« M pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon », Mèt Durand Charles Edouard
Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, pa t pran tan pou fè limyè sou videyo ki t ap sikile yo. Li rekonèt se te yon fo pa. Mèt la, nan mikwo Wendy Phele, te tou pwofite raple reyalizyon l nan tèt Pakè a epi fè konnen se paske l pa dakò lage bandi pou yon seri moun ki fè yo ap tante efase tout rezilta li gentan bay yo.

Depi vandredi 4 dawout pase a, non Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, ap fè it sou rezo sosyal yo. Gen moun k ap bat bravo pou li. Konsa tou genyen ki ap kritike l. Pami yo, genyen moun ki afiche djwed yo. Ou ta di se yon fason pou di mèt la : « Me kwa manman w, si w kapab vin koupe cheve m ! ». Tout reyaksyon sa yo vini apre videyo kote tout moun te wè Komisè Gouvènman an, akonpanye ak polisye ansanm ak ajan BBSAP, t ap koupe cheve 2 jenn gason nan Okap. Mèt la te kouri reyaji sou videyo epi fè limyè sou sèn nan.
Pou kòmanse, Komisè a te raple kontèks cheve yo te koupe a (Pou plis detay al li : https://www.lecourrierdelanation.com/actualites/article/2023/08/04/aksyon-komise-gouvenman-okap-la-raple-m-peryod-tonton-makout-yo-met-samuel-madistin ). Pa t gen operasyon mache koupe cheve moun dapre li. Li te akonpanye lameri ki te nan lari a pou enfòme moun ki fè yon seri ri Okap tounen garaj ke yo gen 2 jou pou deplase machin yo. Se konsa pandan yo t ap mache fè moun yo konnen desizyon sa vin gen yon seri moun ki te vin ap lanse pawòl piman bouk epi menase otorite yo. Dapre sa Komisè a rapòte, moun sa yo t ap di yo p ap fè yon pa paske yo peye meri a deja pou yo fè garaj nan lari a.
Komisè a ki fè sonje li te gen dwa arete moun ki t ap menase otorite yo, fè konnen li te prefere pale ak yo pito. « Yo menase n, yo agrese n kòm otorite. M te ka fè arete delenkan yo epi mennen yo devan m. E nan sans sa m ta pral pouswiv yo, mete yo nan prizon eksetera. Lè sa ta pral gen plis demach ankò. Paran yo ta pral entèveni eksetera. […] devan sitiyasyon an m di olye m pini yo nan tèl fason, bon m ap voye yo koupe cheve yo paske se cheve sa ki fè yo panse ke se yon lijanboje ke yo ye. Banm desann nan volim yo » te rakonte Komisè a.
Chèf Pakè Okap la te fè konnen li te pale ak moun yo. « Avèk gwo cheve ou vin gen yon vizaj menasan, ou vin sanble ak bandi », « estil la pa sanble w » se kèk koze li fè konnen li te di yo nan ti bat bouch ak yo a. Apresa pou « ankouraje » yo al fè cheve yo, li te koupe kèp pye cheve nan tèt jenn gason yo ki pa plis pase 2 dapre sa l fè konnen. Komisè a te tou pwofite raple limit fonksyon l la pa rapò a sèn nan. « Se pat wòl mwen sa, wòl mwen defini pa kòd Enstriksyon kriminèl la. Se sèlman lè moun yo komèt yon enfraksyon pou m aji kont yo » te endike Mèt Durand ki te pran tan pou di jan l sansib pou non l.
Mèt Durand ki te dakò tankou tout moun li ka fè yon fo pa, te fè konnen gen moun ki kritike l tou paske se li ki t al koupe cheve mesye yo olye l te mande yonn nan ajan ki te ansanm ak li yo fè sa. Li te pwofite deklare ke l konprann moun yo epi l lonje men bay yo paske gen anpil pwoblèm nan jiridiakyon an. « M pran ni louwanj ni kritik ak menm kè a, m resevwa yo ak menm men an. Donk si yon moun kritike m se paske l ta renmen wè m avanse. M gen yon CV ke m ap konstwi nan majistrati a. A chak paj m ap ekri ladanl m ap aprann de fo pa m. M ap aprann de erè m » se sa l te deklare.
Mèt Durand, te pran tan pou mete pwen sou « I » et ba sou « T ». « M pa te pran yo pou bandi m di yo estil la fè yo sanble yon bagay yo pa ye. Epi, kòm yo vini ak langaj ki vyolan tou sa vin fè yo estigmatize yo, kategorize yo. M pa ka arete moun paske yo fè djwed, m pa ka arete moun paske yo fè gwo cheve non. Konnya m te fè l kòm se te yon fo pa, se pa konsa m ta dwe fè l, se pat bon estrateji a, se pa t bon metòd la, m fè amand onorab. M p ap retounen ladan l ankò. Moun yo mèt met nan tèt yo ke mwen menm m pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni ak estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon paske lalwa mande m pou m pousziv yo ».
Dapre Komisè gen moun k ap bat pou eksplwate fo pa li fè a. Li pa t met dlo nan bouch li pou l di « Se moun ki vle kache travay, bilan ke n gentan gen la, se moun ki vle efase l. Nou gentan plede nan 4 asiz kriminèl. Nou gentan plede nan kad asiz koreksyonèl. Nou gentan voye plizyè dizèn dosye nan kabinè enstriksyon. Anpil dosye ki te bloke nou debloke yo. Gen demand yo fè nou ki pa marande ak lalwa. Nou opoze a yo donk sa lakoz moun fache. M kont bandi, tout moun konn sa. Epi m pran responsablite m. M kont bandi donk kèlkeswa fason an n ap trennen yo devan lajistis oubyen lapolis ap estope yo. Men konnya, gen anpil moun, e se pa nenpòt ki kalite moun, k ap vini pou mande w libere bandi pou yo sou yon ka imanitè, sou yon ka libète endividyèl. M reziste epi m opoze a liberasyon sa yo paske mwen menm bandi p ap koule anba men m. Donk m konprann gen enterè k ap defann anba anba».
Kiyès moun sa yo ye? Poukisa Komisè Durand pa t tou arete yo ? Eske moun sa yo pi gran pase lalwa ? Komisè Durand me boulò w, jwe ! Anpil moun ap tann ou montre se tout bon pa gen malere ni gran zouzoun devan lalwa !
Stevens JEAN FRANÇOIS
- « Aksyon Komisè Gouvènman Okap la raple m peryòd Tonton Makout yo », Mèt Samuel Madistin
- Ane jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
A lire aussi
- Jistis
- Komisè Gouvènman
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
Dosye kannal la tounen yon patat cho nan men pouvwa dominiken an. Nan echanj ak laprès LA Semanal, Prezidan Luis Abinade...
Publié hier, à 02:40 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureForce onusienne : le MOPOD rappelle ce dont Haïti a besoin
Le Mouvement populaire patriotique dessalinien comme d’autre structures et personnalités a fixé ses positions sur le dép...
Publié le 24 août 2023, à 10:31 AM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureDéploiement d’une force internationale en Haïti : la population a tranché !
Plus de 60 % de la population est d’accord que la PNH a besoin de l’appui d’une force internationale. C’est ce qu’a révé...
Publié le 10 août 2023, à 03:21 PM • Paul Martial • 3 min de lecture« Aksyon Komisè Gouvènman Okap la raple m peryòd Tonton Makout yo », Mèt Samuel Madistin
Nouvo Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, lakoz yon pakèt pale anpil sou rezo sosyal yo 3 semèn apre e...
Publié le 4 août 2023, à 05:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureInsécurité à Pilate et Limbé : la structure "Les Christophiens en Marche" attend toujours des actions concrètes de la PNH-Nord
Le climat sécuritaire s'est détérioré à Pilate et Limbé, deux communes du département du Nord. Assassinats, vols, viols...
Publié le 31 juillet 2023, à 02:55 PM • Annie Francois • 3 min de lectureLutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
Aktyèlman, plis pase yon milyon kretyen vivan ki rete nan zòn metwopòl Pòtoprens lan nan ensekirite alimantè. Sitiyasyon...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:03 PM • Annie Francois • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.