Dosye kagezon zam ak bal nan ladwann Pòtoprens: dokiman yo pale
Papye ajan ladwann Pòtoprens yo, pa marande ditou ak sa chak pati ki konsène yo ap di. Kòmkwa sa tout moun ap li a se manti. Ni Legliz Episkopal, ni konpayi ki te voye kontenè a ni moun ki pou te resevwa li pa gen anyen pou wè ak koze sa.

Sa n ap viv nan dosye sa, se yon bèl egzanp ti pawòl sa granmoun lontan yo te konn di : "Depi bagay la pa bon ou p’ap jwenn kiyès fè li. Si li te bon, yo t’ap goumen pou di se yo". Se vre wi, otorite yo jwenn ayè 14 jiyè 2022 a : 18 zam lagè, kat 9 milimèt, 14 646 bal, 140 chajè, yon linèt pou vize epi yon kantite fo lajan ameriken ki monte 50 mil dola. Epi sa ou tande a, pèsonn pa konsène. Papye ki nan men ladwann yo di yon koze, chak aktè ki konsène yo di yon lòt.
Legliz Episkopal ki dapre dokiman yo ta dwe resevwa konntenè otorite yo sa nou sot site yo ladan li lan te kouri reyaji. Dapre yon nòt pou laprès yo te deklare yo pa gen anyen pou wè ak koze dezagreman sa. Legliz la te bay detay sou pwosedi yo konn itilize pou resevwa konntenè, li te presize yo pa gen okenn kòmand, yo p’ap fè okenn demach pou dedwane konntenè nan Pòtoprens ni yo pa gen okenn pwodwi k’ap soti nan peyi letranje k’ap vini pou yo. "Si gen moun ki ale ladwann al pran konntenè sou non legliz Episkopal, li pa ka lòt bagay ke fo papye rezo kriminèl konn itilize" se sa enstitisyon an te deklare pandan li t’ap mande lajistis pou li idantifye epi pini moun ki fè zak sa.
Pou sa ki gen pou wè ak Gina J. L. Rolls ki se komisyonè ladwann ki te dwe vin pran konntenè a legliz la pa te di yon mo nan nòt la. Yo pa te pale non plis de François Samson ki te vin reprezante li e ki te jwenn arestasyon li. Dapre sa Gina J. L. Rolls ke lapolis ap chèche di jounal AyiboPost, si siyati li nan dokiman k’ap sikile sou rezo sosyal yo se paske li “broker" e sa rete nan kad travay li. Li pa te ajoute lòt detay sou sa ki gen pou wè ak sa yo jwenn anndan konntenè yo.
Konpanyi ki te pote konntenè a li menm, Alliance international Shipping LLC, lave men l nan koze sa. Dapre yon nòt AyiboPost te resevwa, konpayi a fè konnen travay yo bay kliyan konntenè vid, kliyan an mete sa l’ap mete a nan konntenè a, li sele li epi li rele yo vin pran li. Kidonk yo ap pote konntenè yo san yo pa konn sa ki ladan yo.
Jan koze sa ye la, n’ap vire an won e se nou k’ap gen tèt vire. Apre tout pale anpil Legliz Episkopal, Gina J. L. Rolls ak Alliance international Shipping LLC ki poutan ta dwe bay eleman pou pèmèt ankèt la vanse nou vin pa wè klè pi plis.
Kòm ki dirè menm jan ak Jezi se Sentespri ki fè konntenè sa rive nan dwann nan. Ann sib sa otorite yo pral jwenn nan lòt yo.
Jodel ALCIDOR
- Zam
- Bal
- Pòtoprens
- Legliz episkopal
- Gina J. L. Rolls
- Alliance international Shipping LLC
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
13 ans après le passage du séisme du 12 janvier 2010, où en est-on?
En janvier 2010, le pays dans sa quasi-totalité avait été secoué par un violent tremblement de terre de magnitude 7.3, o...
Publié le 12 janvier 2023, à 11:38 AM • Jodel Pilate • 3 min de lectureLa déclaration de l'OEA, aveu d'impuissance ou mea-culpa ?
