12 janvye 2010, Bondye te sispann bon?

Anpil ayisyen te konsidere tèt yo tankou bèf san lake. Yo pa t pran responsablite yo kòm sitwayen. Dirijan yo t ap kalbende pandan yo pa t rele chalbare dèyè yo ni pran dispozisyon pou pwoteje lavi yo ak lavi pwòch yo. Yo te ret kwè Bondye ap pouse mouch pou yo ak lòt moun yo. Daprè yo, malè pa t ap ka rive an Ayiti paske pèp la priye anpil. Gwo katastwòf yo te konn tande k ap rive nan lòt peyi yo, yo pa t vle dakò yon jou yo ka rive isit. Poutan 12 janvye 2010 tè a tranble, 300 mil moun mouri, anpil dega materyèl fèt. Lè sa anpil moun vin panse se Bondye ki deside tounen !

12 janvye 2010, Bondye te sispann bon?

Koze Ayiti nan sa yo rele "senti sismik Karayib" la pa t enterese anpil moun. Malerezman, menm otorite pase yo pa t sanble pran koze a oserye. Zafè ti pati pa nou an sou zile a te tranble nan lane 1751, 1761, 1770, 1842, 1860, 1887 ak 1904 pa t twò enterese yo. Pa t gen bon politik piblik pou anpeche anpil dega sizoka ta gen tranbleman tè mayitid 5 ki pa fon nan tè. Poutan tout kote sou latè, eksperyans yo te montre depi tranbleman tè sa ta rive nan yon anviwònman vilnerab t ap gen anpil dega. Isit pa t gen dispozisyon ki te pran paske Bondye bon li ap voye zanj li kanpe alantou Ayiti.

Ayiti pa t pran dispozisyon pou anpeche anpil dega akoz likefaksyon sòl, enstabilite teren, tankou wòch k ap woule, wòch ki detache epi ki tonbe oubyen glisman teren, koze sounami a se twòp gwo liv moun ki t ap avèti n yo te li, nou pa t menm bezwen pale de replik. Pèp la pa t konn kisa ki tranbleman tè alewè ki konpòtman li dwe genyen lè tè a ap tranble. Sèvis ijans ak tout sistèm ki ta dwe an plas pou pote moun sekou epi bay yo swen apre tranbleman de tè yo pa t egziste. Plis pase tout pèp sou latè, Otorite yo ak tout popilasyon an te vle kwè Bondye ap toujou bon pou nou ! Nou te bliye Labib la pale de katastwòf natirèl tou. Nou te bliye nou dwe veye pandan n ap priye. E nou dwe veye avan !

Nou te bati nenpòt kote, nenpòt kòman. Pa t gen otorite pou kouri dèyè n. Dayè menm batiman piblik yo pa t pran an konsiderasyon ris ki gen pou gen tranbleman tè omwen mayitid 5. Nou te rete la ap bat dlo pou fè bè, nou t ap degaje n paske jan n renmen di l la, li pa peche. Ti bouton se chimen maleng, nou te bliye sa. Konpòtman sa lakoz anpil moun mouri, anpil pèdi yon pati nan kò yo, anpil moun twomatize. Non, se pa Bondye ki te sispann bon pou nou, se iresponsablite n ki te lakoz nou viv eksperyans malouk sa. Nou te prefere priye olye n te pran responsablite nou ! Ki leson nou aprann? Èske n dakò bay lasyans chans pou amelyore kalite lavi n? Si tè a tranble konnya kisa k ap chanje? Se vre anpil kote bandi fè anpil moun kouri men tè a ka tranble anpil lòt fwa menm jan sa fèt dènye tan sa yo. SI sa ta rive konbyen dega k ap genyen? 

Li pa janm twò ta pou n montre zòrèy nou pa pi long pase tèt nou! Gen twòp tan depi yo ap di nou « Tranbleman de tè pa yon fatalite, se pare pou n pare ! »

 

Stevens JEAN FRANÇOIS

 


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Jan bwè, jamè sou!
Avis de décès
Charivari!
Me diri a!
Yo koken, yo mètdam
Veye Jèvilòm!
Ariel chanpyon!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème