Sa nou bay pòv se Bondye nou prete l

Jan Wobè te vle pèdi lespwa. Kòm ansyen pwofesè li te fè plis pase 40 ane nan vi l ap bay plizyè jenerasyon moso pen ledikasyon. Jounen jodia, li retrete epi malad. Apre plizyè ane ap konbat maladi a, ekonomi l fini. Ti sa Leta ap bay li a pa pèmèt li peye chanm kay li ap viv ladan l la ni peye medikaman ak frè lopital. Sitiyasyon malouk sa te fè l ap mande tèt li èske l te fè bon chwa nan vi l.

Sa nou bay pòv se Bondye nou prete l

Jan Wobè te travay byen lekòl e li te fini etid li san difikilte. Li te fè fyète paran l, 2 kiltivatè. Yo te espere pitit yo a, premye moun ki desann Filo nan fanmiy la, t ap deside vin avoka, doktè oubyen yon wo grade nan lame. Jan Wobè li menm pa t wè bagay yo konsa. Se vre tout mount e toujou di l ke l gen kapasite pou l antre nan inivèsite san parenn ni marenn. Se vre tou ke l te gen konsyans ke li ase entelijan pou sa rive. Men li pa t janm wè tèt li kòm doktè, avoka, enjenyè. Li pa t anvi ale nan lame tou. Jan Wobè te wè fonksyon sa yo p ap ka ede l kontribye pou tabli yon lòt Ayiti li te toujou reve a. Pou li, pi gwo kontribisyon li te ka pote se te bay timoun yo, avni peyi a, edikasyon yo merite a.

Paran Jan Wobè yo te fache anpil. Yo te estime yo te merite plis pase sa. Sakrifis yo te fè pou voye sèl grenn pitit yo a al kontinye etid li nan kapital apre l te fin desann sètifika ta dwe jwenn plis pase sa dapre. Men Jan Wobè pa t sede. Li te klè sou sa, se pwofesè li vle ye. Se konsa li antre nan Lekòl Nòmal Siperyè epi soti loreya pwomosyon l. Malgre tout bèl pozisyon yo te ofri l, li te refize yo. Li te prefere retounen al anseye nan sèl grenn Lise ki te genyen nan depatman kote l te soti a. Se la li te rete ap anseye pandan 40 lane jiskaske l pran retrèt.

40 lane apre, Jan Wobè kouche malad. Paran l yo te mouri sa gen kèk lane. Li ret la ap mande l ak ki figi li ta pral gade yo si yo la. Li te anvi ede peyi l, li pa t ezite fè kwa sou yon seri karyè ak pozisyon ki t ap pi enteresan men l te prefere rete nan sal klas la. Se la li te chwazi rete e se la li te aprann elèv li yo sa ki rele patriyotis, moral elatrite. Anpil jenerasyon pase. Elèv li yo vin gen gwo pòs nan Leta ak nan lòt enstitisyon nan peyi a. Gen ki vin Senatè, Depite, Minis, Direktè gwo enstitisyon prive ak bwat nan Leta, gen ki vin pwofesè tankou l tou e se elèv sa yo ak lòt ki ap goumen ak lavi a ki fè fyète l.

Jan Wobè pa t fyè de ansyen elèv li yo ki malgre gwo pozisyon yo te okipe pa t fè anyen pou amelyore fason moun ap viv. Se akoz ansyen elèv say o ki fè li menm ak anpil lòt moun nan malsite nan peyi a. Yo te prefere bliye sa l t ap di yo epi dechèpiye Leta pou yo menm ak antouraj yo ka byen pase. Akoz de jan peyi a vin ye a, Jan Wobè pa jwenn rekonpans li te merite apre 40 ane sèvis. Li ap mande tèt li si an Ayiti se tout bon byen ou fè a ou ap jwenn rekonpans pou li?

Abigaelle PIERRE

Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique

Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème