LAREZISTANS egzije RESTITISYON

Ansanm òganizasyon sosyo-politik ki manm LAREZISTANS yo, lonje dwèt sou Lafrans ak Etazini ki, dapre yo, bati ak san pèp ayisyen. Yo egzije pou peyi sa yo remèt lajan doub dèt endepandans la, rezèv lò peyi a ansanm ak zile Lanavaz.

LAREZISTANS egzije RESTITISYON

Pati INITE, AFKA, CRERS, PLATFÒM DINAMIK PETYONVIL, NOU PAP KONPLIS, POZA ak ACHATAMOD, se ansanm òganizasyon sosyo-politik ki mete tèt yo ansanm epi monte yon gwo estrikti ki pote non LAREZISTANS. Nan yon nòt pou laprès ki te pibliye nan fen mwa jen an, estrikti sa pa te mete dlo nan bouch li pou li retounen sou gwo bagay zansèt pèp ayisyen an fè deja. 

LAREZISTANS fè pèp la sonje "zansèt nou yo ekri pi gwo listwa mond sa. Yo aboli lesklavaj, yo kreye yon Nasyon, yo kreye Dwazimen pou mond lan. Nou te montre frè ak sè esklav yo gou libète ak opresè nou yo laverite ki se dwa nou genyen menm jan ak yo, nou pa machandiz ni byen". Poutan, pandan jenn nasyon an t’ap fè jefò pou li te ka desinen yon demen miyò pou pitit li yo, Lafrans te deside mete li ajenou. 

Zafè yon nanchon nèg ak nègès lib epi libè sa pat bon nan je kolon esklavajis yo. Se konsa, LAREZISTANS fè nou sonje "Charles X nan lane 1825 voye plizyè flòt Fransè menase peyi nou, fòse nou pwan ponya nan bank lakay yo pou nou peye yo 150 milyon fran pou rekonèt nou endepandan, akapare tout sous ki ka bay peyi a lajan pou kraze baz devlopman peyi nou pou kondisyone sa nap viv Jodi ak dèt endepandans. Poutan se yo ki te dwe dedomaje chak Ayisyen pou sa yo fè nou sibi e paske Anperè Jean Jacques Dessalines te bat lame Napoléon byen bat". Mizè pèp la pa te kanpe la, lòt manchon te vin souse resous li apre sa.

Etazini Amerik (USA) vin antre nan wonn nan. LAREZISTANS pa bliye sa. Yo fè nou sonje yo te "pase pwan ti rès la, pilonnen souverente nou, vòlè rezèv lò nou, retounen nou nan lesklavaj nan lane 1915 sou non lokipasyon, chanje konstitsyon peyi nou, USA sa kenbe annotaj on pati teritwa peyi a ki se Lanavaz anba je nasyon zini."

Zak sa yo, gen anpil konsekans sou fason n’ap viv jounen jodia. Anpil analis politik ak istoryen di sa. Nan je ansanm òganizasyon ki nan LAREZISTANS yo, bagay la klè tankou dlo kòk. "Si jodi a n’ap viv sa n’ap viv yo, nou pèdi respè devan peyi frè ak sè nou yo (lafrik), si jodi a Ayisyen pa ka manje, Gang anvayi nou, kraze mache touristik nou, se Lafrans ak USA ki lakòz, zam k’ap tiye pitit peyi a ki fè masak, kidnapin ak asasina yo soti USA". Se pou sa "Ansanm Òganizasyon Sosyo-Politik ki siyen nòt sa kanpe yon gwo zouti ki se LAREZISTANS pou egzije RESTITISYON DOUB DÈT ENDEPANDANS lan REZÈV Lò ak LIL LANAVAZ. REPARASYON, pou verite sa yo sispann kache pou yo nan liv sou entènèt elatriye pou lave lonè nou. Pou jenerasyon kila e sila k’ap vini yo konnen peyi lafrans bati sou san esklav, ekonomi USA bati ak san pèp Ayisyen, bank peyi sa yo gen kòb, Lò ak zonbi Ayisyen e Afriken".

"Batay la ap long, n’ap tann tout òganizasyon konsyan ki vle mennen Lit diyite Pèp Ayisyen an rejwenn LAREZISTANS. Pou nou reveye tout peyi viktim kolon sa yo pou REZISTANS mennen DELIVRANS" se konsa nòt sa ki gen siyati Bernard Winder, René Marie Carmella, Etienne Bergeline, Cassandra Kettia Noël, Jonathan Renois, Desaguste Johnny Rodriguez ak Windy Alcima te konkli.

Moun sa enterese ka kontakte LAREZISTANS nan nimewo sa yo (509) 3997- 1974, 3483-5017 ak 4937-2926.

 

Abigaëlle PIERRE


    Thèmes associés

  • Ayiti

Aucun commentaire

Contributions

Aucun commentaire !

Soyez le premier à commenter cet article.

Même rubrique

Les articles de la même rubrique


Abonnez-vous à notre infolettre

Saisissez votre adresse e-mail pour recevoir une notification par e-mail de chaque nouvel article.

Rejoignez les 3 060 autres abonnés!

Appuyer sur la touche "Entrée" pour effectuer une recherche.

Articles populaires

Paramètre du site

Thème