C'est l'Organisation des états américains (OEA) qui l'a dit cette fois : la communauté internationale n'est pas exempte...
Publié le 9 août 2022, à 12:54 PM • Paul Martial • 2 min de lectureGuerre au centre-ville de Port-au-Prince : un nouvel allié accidentel aux gangs s'y mêle!
Au fil des ans, la Police Nationale d'Haïti devient une institution de plus en plus fragilisée... On connaît les mauvais...
Publié le 31 juillet 2022, à 07:34 AM • Etienne De Saint-Exil • 4 min de lecturePòdepè: ti bwa k ap pete je n nan?
Yon bann moun te konn ap ri ladwann Pòdepè, sitou lè yo tonbe sou videyo kote se sou kannòt yo ap dedwane machin. Pa gen...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:54 PM • Paul Martial • 2 min de lecturePolitique : Moïse Jean-Charles fait commerce de ses charmes
L'ancien adversaire farouche au régime du PHTK a enfin retrouvé sa voix! Il a annoncé son intention de mobiliser la popu...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:50 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureMouche Ariel ou p ap dirije anyen, se pa move nouvèl ?
Dirijan yon peyi gen pouvwa enfliyanse avni chak grenn moun k ap viv ladan l. Desizyon yo pran ka fè peyi a vin pi bon o...
Publié le 11 juillet 2022, à 07:41 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureAssassinat de Jovenel Moïse: un an après, que faut-il croire?
Le président Jovenel Moïse a été assassiné en sa résidence privée dans les hauteurs de Pétion-Ville dans la soirée du 6...
Publié le 7 juillet 2022, à 01:30 PM • Etienne De Saint-Exil • 2 min de lecturePlus de mystère : c'est Jovenel qui a assassiné le Président Moïse
Un an depuis que la République a appris que son 58ème Chef d'État a trouvé la mort, des zones d'ombres persistent. Le "t...
Publié le 7 juillet 2022, à 01:19 PM • Jojo Psycho • 3 min de lectureLe Palais de justice contrôlé par des gangs: Ariel en rit!
Depuis près de quinze jours, des membres de gangs armés occupent les locaux du Palais de justice de Port-au-Prince. Malg...
Publié le 30 juin 2022, à 09:01 AM • Jodel Pilate • 3 min de lectureLe 7 juillet est déclaré férié paradoxalement l'enquête est au point mort
Le 7 juillet prochain ramène le premier anniversaire de l'assassinat du Président Jovenel Moïse. Le Gouvernement s'accor...
Publié le 25 juin 2022, à 07:07 AM • Abigaelle Pierre • 1 min de lectureFin du mandat du BINUH, retour à la case départ?
Le mandat du BINUH arrive bientôt à expiration. Le Conseil de sécurité de l'ONU devra-t-il faire machine arrière et opte...
Publié le 16 juin 2022, à 09:15 PM • Marckendy Dorsainvil • 4 min de lectureAttaque contre le Palais de Justice : qui va laver cet affront?
Cinq jours après la prise de contrôle du Palais de Justice de la Capitale haïtienne par des bandits armés, la réponse ad...
Publié le 16 juin 2022, à 02:17 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureInsécurité : Port-de-Prince, ville conquise!
Pendant toute une année, le regard de la population s'est tournée vers la troisième circonscription de Port-au-Prince où...
Publié le 15 juin 2022, à 05:18 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureAttaque du Palais de justice: un symbole de plus de la déchéance de l'État
Des hommes lourdement armés identifiés comme des soldats d'IZO 5 ont tenté, vendredi dernier, de prendre le contrôle du...
Publié le 12 juin 2022, à 01:44 PM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel Henry est-il tombé en disgrâce?
Arrivé à la tête de la primature quelques semaines après l'assassinat de Jovenel Moise, Ariel Henry, que l'on croyait bé...
Publié le 10 juin 2022, à 07:15 PM • Paul Martial • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.