Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap

Yon gwoup sitwayen nan Okap ki regwoupe yo anba non « Pou Okap, pou Ayiti » pa t pran tan pou fè konnen pozisyon yo apre seremoni prestasyon sèman Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa a. Pou sitwayen sa yo, Konsèy la dwe poze aksyon pou anpeche peyi a retounen nan yon sitiyasyon tankou sa l ladan l la.

Kominike #2
Se aksyon Konsèy Prezidansyèl la k ap montre si l vle fè ripti vre, pozisyon yon goup sitwayen nan Okap

Manm Konèy Prezidansyèl Tranzitwa a prete sèmam ayè 24 avril 2024 la. Estrikti sa dwe mennen bak peyi a pandan l ap pran dispozisyon pou l rive nan nòmalite konstitisyonèl, pou retabli sekirite, elatrye. Divès gwoup nan sosyete a reyaji apre seremoni prestasyon sèman sa ki te fèt nan Palè Nasyonal la. Pou Okap, pou Ayiti  se yonn nan yo.

 

Pou sitwayen sa yo, seremoni prete sèman an se rezilta yon long pwosesis. « Depi plis pase yon mwa tout je te fikse sou aktè ki te enplike nan demach pou jwenn yon solisyon a kriz peyi a ap viv la. Jounen jodi a, apre anpil traktasyon, gen yon etap ki rive franchi. Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa a prete sèman. Divès aktè nan klas politik la, sosyete sivil la ak klas ekonomik la rive met yo ansanm pou mete enstitisyon sa sou pye » nou li nan kominike niewo 2 yo a.

 

Konsèy la monte men defi yo anpil. Dapre sitwayen sa yo, « retabli sekirite pou pwoteje moun ak byen, fè eleksyon pou n ka rive retounen nan yon nòmalite konstitisyonèl, se 2 pi gwo defi k ap tann ekip sa. Nou menm kòm aktè, nou pran nòt prestasyon sèman yo e n ap tann aksyon yo pral gen pou poze nan jou k ap vini yo. Soti nan eleksyon pou chwazi yon Prezidan nan mitan yo rive nan chwazi manm gouvènman an ansanm ak lòt otorite nan tout nivo Leta, Konsèy la dwe voye yon sinyal klè k ap fè n wè si tout bon yo sousye de malè ki plandye sou tèt popilasyon an ».

 

« Pou n gen yon tranzisyon ripti toutbon, dwe gen dispozisyon ki pran pou n pa janm tounen nan katchouboumde sa ankò. Se pa ak bèl diskou sa pral fèt, se chak grenn aksyon ki pral poze yo ki pral fè l rive yon reyalite. Je nou la n ap gade, nap veye anwo, nap veye anba, nou p ap sispann veye chak grenn aksyon k ap poze yo paske n pa gen dwa ap tatonnen ankò, ni nan kontinye ak gapji amdimistrativ ki karakterize Leta sa e ki akouche yon sosyete kote mizè mas popilè a ap anpire chak jou ki pase. Nou rate twòp okazyon, fwa sa nou dwe asire n timoun yo, jenerasyon k ap vini yo ap viv nan yon pi bon peyi. Se pou sa nou mande pou tout aktè ki enplike nan Konsèy la sonje se pa enterè gwoup ki voye yo a yo gen pou defann, men yo la pou goumen pou yon demen miyò » se pozisyon Azemar Frantz, Cadet Gérald, Charles Pitelly, Derisma Smith, Georges Kalin, Jean Francois Stevens ansanm ak Jeune Emol.

 

« Pou Ayiti, pou timoun k ap vini yo, pou popilasyon an divòse ak mizè, chomaj, grangou elatriye » sitwayen sa yo pwomèt yo « ap rete veyatif ».

 

Louvencky FRANCOIS


Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème