Priyè pou sent lapli

Zakataklaw! Zèklè ap file, loray ap gronde. Tout moun chita anba yon gwo choukoun ap tann kèk gout lapli pou mouye gòj bouk la ki anba lesèk depi mwa jiyè. Tout moun chita ak veso yo. Nan bouk la pa gen anpil kay tòl ki pou ranmase dlo.

Priyè pou sent lapli

Anba choukoun nan, nan mitan mizè k ap ravaje bouk la w ap li grangou k ap kalina sou figi yo k ap fòse ri, chante, pou kache sant ti poul travayè jaden yo k ap chape anba karako sal yo k ap koukouman ak sant tafya. Mmmm ! Yon melanj bosal ki fè linyon ak on sèl priyè nan pye sent lapli. Yon priyè ki fèt san mo ak dlo je e pil soupi.

 

Nan yon kout rèl, anmwey, Man Dela leve. Li pran yon gode blan ak yon bouji. Li ale devan pòtay la. Li jete kèk degout dlo nan ti ma dlo ki te anba gode a. Li ale pi lwen devan 3 ti pyès kay ki masonen ak labou, pay kann ak wòch. Li jete dlo epi l tannen chante: “Grann leve n atè a n ajenou lontan leve n…” Epi l depoze chita atè a. Li pèdi fòs, chante a ret nan gòj jouk li ret toufe nan kè...Epi Grann ki chita je fèmen louvri je l. Li gade epi ti Marasa yo nan pye l. Ak lapèn nan kè l, Grann limen kachimbo l. L ap pouse moustik, toufe mizè ak lafimen kachimbol ki anpeche l wè deyò men k ap kriye mizè pitit li yo.

Konsa, Jiwo, yonn nan ti Marasa yo mande Grann pou ki tout toumant sa yo, tout zeklè sa yo. Grann pa reponn. Jiwo kriye pi fo atò. Grann reponn: « Se mouche Agawou ak Jal Ogou kap tire manchèt, tire kanno ». Jiwo mande l pouki lèzom nan mizè epi yo se goumen y ap goumen èske se pa pou lèzòm pou yo ta goumen? Grann monte zepòl apre yon tan silans. Li di yo « lezany mwen yo m ap voye n kote yo ». Jino, yon lòt Marasa,  di « O ! Grann ou kwè y ap tande n jan y ap goumen la a ». Grann di di yo « se mwen ki voye n » epi l lonje yo yon krich dlo.

Ak lapèn nan kè, marasa yo lonje la men pran krich la epi yo soti. Yo ap vòltije. Yo ap fè lide yo mache kijan yo ap fè pou rive fè misyon sa a. Yo anfouraye nan reflechi epi yo tande yon chante k ap soti nan pòtal la rive nan kafou a : « zanfan la yo kote na prale...se nan lari a n te ye mizè nan do n... ». Epi timounn yo vire. Yo wè parenn Legba, baton l nan men l djakout li sou do l. Yo rakonte l ki misyon Grann ba yo.

Pa Legba leve baton l. Li di yo “Wout la long. Men m ap louvri chimen sa a pou nou. Li pi kout. Fè ladan l pou n rive pi vit paske ka grav”. Epi nan mitan yon rak bwa ke yo pa t janm wè, chimen an trase. Vit e prese lezany yo file. Trap de yo rive yon kote. Zèklè se yanyan, ap file. Chak tonnè se yon kout kanno. Se la yo wè Mèt Agouwou ak Jal Ogou swe kou kanna you n anfas lòt. Yo ap met zago. Ayyy fou! Bagay la myèl. Men, 2 je Marasa yo Klere, yo pa konprann wataw epi yo tanmen pale. Men, podyab nanpwen vwa. 2 ran dlo 2 ran larim, yo pran wout pou tounen.

Gòj yo soti pou kase telman yo bouke. Tèllman yo eseye pale fò. Se lè sa, yo sonje krich Grann nan. Yo chak bwè 2 bon gòje. Ay ! Ttankou limyè chase fènwa se konsa zantray yo rafrechi ak bèl pawol saj, ak fòs pou pale. Ayayay ! Yo vire, yo tanmen pale bèl koze ki menm jan ak dlo Grann nan rafredi ladè gèrye yo.

Souf yo gwo kou tanpèt, yo bese atò pou fin koute lezany yo. Lè yo wè sa, yo pale ak ray. Yo mande mesye yo pouki goumen an. Jiwo fè moral nèg yo. Men Jino ki pi kalm di “ Parenn èske se vre se pou Nenn Freda w ap goumen ak tout gwo kolèt” Jal Ogou reponn “Non m ap goumen pou lè zengra. Lèzòt bliye m yo bliye sa n ye. Yo koupe pyebwa pa si pa la. Kase mòn fè kay. Aaaa, tchuipps epi yo mete n nan traka. Men kounya pil lafimen nwè izin yo pil dezagreman yo fè manman latè koz rad li ap plede chire. Manto l plen tou menm larèn solèy yo pa rèspèkte. Chak jou lap kriye epi nou konnen dlo je Larèn se dife. Li defilfare manto Man Latè. Kounya chak jou, yo mete n nan soude pou rekole manto a...

Apre tout explikasyon sa yo, Marasa yo souke tèt. Yo konprann atò. Touman lèzòm sot nan lèzòm. Move revelasyon sa fè yo tris. Kòlè anvi monte yo, men yo sonje grann ki la pi lontan li pa fè kòlè. Yo gade krich la, yo chak bwè yon gòje ki kalme yo. Jiwo di : “Kidonk yo pap jwenn lapli?” Met Agawou reponn: “Map kontinye pouse zèklè. Jal Ogou ap pouse dife kanno. Konsa kèk nyaj a fonn bay degout lapli. Ka a grav men Jal Ogou pa bliye misyon w”.

Sou pawòl sa yo Marasa yo pran menm ti chimen an pou yo tounen vin bay Grann nouvèl.

Mmm ti gout lapli tounen mirak tèlman nanpwen pyebwa. Men, podyab tibouk la si se pa komès chabon nan pwen lavi... Se konsa y ap pale. Yo ap reflechi, y ap plenyen, y ap kriye jouk yo rive kot Grann. Lè Grann wè y ap tounen pi tris ke lè yo ta prale a li louvri tche rad li akeyi yo. Li siye dlo nan je yo. Lè yo fin remèt Grann krich la, Grann bay yo dlo lave pye yo epi l di yo nou konprann atò si m di n nou pap konprann. Depi tan m la c travay sa a m ap fè. Men, mmmm, n ap kontinye travay.

Ak dlo nan je lògèy, Marasa yo pran chante: « Yo se pitit Ginen piga mòde jouk nan zo... » Grann leve li wonble Loko. Van pran vante, nyaj pran danse epi nan papòt kay la li vèse 3 degout dlo. Nan yon dènyè kout zèklè, lapli vide. Espwa gaye. Soulajans jayi, timoun yo tonbe chante ! Man Dela ki te toujou atè a leve kouri al pran dlo. Li chaje kay li ak dlo. Li lave tout kò kay li. Menm rad li pou l al legliz dimanch li lave.

Lè lapli a, li te leve san gad dèyè. Li kite godèt la al rès bouji a neye nan labou...Se konsa 2 pitit Man Dela ki t ap suiv sa manman yo t ap fè a wè gode a pandan yo sot lamès prèske tere anba labou. Ak lapèn yo chita devan gode a. Ak dlo nan je tèlman engratitid moun yo fè yo wont. Yo pran gode a. Yo lave l epi yo limen yon bout bouji devan kay la pou di mèsi. Pandan m ap pase m wè yo. Lwa jouda m monte m. M al mande yo pouki y ap liminen. Yo rakonte m istwa a.M tèlman kontan jès la, m pran chante: « Legba m remèsye w... ». Se pandan n ap chante Man Dela wè n. Li ban m on kout Tonbe djab m vin tonbe la.

 

MAFF


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème