Ougan Tabak an poud ak Ti Noufi (Premye Pati)

Ougan Tabak an poud ak Ti Noufi (Premye Pati)

Kriiiiiiiip!!!!!

- Tchuipp! Gad jan mouche a benyen m ak dlo sal la! Machin ou genyen wi salopri! 

-E fout mwen ki fè w pa gen machin djanman! 

-Mmm moun yo pa konn moun mwen, Tabak an poud , wi! Y ap ranse ak mwen konsa lavi pap di w! Mwen ki premye gen machin nan bouk tisitwon. Ki premye fè perestil an tòl ak penti koulè. Konnya gad ti sanzave ki aprann kondui nan kokorat, lave machin, siye machin ap vin ranse ak mwen...                            

Apre kout san sa Ougan Tabak an poud bay bondal 2 tap li al lakay li. Tankou on kout van, li antre nan badji l. Li pa gade youn nan 14 pitit li yo ak 4 fanm li yo ki te gaye kò yo devan kay Madan Lenba, antoure pi Tijan an. Li antre nn badji li rale tchatcha l, li sonnen ason l, li limen on chodjè 3 pye kap boule luil depi sou tan lakoloni. Ay fout! 

Li kanpe devan miwa Lenglensou l. L ap chante. L ap mete litani atè. L ap pot lwa l yo plent pou lamizè. L ap mande yo bèl machin, bèl kay pou l sispann imilye. L ap mande pou l tounen grannèg ankò, pou l rejwenn respè l... 

Tout moun yo ap tande. Sa k ap ede l priye. Sa k ap ri. Sa k ap tchuipe. Anfen...

Chak moun la pou yon koz. Konsa Manzè Nayide, youn nan kenge l yo leve li di l: Tande non mouche avan lwa " janbourik woule nan labou w" la desann, men tifi w ap chouchoute, gate tout jounen, fè l konnen l son afè a pran kanè wi. Li pa remèt anyen.

Eyyy! Mouche a rape kanè a nan men fi a li wè yon lot mwayèn 3 ankò. La menm yon lwa mondong pran l. Li rale tchovi a nan kolèt. Li tonbe maspinen l ak dyòl ak ponyèt. Ti lezany lan dezòd vre, men sa twòp o!

Mouche a profite rakonte tout imilyasyon l sou do Ti Noufi. Podyab li atè a, nanpwen vwa ankò. L ap ouke kou chwal Sen Jak kap monte lapòt. Eeeee konpè a pa tande l pa wè se chaplèt kap tonbe.

Chak lè kanè se konsa ak ti vwa l san souf li di: Nou ka touye m pou lekòl men jamè ede m banm leson. M pa konn sa ki te pran l! Koze sa monte ray menm moun ki t ap mande gras pou li. Men podyab li gen rezon vre, ala li pitit 2 filizòf. Li chaje sè ak frè filozòf rabi petèt, men filozòf kan menm. Men ede pi piti yo pa nan lespri yo. Se fè limena ak limeno.

Men bon se pa koze a sa... Depi tan nap pale a chaplèt ap tonbe pi rèd jouk yo pa tande l ni rele ni bouje ankò. Eeyyy! Anmweyyy men Tabak an poud touye pitit mwen! Manzè Nayide bliye si l tap chofe. Konnya l ap rele l ap sanble pèp. a? Anmweyyy sekou! L ap rele men jamè pase on dlo nan figi tchovi a k ap file tou dousman pou peyi san chapo... Papal tou tonbe rele kriye, mande padon paske chak lè l bat li konsa granmoun tchovi a vin regle ak yo. Mmm tout moun se yon sèl pawol! Yo te pale w yo te di w pa bat li. Twòp pa di l twòp pou ou! Eyyy! Rèl poko ka pete pyès moun poko kwè ke Ti Noufi te ka ale konsa ... (A swiv)

 

MAFF


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème