Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo

Ak chalè sa, avan lekòl louvri kèk kote nan peyi a, anpil moun ap ale nan plaj oubyen nan pisin. Gen nan yo ki pral tou viv rèv yo: fè bagay nan dlo. Pratik sa anpil moun toujou ap di ki dous anpil marande ak anpil danje.

Crédit Photo: Biba Magazine
Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo

Nan lanmè, nan pisin, nan twou dlo dous, nan rivyè, elatriye, anpil moun fè bagay. E gen nan yo ki toujou ap di kòman yo te apresye moman sa. Anpil na y opa konnen si fè lanmou nan dlo gen anpil danje sou sante moun. Pami yo, nou ka site: enfeksyon.

Bouboun fi se yon kote ki frajil epi ki pa renmen dlo. Non ! Se pa paske l malpwòp ! Men se pito paske l gen sa yo rele «bon bakteri» (laktobasiy) ki pwoteje vajen an. Lè dlo antre ladanl, sitou si se dlo ki chaje klowòks pisin yo, li touye bakteri yo sa ki vin fè mikwòb ki nan dlo a ka taye banda nan bouboun fi a epi enfekte l. Met sou sa, akoz ale vini ki ap fèt pandan penetrasyon an, anndan bouboun fi a ka vin anfle. Sa ki ka lakoz fi a pran enfeksyon pi fasil. Disèl ki nan dlo lanmè a toua p anpeche bouboun fi a mouye ak likid natirèl ki la pou sa. Sa ki ka lakoz bouboun fi a irite oubyen boule l nan moman penetrasyon an. Fòk nou sonje tou, plis dlo a frèt, se plis gen posibilite pou li chaje mikwòb, bakteri, elatriye. Menm si gason an ta deside met kapòt gen yon jan pou sa fèt.

Si gason an deside mete kapòt, li dwe mete l epi retire l deyò dlo a. Eseye mete l oubyen retire l nan dlo a konplike anpil. Met sou sa, si se nan lanmè moun yo ap fè lanmou a, gen anpil chans pou kapòt la pete sa ki ap gen pou konsekans pou moun nan pran maladi moun trape nan fè bagay oubyen tonbe ansent. San sa pa gen anyen pou wè ak kwayans nou isit, 2 moun k ap fè bagay nan dlo ka kole tou !

Se vre wi ! Se pa «Mèt dlo» a k ap fè sa. Se pito, akoz dlo a epi van kip a ka antre pandan ale vini yo, 2 moun yo ka rete kole yon anndan lòt. Dlo p ap ran mouvman yo fasil met sous a. Anplis de risk sa yo moun ki ap fè bagay an piblik ap vyole lalwa. Yo ka pran prizon epi peye amand pou sa.

Fè bagay nan dlo gen anpil avantaj se vre. Moun yo vin lou mwens, mouvman lanmè a ede anpil tou monte filin men se pa paske plezi ka fè pye n ap pèdi tè pou bliyan konsekans yo ap dire pi lontan pase moman plezi sa.

Sous : https://www.doctissimo.fr/sexualite/sexes/faire-l-amour-dans-l-eau-piscine-mer

Annie FRANÇOIS

Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème