Mouche Ariel ou p ap dirije anyen, se pa move nouvèl ?
Dirijan yon peyi gen pouvwa enfliyanse avni chak grenn moun k ap viv ladan l. Desizyon yo pran ka fè peyi a vin pi bon oubyen pi mal. Gouvènman de fakto Ariel Henry chwazi pa fè anyen pou amelyore sitiyasyon Ayiti. E depi w di sa, pou PM nan se move nouvèl w ap bay.

Chak jou ki pase peyi a ap pi mal. Kriz ki t ap taye banda nan peyi a depi plizyè dizèn ane a vin jeneralize e li vin pran yon fòm nou pa ta imajine. Enstitisyon yo fin tonbe e jodia se bandi k ap fè lalwa. Se vre nou pa konn ak ki Konstitisyon n ap sèvi, se vre anpil pou n pa di tout enstitisyon nan peyi a fin kraze men dapre anpil moun sitiyasyon sa te dwe pito louvri je n, frape konsyans nou epi pouse n aji pou chanje sa. Malerezman se pa chwa sa ekip ki sou pouvwa a fè.
Se vre an Ayiti nou pa gen otrich. Men anpil nan nou, chak fwa nou tande reyaksyon bèt sa devan danje toujou kritike l. Mal chans pou nou yon konpòtman ki pi mal ekip k ap mennen "tranzisyon" sa genyen. Yo pa senpman bouche je yo pou yo pa wè danje a, yo prefere fè kòmsi l pat egziste. Sitou se pa yo k ap viktim.
Deklarasyon mouche Ariel sou prezans bandi yo nan Palè Jistis Pòtoprens la montre n a klè poukisa peyi a konsa. "Pa gen bandi nan Palè Jistis […] w ap bay move nouvèl" se sa PM nan te reponn jounalis Radyo Zénith, Robest Dimache, ki te mande l kisa ekip la konte fè. Poutan tout moun konnen bandi okipe anba a vre. Menm jan Matisan pa bon depi yon lane. Bèlè, Tokyo, San Fil, Kwabosal, yon bout nan Dèlma, Pènye, Kwadèboukè, Site Solèy elatriye se bandi k ap fè lalwa. Anyen pa fèt pou chanje sa tout bon, se petèt move nouvèl pou Mouche Ariel tou.
Ensekirite ap vale teren, lajounen kou lannuit kidnapè ap feraye. Pri manje ap monte. Prèske mwatye nan popilasyon an nan ensekirite alimantè. Depi plis pase yon ane moun pa ka jwenn gaz nan ponp regilyèman. Anyen pa fèt pou aji sou sa yo. PM/Prezidan Ariel Henry tou pwisan pa gen kontwòl anyen.
Si peyi a pa pi mal pase jan l ye a se pa fot Ariel. Li fè tout sa ki posib deja pou sa. Erezman pou nou gen kèk bagay ki anpeche sa. Men si n pa aji pita ap pi tris. Anpil moun ap mande n swiv egzanp pèp Skri Lanka a, poutan nou pa ka fè tankou yo. Paske sitiyasyon n nan pi grav. Jodia nou dwe, gonfle ponyèt nou pou n chanje sitiyasyon n ak reyalite jenerasyon k ap vini yo.
Jodel ALCIDOR
- Ayiti pran nan konplo! Zòt rayi li pou endepandans 1804
- Ane akademik 2022-2023 : paran nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan gen anpil kè kase
- Ane jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
- Ayiti kriz marinen ak kriz: Yon maleng nou riske pa ka niche!
- Aktivite ekonomik yo ralanti nan mond la, ki espwa pou Ayiti ki an mal makak depi 3 lane?
- Ariel Henry, audace? En-veux-tu, en voilà...
- Ekonomi: Bilan yon ane Ariel Henry, se apse sou klou
A lire aussi
- Ariel Henry
- Ayiti
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
13 ans après le passage du séisme du 12 janvier 2010, où en est-on?
En janvier 2010, le pays dans sa quasi-totalité avait été secoué par un violent tremblement de terre de magnitude 7.3, o...
Publié le 12 janvier 2023, à 11:38 AM • Jodel Pilate • 3 min de lectureLa déclaration de l'OEA, aveu d'impuissance ou mea-culpa ?
C'est l'Organisation des états américains (OEA) qui l'a dit cette fois : la communauté internationale n'est pas exempte...
Publié le 9 août 2022, à 12:54 PM • Paul Martial • 2 min de lectureGuerre au centre-ville de Port-au-Prince : un nouvel allié accidentel aux gangs s'y mêle!
Au fil des ans, la Police Nationale d'Haïti devient une institution de plus en plus fragilisée... On connaît les mauvais...
Publié le 31 juillet 2022, à 07:34 AM • Etienne De Saint-Exil • 4 min de lecturePòdepè: ti bwa k ap pete je n nan?
Yon bann moun te konn ap ri ladwann Pòdepè, sitou lè yo tonbe sou videyo kote se sou kannòt yo ap dedwane machin. Pa gen...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:54 PM • Paul Martial • 2 min de lectureDosye kagezon zam ak bal nan ladwann Pòtoprens: dokiman yo pale
Papye ajan ladwann Pòtoprens yo, pa marande ditou ak sa chak pati ki konsène yo ap di. Kòmkwa sa tout moun ap li a se ma...
Publié le 15 juillet 2022, à 06:41 PM • Jodel Pilate • 3 min de lecturePolitique : Moïse Jean-Charles fait commerce de ses charmes
L'ancien adversaire farouche au régime du PHTK a enfin retrouvé sa voix! Il a annoncé son intention de mobiliser la popu...
Publié le 12 juillet 2022, à 08:50 PM • Jodel Pilate • 3 min de lectureAssassinat de Jovenel Moïse: un an après, que faut-il croire?
Le président Jovenel Moïse a été assassiné en sa résidence privée dans les hauteurs de Pétion-Ville dans la soirée du 6...
Publié le 7 juillet 2022, à 01:30 PM • Etienne De Saint-Exil • 2 min de lecturePlus de mystère : c'est Jovenel qui a assassiné le Président Moïse
Un an depuis que la République a appris que son 58ème Chef d'État a trouvé la mort, des zones d'ombres persistent. Le "t...
Publié le 7 juillet 2022, à 01:19 PM • Jojo Psycho • 3 min de lectureLe Palais de justice contrôlé par des gangs: Ariel en rit!
Depuis près de quinze jours, des membres de gangs armés occupent les locaux du Palais de justice de Port-au-Prince. Malg...
Publié le 30 juin 2022, à 09:01 AM • Jodel Pilate • 3 min de lectureLe 7 juillet est déclaré férié paradoxalement l'enquête est au point mort
Le 7 juillet prochain ramène le premier anniversaire de l'assassinat du Président Jovenel Moïse. Le Gouvernement s'accor...
Publié le 25 juin 2022, à 07:07 AM • Abigaelle Pierre • 1 min de lectureFin du mandat du BINUH, retour à la case départ?
Le mandat du BINUH arrive bientôt à expiration. Le Conseil de sécurité de l'ONU devra-t-il faire machine arrière et opte...
Publié le 16 juin 2022, à 09:15 PM • Marckendy Dorsainvil • 4 min de lectureAttaque contre le Palais de Justice : qui va laver cet affront?
Cinq jours après la prise de contrôle du Palais de Justice de la Capitale haïtienne par des bandits armés, la réponse ad...
Publié le 16 juin 2022, à 02:17 PM • Jodel Pilate • 2 min de lectureInsécurité : Port-de-Prince, ville conquise!
Pendant toute une année, le regard de la population s'est tournée vers la troisième circonscription de Port-au-Prince où...
Publié le 15 juin 2022, à 05:18 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureAttaque du Palais de justice: un symbole de plus de la déchéance de l'État
Des hommes lourdement armés identifiés comme des soldats d'IZO 5 ont tenté, vendredi dernier, de prendre le contrôle du...
Publié le 12 juin 2022, à 01:44 PM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel Henry est-il tombé en disgrâce?
Arrivé à la tête de la primature quelques semaines après l'assassinat de Jovenel Moise, Ariel Henry, que l'on croyait bé...
Publié le 10 juin 2022, à 07:15 PM • Paul Martial • 2 min de lecture
Aucun commentaire
Contributions
Aucun commentaire !
Soyez le premier à commenter cet article.