Ti chen gen fòs devan kay mèt li

Gwo nèg se Leta! Gwo Jera te fè m panse koze sa se verite. Pa gen moun ki te oze kontrarye l sou katye a paske mesye sa se li ki te fè lalwa, sa m di la? Se mesye sa ki te lalwa. Na konprann poukisa m di se li ki te lalwa.

Crédit Photo: maitre-et-chien-epanouis.fr
Ti chen gen fòs devan kay mèt li

Gwo Jera, Jera Jozèf nan batistè l, te rive enpoze l kòm otorite nan kanton an. Lanati te bay li kouray pou sa e li te deside eksplwate kado sa. Dapre sa moun ki te konnen l depi lè l te ti kat kat te toujou rakonte, sa pa t janm deranje l lè yo rele l Gwo Jera. Okontrè, li te fyè paske se gwosè l ki te fè anpil moun pè l. Mouche a te byen grandi, li te me wotè e met sou sa li te gwo nèg.

 

Depi lè l te gen 5 ane, timoun ki te gen 2 fwa laj li te oblije koube devan l. Depi l pale se te fini. Se li ki te chwazi kiyès k ap nan ekip foutbòl li. Si FIFA te konnen li te dwe voye yon delegasyon vin rankontre l paske se li ki t ap fè lalwa lè boul ap jwe. Gòl anile pou fo òje oubyen paske jwè a choute twò fò, fot ki pa egziste, penalite paske gadyen an kenbe boul la ak men l elatriye se kèk règ Jera te enpoze. Yo rakonte li te menm konn aplike lwa sa k pèdi a genyen lè l ap jwe. Se konsa ane pase, mesye a toujou ap domine. Pèsonn pat oze kontredi l. Granmoun kon timoun te mache dwat lè l la. Paske ak matirite laj vin pote pou li, Gwo Jera te vin rèspèkte prensip epi toujou veye pou moun nan zòn nan pa an kontravansyon ak lalwa ni lamoral. Tout moun te koube, jiskaske Bili vin debake nan zòn nan.

Bili yon ti ratay gason te vin pase vakans kay matant li. Lè li tande se Gwo Jera k ap fè lalwa nan katye a li te tonbe ri. E li te deside blaze l. Pèsonn pa t rive konprann kòman timoun sa fè pa rèspèkte Gwo Jera konsa. Men sa ki te pi dwòl la se paske Gwo Jera pa t janm reyaji. Bili te pran plezi joure Gwo Jera, li menm konn ap voye wòch sou li lè l ap pase. Gwo Jera ki te san pitye ak timoun dezòd sou katye a pat reyaji. Anpil moun te twouve bagay la dwòl.

Yon apremidi, Bili al fè menm bagay li abitye fè yo. Men fwa sa, farin nan pat vin nan menm sak la. Gwo Jera kale misye byen kale. Pandan l ap kriye, li di Gwo Jera « ou konn trè byen kiyès ki papa m. M pral fè l arete w ». Pawòl sa pa t gen rezilta Bili te swete a. Okontrè se plis baton li pran.

Lè Gwo Jera fin bat li byen bat, li di l « Si w te fè nouvèl, ou t ap konnen yo arete papa w depi 3 jou akoz li fè twòp abi ». Si Bili te fimen li t ap vale yon bout siga tèlman li te sezi! Tout kouraj ak asirans li te genyen an ale. Li mete l ajenou epi mande « Ton Gwo Jera » padon.

 

Abigaëlle PIERRE


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème