Dapre PAM, plis pase yon milyon moun nan Pòtoprens nan ensekirite alimantè
Aktyèlman, plis pase yon milyon kretyen vivan ki rete nan zòn metwopòl Pòtoprens lan nan ensekirite alimantè. Sitiyasyon sa vin pi malouk akoz vyolans bandi ak zam yo ki pa sispann fè move zak nan zòn ki tou pre kapital la.

Pwogram alimantè mondyak (PAM), mande otorite an Ayiti yo pou voye je sou ensekirite alimantè a ki se yon kalamite k’ap vale teren nan peyi a. Nan Pòtoprens sèlman, plis pase yon milyon moun ap soufri akoz yo pa ka jwenn manje. Yo ap tann yon entèvansyon rapid.
Dènye tan sa yo, gen plis moun ki vin nan sitiyasyon malouk sa. Gwoup nèg ak gwo zam k’ap pouse tankou djondjon nan zòn kapital la se yonn nan rezon ki lakoz sa. Anplis yo anpeche moun ak machandiz sikile lib e libè, gwoup moun ak zam sa yo ap goumen ant yo nan plizyè katye ki tou pre kapital la. Sitiyasyon sa lakoz sitwayen onèt epi pezib oblije kouri kite kay yo, biznis ki nan zòn nan oblije fèmen pòt yo tou, elatriye. Kòm rezilta: "plis pase yon milyon moun nan ensekirite alimantè" se sa Direktè PAM an Ayiti, Jean Martin BAEUR fè konnen.
''Pandan 90 dènye jou yo, sitiyasyon an vin pi mal. Pèsonn pa gen kontwòl li dapre enfòmasyon nou genyen. Plis pase yon milyon moun nan pi wo nivo ensekirite alimantè'' dapre responsab òganis nasyon zini ak FAO sa ede moun nan bay manje.
Pwoblèm ensekirite alimantè sa toupatou. Dapre Konsèy nasyonal pou sekirite alimantè, plis pase 4.5 milyon moun pa ka jwenn manje nan peyi a. Fas a reyalite sa, gouvènman an prevwa dekese 4 milya goud, yon fason pou li ka tante rezoud pwoblèm sa ki grav anpil. Malerezman se menm ti chante a: pwogram asistans sosyal ki an reyalite p’ap bay okenn rezilta vre. Moun ki rich yo pral vin pi rich sou do malere yo.
Ki jou se moun chodyè a monte sou non yo a ki va jwenn manje lè li pare?
Annie FRANÇOIS
- Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
- Enfeksyon, moun kole ak tonbe ansent se kèk danje ki gen nan fè bagay nan dlo
- Sa nou bay pòv se Bondye nou prete l
- Ariel chanpyon!
- Pral gen kouri?
- Ayiti pran nan konplo! Zòt rayi li pou endepandans 1804
- Ane akademik 2022-2023 : paran nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan gen anpil kè kase
A lire aussi
- PAM
- Ayiti
- Ensekirite alimantè
- Jean Martin BAEUR
Thèmes associés
Même rubrique
Les articles de la même rubrique
Gouvènman dominken an pa ekate posiblite pou devye rivyè Masak la
Dosye kannal la tounen yon patat cho nan men pouvwa dominiken an. Nan echanj ak laprès LA Semanal, Prezidan Luis Abinade...
Publié hier, à 02:40 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureForce onusienne : le MOPOD rappelle ce dont Haïti a besoin
Le Mouvement populaire patriotique dessalinien comme d’autre structures et personnalités a fixé ses positions sur le dép...
Publié le 24 août 2023, à 10:31 AM • Abigaelle Pierre • 4 min de lectureDéploiement d’une force internationale en Haïti : la population a tranché !
Plus de 60 % de la population est d’accord que la PNH a besoin de l’appui d’une force internationale. C’est ce qu’a révé...
Publié le 10 août 2023, à 03:21 PM • Paul Martial • 3 min de lecture« M pa gen okenn pwoblèm avèk okenn moun ni estil yo. M gen pwoblèm ak moun k ap komèt enfraksyon », Mèt Durand Charles Edouard
Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, pa t pran tan pou fè limyè sou videyo ki t ap sikile yo. Li rekonè...
Publié le 7 août 2023, à 02:14 PM • Stevens Jean François • 5 min de lecture« Aksyon Komisè Gouvènman Okap la raple m peryòd Tonton Makout yo », Mèt Samuel Madistin
Nouvo Komisè Gouvènman Okap la, Mèt Durand Charles Edouard, lakoz yon pakèt pale anpil sou rezo sosyal yo 3 semèn apre e...
Publié le 4 août 2023, à 05:28 PM • Stevens Jean François • 3 min de lectureInsécurité à Pilate et Limbé : la structure "Les Christophiens en Marche" attend toujours des actions concrètes de la PNH-Nord
Le climat sécuritaire s'est détérioré à Pilate et Limbé, deux communes du département du Nord. Assassinats, vols, viols...
Publié le 31 juillet 2023, à 02:55 PM • Annie Francois • 3 min de lectureLutte contre la violence sexuelle : le CAPAC est à pied d’œuvre dans la région métropolitaine de Port-au-Prince
Le Centre d’Animation Paysanne et d’Action Communautaire (CAPAC) a lancé, le vendredi 13 janvier 2023, une campagne d'in...
Publié le 18 janvier 2023, à 03:35 PM • Annie Francois • 3 min de lectureDes blindés destinés à la MINUSTAH expédiés directement au Brésil
Seulement 4 des 30 blindés que les autorités brésiliennes avaient commandés pour une opération de la Paix en Haïti sont...
Publié le 9 janvier 2023, à 01:04 PM • Stevens Jean François • 4 min de lectureOtorite yo deside mete TPI Kwadèboukè a Taba
Apre bandi yo idantifye kòm manb 400 Mawozo te fin met dife Pakè ki nan menm espas ak TPI (Tribunal de première instance...
Publié le 5 août 2022, à 08:10 PM • Annie Francois • 2 min de lectureLes compagnies pétrolières reduisent leur commande de 50%
La résolution de la crise du carburant sur le marché local n'est pas pour demain. Les compagnies chargées de placer des...
Publié le 4 août 2022, à 10:58 AM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLiné BALTHAZAR plaide en faveur d'un nouvel accord politique
Après s'être désolidarisé de l'accord du 11 septembre 2021, le président du PHTK, Liné BALTHAZAR, plaide en faveur d'un...
Publié le 4 août 2022, à 10:46 AM • Paul Martial • 2 min de lectureCayes : manifestation, barricades, grève … la population veut se faire entendre
Des centaines de personnes ont manifesté, hier lundi, pour protester contre l'insécurité et la flambée des prix sur le m...
Publié le 2 août 2022, à 10:26 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAne jidisyè a fini : jistis la toujou malad grav
Ane jidisyè a fini jodi vandredi 29 jiyè 2022 a. Depi lè li te kòmanse premye lendi oktòb 2021 an pou rive jodia, pa gen...
Publié le 29 juillet 2022, à 03:19 PM • Abigaelle Pierre • 2 min de lectureLa PNH, laxiste avec les gangs, disperse une manifestation à Delmas
Des individus surarmés ont semé la terreur, hier mercredi, au Centre-ville de Port-au-Prince sous les yeux passifs des f...
Publié le 28 juillet 2022, à 11:04 AM • Paul Martial • 2 min de lectureAriel rèd kou ke makak!
Mouche Ariel Henry gen yon ane depi l nan tèt peyi a. Nan okazyon premye anivèsè sa, Premye Minis tou pwisan an te pwofi...
Publié le 22 juillet 2022, à 03:46 PM • Annie Francois • 3 min de lecture
1 commentaire
Contributions
1 commentaire
Leo Rogner
6 août 2022, à 09:08 AMFormez un parti communiste haïtien ! Créez une armée ouvrière et paysanne ! Créez des coopératives agricoles! Transformez les produits qui peuvent être fabriqués dans le pays même ! S'ils ne veulent pas ou ne peuvent pas le faire, Haïti périra, entraînant avec lui la République dominicaine !