Ariel chanpyon!
Kisa n pa t tande sou mouche Ariel lè l fenk pran pouvwa? San chèche konnnen kisa ki te fè Claude Joseph pete kouri remèt pouvwa sou tèt, anpil moun te prefere montre Ariel pa gen tout tèt li pou l ka mennen peyi a. 2 lane apre, Ariel rèd kon ke makak. Ti foto bredjenn nan ak atitid mouche a montre li gen jèvlèn. Men tou lè n gade jan Ariel ap jwe, jan l ap deplase pyon yo, jan li ap eksplwate sitiyasyon malouk peyi a nan avantaj li, nou oblije bay mouche a sa ki pou li. Mouche a chanpyon!!!

Tèt Ariel pa fin dwat, li fè alzaymè. Maladi granmoun ap fini ak li... Koze ki t ap di nan Larepiblik sou Mouche Ariel lè l fenk Premye Minis yo pa te bèl ditou. Li pa te rive nan pwen pou yo di l mete daypè menm jan ak Minis sante piblik peyi a, men dapre sa ki t ap di mouche a pa t twò lwen. Pawòl sa yo te fè anpil antreprenè politik plezi e yo te kouri al sipòte "granmoun entatad" la. Yo te twò saf, yo t ap bave twòp sou jan yo pral byen pase sou do Larepiblik. Yo pa t ka wè kou a!
Li evidan jodia, se te yon estrateji mouche Ariel te chwazi. E li te mache! Li woule nèg yo nan farin! André Michel te wè yon lòt Mécène. Li panse l ta pral ka kanpe tankou mayèstwo koral nan do Ariel! 3-4! Ariel ap regle biznis li, l ap ekzekite ajennda l ak ekip li. E pandan l ap fè sa, se pa sèl peyi a l ap detwi non! Li detwi anpil moun ak enstitisyon! Tout sektè pran kou! Se pa sèlman ensekirite, lavi chè, ratman gaz ak manje ki frape yo.
Pandan Wa Ariel (jan yo rele l konnya) sou pouvwa, nou wè kantite madigra mal maske ki gen nan peyi a. Nou wè pa t janm gen koze konviksyon pou anpil moun. Nou wè kòman enterè ka fè moun ranpe!!! Non, se pa tout moun k ap defann Wa a ki fè sa pou jwenn ti lamamay! Prizon pa dous tou non! Pa anmègde yo?
Pandan Wa Ariel sou pouvwa li montre n kòman gen brasè ak brasèz tout kote. Yo gen tout plim, tout plimay. Yo nan tout sektè ak enstitisyon. Sa k ta di yo ta dekouvri otorite nan Legliz nan trafik zam? Ebyen nou viv sa! Menm jan nou wè anba anpil moun nan sektè prive a, anpil politisyen ki te nan danse kole ak bandi! Kiyès nan antouraj Wa a yo sanksyone deja?
Sa ki pi enteresan nan jwèt mèt dam Wa Ariel ap jwe a se rive mouri zo l epi anpil aktè, souvan san yo pa rann yo kont, bay lòt moun pote chay malè peyi a. Se Ariel ki chèf konsèy nasyonal Polis Nasyonal la, se li ankò ki Minis enteryè poutan anpil moun ap lonje dwèt sou lapolis ak lame a ki ap tann lòd Wa Ariel pou aji. Bandi san fwa ni lwa ap vale teren, ou kwè dirijan politik tankou André Michel pa pran plis jouman pase Wa a? Djo Mòy menm viktim plis. Li pa pale se lajan li resevwa kan l pale se plis lajan li bezwen! Moun yo pa janti ditou ak ansyen Senatè a. Yo prefere bay li responsab lavi chè a paske l te fè mouvman ane pase kont lavichè (ki vin pi malouk) olye yo lonje dwèt sou Wa a ki pa pran okenn dispozisyon pou fasilite lavi moun! Sa m ta di sou Madanm Manigat ki te gen bon tan ap kanni nan rezèv Larepiblik ? Mouche a bay madanm nan tit san okenn pouvwa !
Ariel peyi a se pou ou! Woule woule w. Lidè mouvmans sosyal, lidè mouvans popilè a, lidè relijye yo pran kou! Militan ap goumen ak militan olye militan goumen pou militan parèy yo! Bagay la madjagwe! Lidè relijye yo menm sanble bliye kisa Ti Komite Legliz (TKL) te fè nan peyi a. Yo sanble bliye kisa Pastè Sylvio Claude ak Jeany Vladimir te fè nan peyi sa! Jounen jodia se tankou lidè Legliz yo pè gade dirijan yo nan je! Pastè Marco prefere mennen fidèl yo al viktim anba men bandi Kanaran olye l mennen yo al poze mouche Ariel kesyon!
Si n byen gade kominote entènasyonal la, lidè politik yo, klas ekonomik la elatriye ka fè plis bagay pou chanje yo isit pase ekip ki sou pouvwa a. Menm sa n pa wè yo (Bondye, Ginen yo, Lwa yo, Zanj yo, elatriye) pran plis kout bouch repwòch pase Wa a! Non, mouche a bon!!! Bravo Ariel. Kòm nan koulwa pouvwa a yo di w di se jou w wè ki konte, eritaj ou pa regade w nou konprann sa k fè w ap aji konsa! Ou chanpyon nan san wont ak san konsyans granmoun kannay!

Stevens JEAN FRANÇOIS
- Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
- Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
- Sa nou bay pòv se Bondye nou prete l
- Résurgence de dengue en Haïti : l’insécurité fait obstacle au MSPP
- Qui pourra nous secourir ?
- Vive Tropicana!
- Déploiement d’une force internationale en Haïti : la population a tranché !
A lire aussi
- Ariel Henry
- Haïti
- Ayiti
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Veye Jèvilòm!
Kannal la p ap kanpe ! Anpil moun dakò sou sa. Pou dlo rive nan 3 mil ekta ki nan plèn Maribawou a nou mete an aplikasyo...
Publié le 29 septembre 2023, à 01:51 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureÀ la recherche du leader !
La situation de la jeunesse haïtienne est en bon nombre de points similaire à celle des personnages du roman de Jacques...
Publié le 10 août 2023, à 03:10 PM • Stevens Jean François • 3 min de lecturePral gen kouri?
Publié le 29 juillet 2023, à 01:00 PM • Louvencky Francois • 3 min de lectureLiberté ou la mort!
Ce 2 janvier est consacré à la mémoire de l'héroïsme de nos ancêtres qui n'ont pas hésité à consentir au sacrifice ultim...
Publié le 2 janvier 2023, à 03:20 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureNouvel an : quel vœu formuler dans le contexte actuel ?
2022 n'est plus. Cette année combien difficile pour le peuple haïtien a tiré sa révérence. Tous les regards sont mainten...
Publié le 1er janvier 2023, à 02:54 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureLa poudre de perlimpinpin
Des chefs de gangs notoires mortellement blessés ; des otages libérés, des maisons qui servaient de cachette pour les ba...
Publié le 9 août 2022, à 12:59 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureAriel Henry, audace? En-veux-tu, en voilà...
Publié le 28 juillet 2022, à 10:47 AM • Etienne De Saint-Exil • 3 min de lectureTintamarre!
Publié le 10 juillet 2022, à 07:58 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureAriel, kote fig la?
Ariel Henry pran nou pou makak. Si jaden Jovenel Moïse la te toujou la, olye yo te voye bannann nan peyi Almay, yo ta ba...
Publié le 8 juillet 2022, à 10:20 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureHaïti : la plus grande prison du monde!
Ces derniers jours, la réalité des personnes en détention nous a pris de court. Malgré nous, nous avons fait une immersi...
Publié le 3 juillet 2022, à 09:34 AM • Stevens Jean François • 3 min de lectureBòn fèt papa, ou merite l!
Chak dènye dimanch nan mwa jen, isit an Ayiti, nou selebre papa yo. Se jou sa nou ta dwe fete tout papa, poutan kontrèma...
Publié le 26 juin 2022, à 02:24 PM • Stevens Jean François • 2 min de lectureInsécurité : le secours ne viendra pas d'ailleurs
L'insécurité fait rage. Le BINUH dont le mandat prendra fin le 15 juillet prochain n'a pas vraiment aidé à la combattre....
Publié le 19 juin 2022, à 02:21 PM • Jodel Pilate • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.