak mouvman kip a nòmal. Kòm evite miyò pase mande padon, li miyò lè yon granmoun pa pran chans bay yon timoun medikaman ki pa pou li.
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
- Medikaman plis alkòl: yon move maryaj
- Poukisa yon paran dwe founi je nan telefòn yon timoun?
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
Ak chalè sa, avan lekòl louvri kèk kote nan peyi a, anpil moun ap ale nan plaj oubyen nan pisin. Gen nan yo ki pral tou...
Publié le 8 septembre 2023, à 02:52 PM • Annie Francois • 5 min de lectureRésurgence de dengue en Haïti : l’insécurité fait obstacle au MSPP
Diverses sources hospitalières ont indiqué, juillet 2023, avoir recensé des cas de dengue en Haïti. Un mois plus tard, l...
Publié le 3 septembre 2023, à 01:26 PM • Stevens Jean François • 5 min de lectureDes larves retrouvées dans le lait infantile Gallia
Des parents ont signalé avoir trouvé des larves dans des boites du lait infantile Gallia. Ils sont 110 au total. Les dis...
Publié le 3 août 2023, à 01:56 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureMedikaman plis alkòl: yon move maryaj
Anpil moun isit gen reflèks pran medikaman ak alkòl, sitou lè yo gen lafyèv. Tandans la se bwè yon konprime ak kleren, s...
Publié le 21 juillet 2023, à 03:44 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti : Relance de la campagne de vaccination contre la Covid-19, pour quel public cible?
Le Ministère de la santé publique et de la population (MSPP) a relancé mardi dernier, sa campagne de vaccination contre...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:09 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureHaïti: la Banque mondiale injecte 20 millions supplémentaires dans le secteur sanitaire
Le Conseil d'administration de la Banque mondiale (BM) a approuvé, hier jeudi, une aide évaluée à 20 millions de dollars...
Publié le 17 juin 2022, à 07:58 PM • Marckendy Dorsainvil • 59 sec de lectureDes mesures salvatrices pour l'OFATMA
Pour tenter d'endiguer de la crise financière, l'Office d'assurance accident du travail, maladie et maternité (OFATMA) s...
Publié le 6 juin 2022, à 02:20 PM • Louvencky Francois • 52 sec de lectureSurveillance Épidémiologique-Variole du singe: Découverte d’un cas suspect dans l’Artibonite, faut-il s’en inquiéter ? Partie 1
Un individu présentant des signes de variole du singe a été reçu en clinique externe au cours du mois de mai à Saint Mar...
Publié le 2 juin 2022, à 07:47 PM • Seide Putnam LOUIS-JEAN • 2 min de lectureInsécurité : les patients paient le prix du kidnapping
En vue de protester contre l'enlèvement du directeur médical, tous les services ont été mis à l’arrêt à l'Hôpital de l'U...
Publié le 27 mai 2022, à 07:07 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureJO de Tokyo : la santé mentale des athlètes s’impose comme facteur non négligeable!
Retardés d’une année en raison de la pandémie liée au Coronavirus, les Jeux Olympiques de Tokyo ont été lancés officiell...
Publié le 1er août 2021, à 11:37 AM • Seide Putnam LOUIS-JEAN • 4 min de lectureA-t-on également assassiné le MSPP?
On n’a plus de nouvelles du Ministère de la Santé Publique et de la Population ( MSPP) encore moins celles de la COVID...
Publié le 17 juillet 2021, à 04:20 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureLe coronavirus relégué au second plan!
Nonobstant le regain des cas de contamination enregistrés ces dernières semaines par les autorités sanitaires, les actes...
Publié le 6 juillet 2021, à 01:54 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureHaïti-COVID 19: l'OCNH est à pied d'œuvre dans le département du Sud
L’Organisation des Citoyens pour une Nouvelle Haïti (OCNH) a lancé le vendredi 28 mai 2021 dans le département du Sud,...
Publié le 31 mai 2021, à 01:08 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa grève des médecins, un mouvement peu productif
La semaine dernière, j’écoutais l’interview d’un résident de la Maternité de l’Hôpital Universitaire Justinien. Le journ...
Publié le 19 mars 2021, à 07:52 PM • La rédaction • 2 min de lectureHaiti-Vaccin anti COVID19: les autorités se dédouanent de toute poursuite en cas de manifestations indésirables graves
Alors que la polémique autour des vaccins anti COVID19 s'est amplifiée durant la deuxième semaine de mars et que des pay...
Publié le 19 mars 2021, à 11:20 AM • Stevens Jean François • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.