Jounen entènasyonal dwa moun: Tout moun se moun

Jodia fè 75 lane depi Asanble Nasyon Zini te adopte Deklarasyon dwa pou tout moun. Depi jou sa, 10 desanm vin konsakre kòm jounen entènasyonal dwa moun. Pandan n ap komemore desizyon manm asanble Nasyon Zini an pou adopte gwo kokenn chenn dokiman sa ki vin pwoklame yon seri dwa chak moun genyen san okenn distenksyon epi pèsonn pa ka retire, li enpòtan pou n ta fè yon kout je sou reyalite n ap viv jodia. Sa enpòtan pou nou plis pase tout pèp sou latè, paske depi apre lendepandans la zansèt yo te deside monte yon sosyete san fòs kote, ki te gen yon sèl poto mitan : « Tout moun se moun ».

Jounen entènasyonal dwa moun: Tout moun se moun

Ou kwè gen yon lang sou latè kote yo rezime tout filozofi dwa moun nan pi byen pase lang manman nou ? «Tout moun se moun » nan la pou raple n depi w se moun, ou gen yon seri dwa ki baze sou dinyite ak valè w kòm moun, dwa sa yo pou tout moun, pèsonn pa ka retire yo ni yo pa ka separe yo paske yonn depann de lòt epi yo fè yon sèl. Plis pase 100 lane apre, Nasyon Zini vini ak seri prensip sa yo ke zansèt nou yo te tabli nan peyi a depi jou yo vin pran desten n an men apre yo fin kouri dèyè kolon franse yo. Ala bèl bagay !

 

N ap tou dakò se yon ayisyen ki te viv reyalite sa ki pou te al demoli tout vye teyori rasis ki te vle fè kwè gen moun ki plis pase lòt ! Se pa yon aza si se Joseph Anténor Firmin ki te vin montre kòman teyori sa yo pa gen anyen pou wè ak lasyans vre ! Nou pa gen dwa bliye sa ! Jodi a nou pa ka rete sèlman ap sonje sa ki te pase. Se moman tou pou n gade n nan glas kòm pèp pou n mande n eske tout bon nou aplike prensip zansèt nou yo te kite pou nou an?

 

Eske diferans ant moun lavil ak moun andeyò, batistè sitaden ak peyizan, mache nan lojik tout moun se moun nan? Eske sosyete a janm pran dispozisyon pou tout moun gen menm kantite chans depi jou yo fèt pou jous yo ale nan peyi san chapo? Dayè èske yo te janm rive anrejistre nesans tout timoun ? Ki lè politik piblik gouvènman pase yo te reflete responsablite Leta pou garanti epi pwoteje dwa tout moun? Depi ki lè Leta konn pran ka malere k ap pase mizè anba men gwo zouzoun? Depi ki jou moun ki pa ka di « quant à moi je suis » konn gen la vwa o chapit? Eske « Bourik travay chwal galonnen », « Rat manje kann zandolit mouri inosan », «Zafè kabrit pa zafè mouton » elatriye, te dwe reyalite nou kòm pèp. Sa Leta ak sosyete sivil la di nan sa ? Kisa ki te fèt pou chanje move pratik kote dwa mou ap vyole chak jou nan peyi a ? Ki desizyon ki te pran pou pa kite pèsonn viv nan sitiyasyon kip a marande ak diyite l kòm moun ?

 

Jodia ti bouton nou te neglije a tounen gwo maleng ! Si n te aplike prensip « Tout moun se moun » nan, ou kwè se kote moun, nou te refize rekonèt tout dwa yo, t ap viv ki ta vin tounen pi gwo pwoblèm sosyete a ? Se konpòtman otorite pase yo ki vin bay tout gwoup gang ak zam fann fwa sa yo k ap detwi lavi malere, anpeche n sikile, vyole, masakre, kidnape, elatriye. Nou dwe dakò sa, pa t gen okenn dispozisyon ki te pran pou moun sa yo jwi dwa sivil, dwa politik, dwa ekonomik, dwa sosyal, dwa kiltirèl ak dwa kolektif yo. Jodia se espas kote moun sa yo t ap viv yo ki tounen angrè pou gang. Akoz aksyon bandi san fwa ni lwa sa yo anpil frè ak sè nou tonbe, anpil timoun pa ka ale lekòl, anpil moun twomatize. Reyalite n pa bèl ditou e se nou ki pou deside chanje l. Kòman ?

 

Ann deside fè yon peyi san pas pouki. Yon peyi kote ni pitit sòyèt ni pitit zotobre ap gen menm chans epi jwi tout dwa yo. Nou ka fè sa, zansèt nou yo trase wout la pou nou deja. Nou dwe deside fè « Tout moun se moun » nan vin 3 wòch dife sosyete kote libète, diyite ak jistis pou tout mou nap sèl prensip k ap dikte n sa pou n fè.

 

Stevens JEAN FRANÇOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Jan bwè, jamè sou!
Avis de décès
Charivari!
Me diri a!
Yo koken, yo mètdam
Veye Jèvilòm!
Ariel chanpyon!

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème