Fondasyon Zanmi Timoun p ap bese bra l
Ensekirite k ap vale teren nan plizyè zòn nan peyi a vin met apse sou klou. Sitiyasyon malouk sa gen gwo konsekans sou lavi moun ak enstitisyon nan peyi a. Gen anpil ki oblije bay vag. Fondasyon Zanmi Timoun, li menm, deside kontinye ranpli misyon l.

13 fevriye 2001, plizyè gwoup jèn ki te soti nan divès katye popilè nan kapital peyi a te deside mete sou pye Fondasyon Zanmi Timoun. Se pa nan lide pou fè lajan yo te pran gwo desizyon sa. Yo te monte òganizasyon sa, pou akonpanye epi fè pwomosyon pou dwa timoun nan peyi a. Plis pase 20 rekòt kafe, malgre difikilte ki te soti tout kote, Fondasyon Zanmi Timoun rete yon gwo alye pou tchovi ayisyen yo.
Depi kèk tan, lavi vin pi difisil an Ayiti. Ensekirite a vin anpeche moun nan zòn ki pre kapital la ak divès lòt kote nan peyi a fonksyone. Bandi ak gwoup gang ak zam fann fwa ap simen latwoublay. Yo tiye, yo vyole, yo boule, yo rache, yo kidnape, yo masakre. Yo pa sispann elaji teritwa yo pandan otorite nan Leta yo rete ap konstate teritwa k ap pèdi. Anpil vi pèdi, anpil fanmiy pèdi ti lajan yo te sere e yo gen dèt yo ka pa rive peye jous yo vwayaje pou peyi san chapo. Anpil enstitisyon nan peyi a oblije fèmen pòt yo tou. Fondasyon Zanmi Timoun pa nan lis sa.
Se vre sitiyasyon an malouk, se vre bagay yo pa fasil men Fondasyon an toujou kontinye ranpli misyon l. Manoach PRESNA te pote presizyon sou jan enstitisyon an ap fonksyone. « Fondasyon Zanmi Timoun ki se yon òganizasyon k ap defann ak fè pwomosyon dwa Timoun pandan dènye ane sa yo rankontre anpil difikilte pou l rive fonksyone epi mennen yon ansanm aksyon ki gen pou wè ak misyon l. Fenomèn ensekirite a ki ap grandi chak jou pi plis konplike sitiyasyon enstitisyon an ki gen biwo santral li nan Pòtoprens. Sikolojikman sitiyasyon k ap devlope yo afekte pèsonèl biwo a men ki malgre sa pa lage. Nan sans sa, enstitisyon an pran dispozisyon pou sekirize espas biwo a epi kontwole rantre ak soti tout moun k ap frekante espas la. Fondasyon Zanmi Timoun moutre l fleksib tou nan orè fonksyònman l. Sepandan, tout aktivite nou yo kontinye, menm si fòk nou konsyan se pa ak menm rit yo, lè nou konsidere deplasman pèsonèl biwo a ak animatè teren yo ki vin pi difisil akoz fenomèn ensekirite a » te fè n konnen Responsab Pwogram nan Fondasyon an.
Timoun yo se premye viktim sa k ap pase nan peyi a. Anplis de lekòl k ap mal fonksyone gen tou yon seri sitiyasyon timoun yo viv ki ka twomatize yo pandan tout rès vi yo. Fondasyon an konnen sa e li ap aji. « Depi plis pase 20 lane Fondasyon Zanmi Timoun bay tèt li misyon pou akonpanye Timoun yo, patikilyèman sa ki pi fèb yo. Zanmi Timoun gen plis pase 5 lane l ap akonpanye ekolye ak ekolyè nan plizyè lekòl piblik nan kapital la nan sa ki gen pou wè ak aktivite sikosyosyal. Pou ane eskolè 2023-2024 la, nou antann akonpanye plis pase 2000 timoun yon fason pi regilye nan menm aktivite sa, nan objektif pou ede Timoun yo fè fas ak gwo pwoblèm ki twomatize yo chak jou epi ki gen gwo konsekans sou pèfòmans eskolè yo » te pousib mesye PRESNA.
Timoun ki nan kontravansyon ak lalwa yo benefisye akonpayman fondasyon an tou. Se nan sans sa dapre sa Rèsponsab Pwogram nan fè konnen « Zanmi Timoun kòmanse mennen kèk aksyon nan CERMICOL tou pou akonpanye jiridikman timoun ki gen dosye k ap trennen ki merite trete yo.[ Pandanstan, nòt redaksyon an], enstitisyon an ap kontinye resevwa, akonpanye ak soutni Timoun otorite peyi Repiblik Dominikèn ap voye an Ayiti yo» defansè dwa timoun nan te deklare.
Fas a kontèks difisil n ap viv la nou te ka mande si Fondasyon Zanmi Timoun rive kontinye akonpanye Timoun jan l te konn fè sa avan? Men tou èske l prezan tou pou Timoun ki deplase nan kan yo? Mesye PRESNA te pote presizyon sou sa. Fondasyon Zanmi Timoun p ap bese bra, l ap kontinye reponn ak misyon l ki se akonpanye Timoun yo malgre tout difikilte li kapab rankontre. «Depi aprè deplasman popilasyon Kafou Fèy la fas ak atak gang ak zam yo, nou prezan nan kan deplase yo pou akonpanye Timoun yo. Sitiyasyon kategori sa nan kan yo difisil anpil selon konsta nou fè nan Zanmi Timoun, men n ap kontinye prezan ak yo pou ede yo pase move moman sa a» li te konfime pou nou.
Fondasyon Zanmi Timoun gen biwo santral li Pòtoprens, nan ri Bosan, Tijo. Li gen biwo nan Beladè nan Plato Santral epi li abitye travay nan plizyè kote nan peyi a, tankou depatman Nip, depatman Nòdwès elatriye. Fondasyon Zanmi Timoun bay garanti li ap kontinye mennen batay pou dwa timoun yo rèspèkte sou tout teritwa nasyonal la. Li konte tou kontinye mande tout aktè pou yo mete dwa Timoun yo an premye, paske dwa Timoun yo dwe respekte nan tout sikonstans.
Stevens JEAN FRANÇOIS
- Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
- Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
- Sa nou bay pòv se Bondye nou prete l
- Ariel chanpyon!
- Pral gen kouri?
- Ayiti pran nan konplo! Zòt rayi li pou endepandans 1804
- Ane akademik 2022-2023 : paran nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan gen anpil kè kase
A lire aussi
- Fondation Zanmi Tmoun
- Dwa timoun
- Ayiti
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
Dosye kannal la tounen yon patat cho nan men pouvwa dominiken an. Nan echanj ak laprès LA Semanal, Prezidan Luis Abinade...
Publié le 2 octobre 2023, à 02:40 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureForce onusienne : le MOPOD rappelle ce dont Haïti a besoin
Le Mouvement populaire patriotique dessalinien comme d’autre structures et personnalités a fixé ses positions sur le dép...
Publié le 24 août 2023, à 10:31 AM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureDéploiement d’une force internationale en Haïti : la population a tranché !
Plus de 60 % de la population est d’accord que la PNH a besoin de l’appui d’une force internationale. C’est ce qu’a révé...
Publié le 10 août 2023, à 03:21 PM • Paul Martial • 3 min de lecture« M pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon », Mèt Durand Charles Edouard
Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, pa t pran tan pou fè limyè sou videyo ki t ap sikile yo. Li rekonè...
Publié le 7 août 2023, à 02:14 PM • Stevens Jean François • 5 min de lecture« Aksyon Komisè Gouvènman Okap la raple m peryòd Tonton Makout yo », Mèt Samuel Madistin
Nouvo Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, lakoz yon pakèt pale anpil sou rezo sosyal yo 3 semèn apre e...
Publié le 4 août 2023, à 05:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureInsécurité à Pilate et Limbé : la structure "Les Christophiens en Marche" attend toujours des actions concrètes de la PNH-Nord
Le climat sécuritaire s'est détérioré à Pilate et Limbé, deux communes du département du Nord. Assassinats, vols, viols...
Publié le 31 juillet 2023, à 02:55 PM • Annie Francois • 3 min de lectureLutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.