Ane jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen anyen ki chanje pou anpil moun k ap tann jistis. Dosye yo ogmante, moun an detansyon prevantiv pwolonje yo vin pi plis pandan pou CSPJ ane sa se yon reyisit.

Atik 75 premye alineya dekrè 22 dawout 1995 sou fonksyònman jistis la klè sou sa: "Ane jidisyè a kòmanse premye lendi mwa oktòb pou li bout dènye vandredi mwa jiyè". Kidonk se an akò ak prensip lalwa, Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ/Conseil supérieur du pouvoir judiciaire) nan yon memorandòm li pibliye ayè jedi 28 jiyè 2022 anonse tout moun sa konsène, ane jidisyè 2021-2022 a bout. CSPJ a ki jiskaprezan pa janm ka ranplase manb li yo manda yo te fini an, pa te kite okazyon an pase san li pa te salye pèsonèl jidisyè a ak tout aktè ki te pèmèt ane jidisyè sa yon siksè malgre tout difikilte peyi a ap fè fas a yo. Ki siksè?
Akoz grèv pèsonèl li, sistèm jidisyè a plede kanpe pandan ane sa. Gen jiridiskyon kote apre grèv sa yo, aparèy jistis la konn bloke akoz mouvman pwotestasyon avoka ki konn ap rele anmwey kont Komisè gouvènman ki, dapre yo, ap vann jistis.
Dapre Vera Institute, soti 1995 rive jounen jodi a vin gen 2 fwa plis moun nan prizon an Ayiti. Dapre BINUH kantite moun ki nan prizon san yo pa janm pase devan jij pou jwenn kondanasyon oubyen liberasyon yo soti 76 % nan mwa jen 2020, li rive 85 % nan mwa mas 2021.
Pou ane 2022 a gen kèk obsèvatè ki di sou chak 10 moun ki nan prizon se yon sèl ki kondane. Sitiyasyon sa anplis move kondisyon prizonye yo ap viv nan prizon yo gen anpil konsekans sou yo. Nou ka site kòm egzanp tantativ yon prizonye nan Jakmèl te fè pou touye tèt li.
18 jiridiskyon jidisyè yo chaje pwoblèm. Nan Pòtoprens pa egzanp se depi 4 ane Asiz jidisyè ak asistans jiri te rive reyalize pandan lalwa prevwa l ap fèt chak 6 mwa. Kòmsi klou a pat ase, akoz otorite yo pa janm peze l jounen jodia li tounen apse. Bandi pran kontwòl palè jistis Pòtoprens lan epi mete dife nan Pakè Kwadèboukè a. Pil kriminèl ap kontinye mache sou moun pandan jij, komisè gouvènman pa ka fè travay yo.
Ane jidisyè a fini san li pa te janm kòmanse an reyalite pou anpil moun ki ap tann jistis. Dosye yo, sa bandi pa boule yo, monte pil sou pil. Nan prizon yo se kwense moun met moun! Kote siksè a?
Abigaelle PIERRE
- Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
- Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
- Sa nou bay pòv se Bondye nou prete l
- Ariel chanpyon!
- « M pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon », Mèt Durand Charles Edouard
- Pral gen kouri?
- Otorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
A lire aussi
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
Dosye kannal la tounen yon patat cho nan men pouvwa dominiken an. Nan echanj ak laprès LA Semanal, Prezidan Luis Abinade...
Publié hier, à 02:40 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureForce onusienne : le MOPOD rappelle ce dont Haïti a besoin
Le Mouvement populaire patriotique dessalinien comme d’autre structures et personnalités a fixé ses positions sur le dép...
Publié le 24 août 2023, à 10:31 AM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureDéploiement d’une force internationale en Haïti : la population a tranché !
Plus de 60 % de la population est d’accord que la PNH a besoin de l’appui d’une force internationale. C’est ce qu’a révé...
Publié le 10 août 2023, à 03:21 PM • Paul Martial • 3 min de lecture« M pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon », Mèt Durand Charles Edouard
Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, pa t pran tan pou fè limyè sou videyo ki t ap sikile yo. Li rekonè...
Publié le 7 août 2023, à 02:14 PM • Stevens Jean François • 5 min de lecture« Aksyon Komisè Gouvènman Okap la raple m peryòd Tonton Makout yo », Mèt Samuel Madistin
Nouvo Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, lakoz yon pakèt pale anpil sou rezo sosyal yo 3 semèn apre e...
Publié le 4 août 2023, à 05:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureInsécurité à Pilate et Limbé : la structure "Les Christophiens en Marche" attend toujours des actions concrètes de la PNH-Nord
Le climat sécuritaire s'est détérioré à Pilate et Limbé, deux communes du département du Nord. Assassinats, vols, viols...
Publié le 31 juillet 2023, à 02:55 PM • Annie Francois • 3 min de lectureLutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
Aktyèlman, plis pase yon milyon kretyen vivan ki rete nan zòn metwopòl Pòtoprens lan nan ensekirite alimantè. Sitiyasyon...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:03 PM • Annie Francois • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.