Tabak an poud ak Ti Noufi (Dènye pati)

Tabak an poud ak Ti Noufi (Dènye pati)

Mèt Rosini ki di « Tabak an poud bon Ougan» pran balèn li, byenèt li, li ale nan chanm Lasirèn nan, devan basen granfanm nan, al soupriye manbo a poul tounen Noufi ba yo. Ay manbo a monte nan tèt Nayide byen fache ! Men, apre on pil palab, mande padon, manbo a di ti tchovi a pako rive nan men l menm Bawon poko wè l.

Papa Noufi mande lwa a sa pou l fè pou pitit cheri l la tounen nan bra l. Repons kesyon sa a pral tonbe tankou yon frèt midi. Lwa reponn « se pa nou ki pran l se li ki mande vin pran l. Se li pou n konvenk ! Lwa yo pou ryen. Pou kounya pitit la nan reyinyon ak Danbala e Jal Ogou kanpe ap veye kò a sou lòd mèt Bawon ki poko ka deside resevwa Ti Noufi. Veye ! Kou chyen yo komanse jape nou mèt konnen reyinyon an fini epi na degaje n negosye ak li si l vle tounen... ».

Epi, san yon mo, san yon eksplikasyon anplis, Lasirèn desele. Pyès moun pa konn kijan sa pral ye. Dayè se premye fwa yo ap viv yon koze konsa. Chak moun ap bay lide pa yo. Ougan an menm ap chèche, l ap fouye ki tou l gen nan manch li k ap ede l soti nan 3 wa l li ye a...

Bristoukou, chyen yo tanmen jape ! Brap, mouche a leve, l al sou kò a atè a. L ap sipliye, plenyen, radote, ofri pitit la, sa l poko ka achte. Mmm ! Mouda ap koupe klou ! Tout moun ap tann ! Eeeeee !!! Pwèt nad marinad ! Pwenn fèpa. Chen yo tanmen djoule ! Dezespwa blayi atò ! Remò kòmanse taye banda l sou latristès. Sak kòmanse pran kriz. Aaa… Bagay gate !

Tankou tout fanmi vodou ki rèspèkte tèt li, yo kòmanse pare seremoni pou voye tilezany la ale. Jan sa dwe fèt, kwiy depoze. fèy kase, bouji limen, farin ap depose. Nan yon sakad pyès moun pa konprann Ti Noufi leve kanpe sou 2 pyel... L ap chante « Danbala wèdo se bon se bon lè la sele chwal la gen moun kap kriye »... Lap chante ak ògèy ! Premye fwa yo wè Danbala konsa, ògèy la tounen griyen dan. L ap ri ak gwo gòj epi l di « nap kite sòt. M pwomèt nou se dènye fwa, lè nan Ginen pale pou n pa tande. Nou pa wont jan n mechan, jan jalouzi fèn sòt. Ensanse, tchovi a gen mèt ! Nenpòt sa l fè, po t mèt li plent. Nou pa wè li konne nl gen mèt ? Nou pa wè lè sa trop pou li, li chèche wout li. Mwen fout ale m ap ba nou l ankò men piga... »

Bip ! Li tonbe ankò, mouch pa vole, tan kanpe menm on popyè pa bat y ap tann. Yap tann Ti Noufi rèn kay la. Manbo k ap ranplase papa l la. Tipitit 10 zan an kap soufri rayisans frè sè ak bèlmè paske tout ta bezwen plas Ougan an. Men, elas zakataw fè glaw nan Ginen tande ! Plas la pou ti dènye a.

Tou fèb, yo tande ti dan lèzany la kap sonnen ak yon frison. Boutabout, tout kò l pran tranble. L ap kriye, l ap rele li frèt, ede l papa, manman, frè. Ni sa k renmen l ni sa k rayi l, plonje sou li. Yo ap goumen pou chofe l. Tankou tranche fanm ansent ki fin akouche yo bliye tout doulè ! Yo kontan wè Ti Noufi. Tout moun bliye lè. Tout bliye lannwit. Yo ap tann vwayajèz la vin pale ak yo di sa l t wè sa l te tande. Konprann byen, se pa tou lè jou moun mouri leve.

Men, Ti Noufi chita byen poze, byen vlope. L ap bwè ti bouyon l dousman. Papa a pa ka tann. Li pran lapawòl: « Pitit fi m saw fè nou la ? Se pa rayi nou rayi w. Se pou byen w cheri. Konprann nou. Pou n ayisyen, pou n pòv, n ap viv andeyò. Nou lèd, nou se vodouyizan. Epi pou n sòt an kò? Cheri konprann nou bebe m. Se pou demen w n ap travay. Jan w renmen kilti w sa, l ap pi bon pou ou si w pran lekòl la oserye. Pouki w oblije aji janw fè a?»

Bla bla Tabak an poud ap pale. Men, se pa sa moun yo ap tann... Pitit la leve tèt gad papa l. Li depoze bòl bouyon an ak dlo n an je. Pitit la di : « Mwen pa t ale pou m rete non papa. M ap pale avè w, di w m bouke pran baton, souf mwen ap koupe. Men kòlèw te pi fò ke vwa m, ke pitye w. Kòm m touijou tande lwa yo di se kenbe yo ba w kenbe m, m pa pou ou mwen rele yo. M rele yo pou m t mande yo pwen pou m ka travay lekòl, pou m fè mwayèn 8 ak 9 sèlman. Men kòm yo di m se pa konsa bagay la ye, m di yo si se konsa yo mèt tou pran m. M p ap ka kontinye soufri konsa. Lè m vin sot lekòl, tout moun okipe, pyès moun pa ka ede m. Lekòl la, lè m poze kesyon yo dim fè lwa papa m yo eksplike m. Se yon mizè ! Pyès profesè pa gade m, pou moun lakay se pa diferan. Mwen rele kannotye imadovè vin pran m. Map pi alèz kote sa ki vle m... »

Tankou kout raso pawòl Ti Noufi ap fann kè moun k ap tande l. Malgre remò, lapèn bouche vwa papa l li di pitit la : «Men kisa k fè w tounen menm ? Kisa Danbala t di w ? Eske w pa t wè Lasirèn ? » Anfen, mouche a bonbade ti lezany la ak kesyon. Lè l fin tande papa l, li leve tankou on ti granmoun titay. Li di « Papa Danbala ban m nouvèl ba ou. Li di m di w se ou ki ban m vye legzanp ki fè sa te rive la. Tout jounen w ap anmède lwa yo ba w sesi ba w sela san w pa fè anyen pou w jwenn sa w vle yo. Danbala se pa mirak ki bay richès se travay li dim di w. Se pa pòv ou vin pòv. Se je w ak entèlijans ou ki bouche. Chak yon razè pran w ou vann on tè ou yon lòt bagay e kòb la depi l tonbe, trap de, ou gentan gen on nouvo tifanm. Ou gentan chaje zanmi pou ede w boule l. Kou lajan fini, tout ale menm pou w fè dans, Lwa k ap ede w travay la se nan redi. Lògèy ak fè wè fin chire diplom filozòf ou a ni ou ni manman m. Nou bliye ki sa travay ak libète vle di. Tou tan se liminen pou tann bòlèt kou bolèt tonbe kè n kontan nap boule lajan san n pa regle anyen. Kounya se pouw travay, tounen nan jaden. Menm leson ou pa vle fè anko ! Chak saw vann se pa ogmante li ogmante byen w. Si retire l retire. Kounya ou wè sak fè w kote w ye a ou wè c pa lòt Ougan k ap chèche detwi w ! Nou tande mesye dam ? Depi jodia m ap pran men m, m pa konn si na swiv mwen... »

Latè frèt apre tout koze sa yo. Chak moun ki te prezan, apre mèvèy sa, ap fouye nan yo menm, bay konsyans yo masay pou wè si la revini. Y ap bat pou wè kijan, kibò, yo ka fè efò, chanje sa k gen pou chanje. Pandan m nan foul la, mwen konsyans mwen se sou poze kesyon l ye, li poko nan chanjman. Djòl fouyapòt mwen ouvè, li mande Ti Noufi: « Kòm premye moun ki mouri ki leve, ou ka dim kijan sa te ye? »

Menm lè repons la t ap itil tout moun, Tabak an poud fout mwen yon sèl kout baton, li voye m teri sou manman ak papa traka m.

MAFF


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème