San pèdi tan, AKA ap pike devan

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ap ranfòse tèt li. Ayè jedi 30 jen an, 10 akademisyen entegre enstitisyon Leta sa ki gen kòm premye misyon: fè tout sa ki nesesè pou ankouraje pwodiksyon nan lang kreyòl.

Crédit Photo: AyiboPost
San pèdi tan, AKA ap pike devan

10 akademisyen antre nan Akademi Kreyòl Ayisyen an ayè jedi 30 jen an. An total, AKA vin genyen 41 akademisyen epi li prevwa reyalize divès aktivite pou pèmèt Kreyòl la, lang manman nou, vanse nan bon direksyon. 

Ak ogmantasyon kantite akademisyen yo, AKA vin gen plis moun ki gen jèvlin pou ride lang kreyòl la avanse. Se yon pa nan bon direksyon an. Rèsponsab enstitisyon endepandan sa te tou pwofite fè konnen yo gen kichòy nan djakout yo. Nan yon ti tan yo ap pote bon komisyon. Pami pwojè yo ap travay sou yo, òtograf ak fonetik kreyòl la okipe yon gwo plas.

Rektè Inivèsitè Leta Ayisyen (ILA), mouche Fritz Deshommes, pat manke plede pou revelorize lang kreyòl la yon fason pou amelyore kalite kominikasyon. Minis Kominikasyon ak Kilti a, Emilie Prophète Milce pa t depaman ak li. San dlo nan bouch li, li te deklare "Nou dwe kontinye travay pou byen lang manman nou: Kreyòl ".

Li te pousib pou l di: "Travay pou lang kreyòl avanse se yon sasèdòs". Minis la te kontinye pou di kijan sa fè l mal lè l gade se nan lang franse plis pase 95 % liv ki ranje nan bibliyotèk nasyonal la ekri. 

AKA pral gen 8 rekòt kafe nan jou kap vini yo. 10 akademisyen tou nèf yo pran angajman pou rèspèkte epi fè rèspèkte Konstitisyon an. Konsa tout enstitisyon nan peyi a ap ekri dokiman an kreyòl.

Paul MARTIAL


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème